1 Jan 2​:​1-29

  • Jezi se yon sakrifis ki rekonsilye nou ak Bondye (1, 2)

  • Obeyi kòmandman l yo (3-11)

    • Ansyen kòmandman an ak kòmandman ki nouvo a (7, 8)

  • Rezon ki fè apot la ekri lèt sa a (12-14)

  • Pa renmen monn nan (15-17)

  • Yo avèti nou kont antikris la (18-29)

2  Timoun mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou ka pa fè peche. Men, si yon moun ta fè yon peche, nou gen yon èd* bò kot Papa a, se Jezi Kris+, yon moun ki jis+.  Li se yon sakrifis pou peche nou+, yon sakrifis ki rekonsilye nou ak Bondye*+, e se pa pou peche pa nou sèlman, men se pou peche lemonnantye tou+.  E men kòman n ap wè si nou konnen l: se si nou kontinye obeyi kòmandman l yo.  Yon moun ki di: “Mwen konnen l”, epoutan li pa obeyi kòmandman l yo, moun sa a se yon mantè, e laverite pa nan li.  Men, si yon moun obeyi pawòl li, lanmou pou Bondye vin konplè nan moun sa a toutbonvre+. Konsa, nou konnen nou ann inyon avèk li+.  Si yon moun di li ret ann inyon avèk li, moun sa a gen obligasyon pou l kontinye mache jan Jezi te mache a+.  Byenneme, m ap ekri nou yon kòmandman ki pa nouvo, se yon ansyen kòmandman, yon kòmandman nou te genyen depi okòmansman+. Ansyen kòmandman sa a se pawòl nou te tande a.  Epoutan, m ap ekri nou yon kòmandman ki nouvo, yon kòmandman ni li menm ni nou menm te suiv, paske fènwa a ap pase e vrè limyè a deja ap klere+.  Yon moun ki di li nan limyè epoutan li rayi frè l+, se yon moun ki nan fènwa toujou+. 10  Yon moun ki renmen frè l, se yon moun ki rete nan limyè+, e nan ka pa l, pa gen anyen ki ka fè l bite. 11  Men, yon moun ki rayi frè l, se yon moun ki nan fènwa, e l ap mache nan fènwa+. Li pa konn kote l prale+, paske fènwa a bouche je l. 12  Timoun mwen yo, m ap ekri nou paske peche nou yo jwenn padon poutèt non li+. 13  Papa m yo, m ap ekri nou paske nou vin konnen l, li menm ki la depi okòmansman an. Jèn yo, m ap ekri nou paske nou pot laviktwa sou Mechan an+. Timoun mwen yo, m ap ekri nou paske nou vin konnen Papa a+. 14  Papa m yo, m ap ekri nou paske nou vin konnen l, li menm ki la depi okòmansman an. Jèn yo, m ap ekri nou paske nou djanm+, pawòl Bondye a rete nan nou+ e nou pot laviktwa sou Mechan an+. 15  Pa renmen monn nan, ni bagay ki nan monn nan+. Si yon moun renmen monn nan, lanmou pou Papa a pa nan li+. 16  Paske tout sa ki nan monn nan, tankou dezi lachè+, dezi je+ ak egzibisyon yon moun ap fè ak mwayen l genyen pou l viv*, pa soti nan Papa a, men yo soti nan monn nan. 17  Anplis de sa, se pase monn nan ap pase, e dezi li genyen+ ap pase tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan+. 18  Timoun mwen yo, se nan dènye èdtan an nou ye, e kòm nou te tande antikris* la ap vini+, ebyen depi kounye a gen anpil antikris ki parèt+. Se sa k fè nou konnen se nan dènye èdtan an nou ye. 19  Yo soti nan mitan nou, men yo pa t menm jan avèk nou*+. Paske si yo te menm jan avèk nou, yo t ap rete ansanm avèk nou. Men yo soti pou sa ka parèt aklè se pa tout moun ki menm jan avèk nou+. 20  E nou gen yon onksyon* ki soti nan Bondye ki sen an+. Nou tout gen konesans. 21  Se pa paske nou pa konnen laverite+ ki fè m ap ekri nou, men se paske nou konnen l, e se paske okenn manti pa soti nan laverite+. 22  Kiyès ki mantè a, si se pa moun ki nye se Jezi ki Kris la+? Men antikris la+: se moun ki nye Papa a ak Pitit la. 23  Tout moun ki nye Pitit la pa ann inyon ak Papa a nonplis+. Moun ki rekonèt Pitit la+, li ann inyon ak Papa a tou+. 24  Kanta pou nou menm, se pou sa nou te tande depi okòmansman an rete nan nou+. Si sa nou te tande depi okòmansman an rete nan nou, nou menm tou, n ap rete ann inyon ak Pitit la e n ap rete ann inyon ak Papa a. 25  Anplis de sa, sa li menm li te pwomèt nou an se lavi ki pap janm fini an+. 26  M ap ekri nou bagay sa yo konsènan moun k ap eseye twonpe nou yo. 27  E kanta pou nou menm, onksyon nou te resevwa nan men l +lan rete nan nou, e nou pa bezwen pèsonn anseye nou. Men, onksyon sa a anseye nou sou tout bagay+, e li se laverite, li pa yon manti. Menm jan li anseye nou an, se pou nou rete ann inyon ak sila a ki te bay li a+. 28  Donk, kounye a, timoun, rete ann inyon avèk li, pou nou ka alèz pou nou pale+ e pou nou pa rete lwen l tou wont lè l parèt aklè pandan prezans li a. 29  Si nou konnen li jis, nou konnen tou tout moun k ap pratike sa ki jis se pitit li+.

Nòt anba paj

Oswa: “nou gen yon avoka”.
Oswa: “yon sakrifis ki fè nou jwenn padon pou peche nou”.
Oswa: “ak lwanj yon moun ap fè pou sa l posede”.
Sa vle di: “sila a ki kont Kris la”.
Oswa: “yo pa t pou nou”.
Mo grèk la fè referans ak “pase luil sou” oswa “vide luil sou”.