Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

FASON N ITILIZE OFRANN NOU YO

Travay pote sekou nan ane 2021 — Nou pa abandone frè n ak sè n yo

Travay pote sekou nan ane 2021 — Nou pa abandone frè n ak sè n yo

1ye JANVYE 2022

 Pandan ane sèvis 2021 an a, moun toupatou sou tè a te soufri akoz pandemi kowonaviris la. Jan sa te parèt nan atik ki gen tit “Nou pote sekou toupatou sou tè a pandan pandemi an” nou te depanse plizyè milyon dola b pou nou pote frè n ak sè n yo sekou e nou te fè plis pase 950 komite sekou.

 Anfèt, toutpandan pandemi an t ap fè dega, te gen lòt katastwòf, swa katastwòf natirèl swa katastwòf moun lakòz, ki te touche frè ak sè nou yo toupatou sou tè a. Komite kowòdonatè Kolèj santral la te aksepte pou yo depanse 8 milyon dola pou yo ede frè ak sè yo pou plis pase 200 nan katastwòf sa yo anplis kòb yo te depanse pou kowonaviris la. Ann wè fason yo te sèvi ak ofrann ou te fè yo pou ede moun ki te viktim de nan katastwòf ki te rive sa pa gen twò lontan.

Vòlkan ki nan Mòn Nyiragongo a eklate

 Nan dat 22 me 2021, vòlkan ki nan Mòn Nyiragongo a, ki nan Repiblik demokratik Kongo, te eklate. Lav ki te sot nan vòlkan an te detwi kay, lekòl ak yon rezèvwa dlo. Men, se pa t lav la ki te danjere sèlman. Pandan plizyè jou apre vòlkan te fin eklate, te gen sann dife ki ka touye moun ki te tonbe sou vil Goma e te gen plizyè douzèn ti tranblemanntè ki te fèt. Yo te bay lòd pou plis pase mwatye moun nan vil la kite zòn nan. Plizyè santèn milye moun te kite vil la e genyen nan yo ki te travèse al nan peyi Wannda.

Komite sekou a te bay labouyi avwàn tou cho nan yon Sal Wayòm.

 Pami moun ki te kite vil la, te gen anviwon 5 000 Temwen Jewova. Gen nan yo ki te pèdi kay yo akoz vòlkan an e gen nan yo yo te piye kay yo apre yo te fin ale. Komite sekou nan peyi Wannda ak nan Repiblik demokratik Kongo te mete tèt yo ansanm pou yo ede frè yo. Men sa filyal Kongo (Kinchasa) te fè konnen konsènan youn nan komite sa yo: “Malgre vil la te tèt anba e menm anvan yo te bay lòd pou moun yo deplase kite vil la, komite a te kòmanse bay manje, dlo, kabann ak rad.” Nan youn nan vil yo, kote plis pase 2 000 nan frè ak sè nou yo te rasanble, gen yon komite sekou ki te enstale tant, ki te bay kachnen e ki te esplike fason pou yo evite pran kowonaviris ak kolera.

Frè k ap peze sak manje anvan y al pote yo bay frè ak sè ki te deplase yo.

 Pandan twa mwa ki te pase apre vòlkan an te fin eklate a, frè nou yo te gentan distribye plis pase sis tòn diri, sis tòn farin mayi, twa tòn luil pou fè manje ak twa tòn dlo. Filyal la te fè aranjman pou yo achte manje nan peyi a an gwo olye pou yo achte manje ki pi chè nan lòt peyi e konsa yo te fè ekonomi.

 Gen yon sè ki te fèk gen yon kay, men vòlkan an te kraze kay la. Men sa l di: “Nou te dekouraje anpil e nou t ap soufri”. Men, li menm ak fanmi l te resevwa èd materyèl ak ankourajman pou yo kontinye ret fidèl. Men sa l di ankò: “Avèk èd Jewova nou toujou gen sa nou bezwen. Nou te wè jan Jewova pote chay la pou nou, e li ede nou sipòte sitiyasyon an.”

Gwo pwoblèm ekonomik nan peyi Venezyela

 Sa gen plizyè ane depi gen gwo pwoblèm ekonomik nan peyi Venezyela. Lavi a rèd anpil pou frè n ak sè nou yo. Gen rate manje, e gen plis krim nan peyi a. Men, òganizasyon Jewova a pa abandone yo.

Frè ak sè k ap mete sak diri nan yon kamyon pou y al pote yo divès kote nan peyi Venezyela.

 Pandan ane sèvis ki sot pase a, yo te depanse plis pase yon milyon senk san mil dola pou yo achte manje ak savon e pou yo pote yo bay fanmi ki te bezwen sa yo. Men sa filyal Venezyela a fè konnen: “Li pa fasil ditou pou nou transpòte 130 tòn manje nan kat kwen peyi a chak mwa, epi pou n fè frè ak sè yo jwenn li.” Byen souvan, frè yo konn achte manje ki ka dire pi lontan yon fason pou manje a pa gate. E men sa filyal la ajoute: “Nou achte pifò manje an gwo e nan sezon ak nan moman kote yo pi bon mache. Apre sa nou sèvi ak mwayen k ap pèmèt nou fè plis ekonomi pou nou transpòte manje sa a bay frè ak sè yo.”

Akoz pwoblèm gaz e piske pa t gen machin ki te disponib, plizyè jèn frè te fè antou 18 kilomèt sou bekàn pou y al pote manje pou frè ak sè nan kongregasyon yo.

 Leonel se yon frè ki fè pati komite sekou lè gen dezas nan peyi Venezyela. Li renmen asiyasyon l genyen an. Men sa l di: “Travay pote sekou a bèl anpil. Privilèj sa a vrèman ankouraje m depi lè madanm mwen te fin mouri anba kowonaviris la. Mwen gen anpil travay e mwen santi m itil toutpandan m ap ede frè ki nan bezwen yo. Mwen wè ak de je m fason Jewova kenbe pwomès li fè pou l pa abandone pèp li a.”

 Pami frè ki te resevwa èd yo, gen yon frè te konn fè pati komite sekou anvan sa. Men sa l di: “Kounye a, se mwen ki bezwen èd. Mwen menm ak madanm mwen pa t annik resevwa èd nan domèn materyèl, men frè yo te ede nou tou pou nou rete kalm. Yo te gen sousi pou nou, yo te konsole nou e yo te ankouraje nou.”

 Gen katastwòf ki frape swa moun yo jwenn yon ti avètisman, swa l frape san avèti. Men, byen souvan, òganizasyon Jewova a rive jwenn èd e yo distribye èd sa a rapid grasa ofrann ou fè pou travay mondyal la. W ap jwenn kèk nan fason ou kapab fè ofrann sa yo sou donate.mt711.com. Nou vrèman kontan dèske nou se moun ki renmen bay.

a Ane sèvis 2021 an te kòmanse 1ye septanm 2020, e li te fini 31 out 2021.

b Lè yo pale de dola nan atik sa a y ap pale de dola ameriken.