Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske sa Bib la di sou kondisyon Juif ki te ann egzil Babilòn yo egzak?

Èske sa Bib la di sou kondisyon Juif ki te ann egzil Babilòn yo egzak?

 Sa fè 2 600 an, babilónyen yo te fòse pèp Izrayèl la kite peyi yo pou y al Babilòn, e se la yo te rete kòm egzile pandan 70 an. Dapre sa Bib la di, Bondye te prevwa nan ki kondisyon Juif ki te ann egzil yo t ap gen pou yo viv nan Babilòn. Yo t ap: “Bati kay epi abite ladan yo. Fè jaden epi manje bagay ki sot nan jaden sa yo. Pran fi pou [yo] marye epi fè pitit gason ak pitit fi. [...] Se pou [yo te] travay pou gen lapè nan vil kote [li te] voye [yo] ann egzil la.” (Jeremi 29:1, 4-7). Èske Juif yo te vrèman viv nan kondisyon sa yo?

 Moun k ap fè rechèch yo egzamine plis pase 100 tablèt ki fèt ann ajil yo panse ki soti nan Babilòn oswa nan zòn Babilòn. Tablèt yo montre gen anpil Juif ki te ann egzil ki te kenbe koutim yo e ki te kontinye pratike relijyon yo a toutpandan yo te soumèt anba otorite Babilòn yo. Tablèt sa yo ki la depi 572 rive 477 anvan epòk nou an gen ladan yo kontra lokasyon, pwojè biznis, pwomès dèt ak lòt dokiman ki gen rapò ak jere lajan. Yon liv enteresan sou kesyon sa a di: “Tout dokiman sa yo pèmèt nou wè ki jan moun sa yo ki te tankou nou tout te viv nan pwovens sa a, nou kapab wè fason yo te konn travay jaden yo, jan yo te konstwi kay yo, jan yo te konn peye taks e jan yo te konn rann wa peyi a sèvis.”

Yon tablèt ann ajil ki gen ekriti ki grave sou li yo jwenn Judahtown.

 Dokiman sa yo pèmèt nou konprann tou te gen yon kominote Juif ki pa t piti yon kote yo rele Al Yahudu oswa Judahtown. Genyen non kat jenerasyon moun nan yon fanmi Juif ki ekri sou tablèt sa yo, e pami non sa yo genyen ki ekri avèk ansyen karaktè ebre. Anvan yo te dekouvri tablèt sa yo, espè yo te apèn konnen kèk bagay sou fason Juif ki te ann egzil Babilòn yo te viv. Filip Vukosavović, ki fè pati konsèy administratif otorite ki jere tout sa ki gen rapò ak antikite pèp Izrayèl (Israel Antiquities Authority) di: “Finalman, grasa tablèt sa yo, nou kapab aprann plis sou Juif sa yo ki te ann egzil, non yo, kote yo te viv, ki lè e sa yo te konn fè.”

Juif ki te ann egzil yo te gen libète pou chwazi kote yo te vle abite ak aktivite yo te vle fè.

 Juif ki te ann egzil yo te gen libète pou yo chwazi kote yo te vle abite ak aktivite yo te vle mennen. Mesye Vukosavović di: “Se pa Al-Yahudu sèl yo te viv men, nan yon douzèn lòt vil tou.” Pami Juif sa yo, gen ki te vin devlope kapasite nan divès komès, sa ki t ap pral yon avantaj pou yo lè yo t ap gen pou yo rebati Jerizalèm (Neyemi 3:8, 31, 32). Tablèt yo te jwenn Al-Yahudu yo ban nou konfimasyon anpil Juif te chwazi rete Babilòn apre egzil yo a te rive nan bout li. Sa montre, an reyalite Juif yo te viv an pè lè yo te Babilòn, jan Bondye te di yo sa.