Pwovèb 14​:​1-35

  • Lapenn yon moun se nan kè l li ye (10)

  • Yon wout ki parèt dwat kapab mennen nan lanmò (12)

  • Moun ki manke konprann nan kwè tout sa moun di (15)

  • Moun ki rich la gen anpil zanmi (20)

  • Lè kè yon moun poze, sa fè tout kò l an sante (30)

14  Fi ki gen sajès toutbon an fè kay li byen mache+,Men, fi ki sòt la kraze l ak pwòp men l.   Yon moun k ap mache dwat gen lakrentif pou Jewova,Men, yon moun k ap mache nan chemen ki pa dwat* pa gen respè pou Li.   Pawòl awogan ki sot nan bouch moun sòt la tankou yon baton,Men, bouch moun ki gen sajès la ap pwoteje l.   Lè pa gen bèf, kote yo konn bay bèf yo manje a rete pwòp,Men, fòs towo bèf yo fè rekòt la anpil.   Yon temwen fidèl pap bay manti,Men, yon fo temwen bay manti san pran souf+.   Moun k ap pase moun nan rizib la chèche sajès, men li pa jwenn li,Men, moun ki gen bon konprann nan jwenn konesans byen fasil+.   Rete lwen moun sòt la,Paske ou pap jwenn konesans anba bouch li+.   Sajès fè moun ki gen lespri a konnen kote l prale,Men, moun ki sòt yo twonpe tèt yo* ak lide dwategòch yo genyen yo+.   Menm lè moun sòt yo wè yo antò, se ri yo ri*+,Men, moun ki dwat yo dispoze rekonsilye ak lòt moun*. 10  Lapenn yon moun* se nan kè l li ye.Konsa tou, pèsonn lòt moun pa ka konprann lajwa yon moun gen nan kè l. 11  Kay mechan an ap kraze+,Men, tant moun ki dwat la ap kontinye vin pi laj. 12  Gen yon wout ki parèt dwat devan yon moun+,Men, alafen, se nan lanmò li mennen+. 13  Menm lè yon moun ap ri, li gendwa gen lapenn nan kè l.E kè kontan ka fini nan lapenn. 14  Moun ki pa fidèl ak Bondye nan kè l la ap peye pou sa l fè+,Men, moun ki bon an ap jwenn rekonpans pou sa l fè+. 15  Moun ki pa konprann anyen an* kwè tout sa moun di,Men, moun ki gen lespri a veye chak pa l fè+. 16  Moun ki gen sajès la veye sou tèt li e li evite fè sa ki mal,Men, moun ki sòt la radi* e li twò kwè nan tèt li. 17  Moun ki prese fè kòlè aji tankou moun sòt+,Men, yo rayi moun ki konn reflechi*. 18  Moun ki pa konprann anyen yo* ap vin sòt,Men, konesans se yon kouwòn pou moun ki gen lespri yo+. 19  Move moun yo gen pou yo bese byen ba devan bon moun yo,E mechan yo gen pou yo met ajenou devan pòtay moun ki jis yo. 20  Lè yon moun malere, menm vwazen l rayi l+,Men, moun ki rich la gen anpil zanmi+. 21  Se yon peche sa ye lè yon moun rabese pwochen l,Men, moun ki gen pitye pou malere yo ap gen kè kontan+. 22  Èske moun k ap manniganse move plan yo pa pral nan move chemen?Men, moun ap gen lanmou* pou moun k ap chèche fè sa ki byen e y ap fidèl ak yo+. 23  Kèlkeswa kalite travay di yon moun fè gen avantaj ladan l,Men, yon moun ki ret ap pale sèlman ap vin pòv+. 24  Kouwòn moun ki gen sajès yo se richès yo,Men, se sèlman bagay sòt moun ki sòt yo fè+. 25  Yon bon temwen sove lavi* moun,Men, yon moun k ap twonpe moun bay manti san pran souf. 26  Yon moun ki gen lakrentif pou Jewova fè l konfyans nan tout bagay+,E sa ap yon pwoteksyon pou pitit li+. 27  Lakrentif pou Jewova se yon sous ki bay lavi.Li fè moun evite pyèj ki lakòz lanmò. 28  Lè yon wa ap dirije anpil moun, sa fè l gran+,Men, chèf ki pap dirije okenn moun nan pa gen pouvwa. 29  Moun ki pa fè kòlè fasil se moun ki gen anpil bon jijman+,Men, moun ki pa gen pasyans lan fè wè jan l sòt+. 30  Lè kè yon moun poze, sa fè tout kò l an sante,Men, jalouzi se tankou yon maladi k ap manje zo moun+. 31  Moun ki twonpe malere a pou l pran sa l genyen derespekte Sila a ki fè l la+,Men, moun ki gen pitye pou pòv la bay Sila a ki fè l la glwa+. 32  Se mechanste mechan an fè k ap lage l atè,Men, fidelite moun ki dwat la ap pwoteje l+. 33  Sajès ret byen trankil nan kè moun ki gen bon konprann nan+,Men, nan mitan moun ki sòt yo li oblije fè konnen l. 34  Lè yon nasyon fè sa ki dwat, li jwenn glwa+,Men, peche lage lawont sou yon pèp. 35  Yon wa kontan lè yon sèvitè l aji ak bon konprann+,Men, li fache anpil sou yon sèvitè ki aji mal+.

Nòt anba paj

Oswa: “ki kwochi”.
Se kapab tou: “moun ki sòt yo twonpe lòt moun”.
Oswa: “wè yo antò, yo pa fè anyen pou yo jwenn padon”.
Oswa: “moun ki dwat yo byen dispoze”.
Oswa: “Lapenn nanm nan genyen”.
Oswa: “ki pa gen eksperyans lan”.
Oswa: “move”.
Oswa: “moun ki aprann reflechi”.
Oswa: “ki pa gen eksperyans yo”.
Oswa: “lanmou ki fidèl”.
Oswa: “nanm”.