Jan 14​:​1-31

  • Jezi se sèl mwayen pou yon moun pwoche bò kot Papa a (1-14)

    • ‘Mwen se chemen an, verite a ak lavi a’ (6)

  • Jezi pwomèt l ap voye lespri sen (15-31)

    • “Papa a nan pi gwo pozisyon pase m” (28)

14  “Pa kite anyen boulvèse kè nou+. Demontre nou gen lafwa nan Bondye+, e demontre nou gen lafwa nan mwen tou.  Lakay Papa m gen anpil plas. Si pa t genyen, mwen t ap di nou sa. Mwen prale pou m prepare yon plas pou nou+.  Epitou, lè m ale e mwen prepare yon plas pou nou, m ap retounen e m ap resevwa nou lakay mwen, dekwa pou kote m ye se la nou ye tou+.  E nou konnen chemen kote m prale a.”  Toma+ di l: “Seyè, nou pa konn kote w prale. Kòman nou ka konnen chemen an?”  Jezi di l: “Se mwen ki chemen an+, se mwen ki verite a+ e se mwen ki lavi a+. Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm+.  Si nou konnen m, n ap konn Papa m tou. Depi kounye a, nou konnen l e nou wè l+.”  Filip di l: “Seyè, montre nou Papa a, e sa ap ase pou nou.”  Jezi di l: “Depi tout tan sa a mwen avèk nou, epoutan, Filip, ou pa rive konnen m? Moun ki wè m wè Papa a tou+. Kòman w fè di: ‘Montre nou Papa a’? 10  Èske w pa kwè mwen ann inyon ak Papa a e Papa a ann inyon avè m+? Bagay mwen di nou yo, mwen pa di yo selon mwen menm+. Men, se Papa a ki rete ann inyon avè m k ap fè travay li. 11  Nou mèt kwè m lè m di mwen ann inyon ak Papa a e Papa a ann inyon avè m. Sinon, kwè poutèt travay mwen fè yo+. 12  Anverite m ap di nou sa: Yon moun ki demontre li gen lafwa nan mwen, l ap fè travay m ap fè yo tou, e l ap fè travay ki pi gwo pase sa+, paske mwen menm, mwen pral jwenn Papa a+. 13  Epitou, kèlkeswa sa nou mande nan non m, m ap fè l, yon fason pou Papa a ka jwenn glwa pa mwayen Pitit la+. 14  Si nou mande yon bagay nan non m, m ap fè l. 15  “Si nou renmen m, n ap obeyi kòmandman m yo+. 16  M ap mande Papa a, e l ap ban nou yon lòt èd ki pou avèk nou pou toutan+. 17  Èd sa a se lespri ki fè konn verite a+, lespri monn nan pa ka resevwa a, paske li pa ni wè l ni konnen l+. Men nou menm, nou konnen l, paske li rete ansanm avèk nou e li nan nou. 18  Mwen pap kite nou poukont nou*. M ap vin jwenn nou+. 19  Nan yon tikras tan, monn nan pap wè m ankò, men nou menm, n ap wè m+, paske m ap viv e nou pral viv. 20  Jou sa a, n ap konnen mwen ann inyon ak Papa m, nou menm, nou ann inyon avè m, e mwen menm, mwen ann inyon avèk nou+. 21  Moun ki konnen kòmandman m yo e ki obeyi yo, se li ki renmen m. E moun sa a ki renmen m nan, Papa m ap renmen l, e mwen menm, m ap renmen l e m ap montre l aklè kiyès mwen ye.” 22  Jida+ (se pa Jida Iskaryòt) di li: “Seyè, sa k fè se nou ou vle montre aklè kiyès ou ye, se pa monn nan?” 23  Jezi reponn, li di l: “Si yon moun renmen m, l ap obeyi pawòl mwen+, Papa m ap renmen l, n ap vin jwenn li, e n ap abite avèk li+. 24  Moun ki pa renmen m pa obeyi pawòl mwen. E pawòl n ap tande a se pa pawòl pa m, men se pawòl Papa a ki voye m nan+. 25  “Mwen di nou bagay sa yo pandan m avèk nou toujou. 26  Men, èd la, lespri sen Papa a ap voye nan non m nan, ap anseye nou tout bagay, e l ap fè nou sonje tout bagay mwen te di nou yo+. 27  Mwen kite lapè pou nou, mwen ban nou lapè mwen genyen an+. Mwen pa ban nou l jan monn nan bay li a. Pa kite anyen boulvèse kè nou, e pa kite laperèz anvayi kè nou. 28  Nou te tande mwen di nou: ‘Mwen prale e m ap retounen vin jwenn nou.’ Si nou renmen m, n ap kontan dèske mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a nan pi gwo pozisyon pase m+. 29  Mwen di nou sa kounye a, anvan sa rive, yon fason pou nou ka kwè lè sa rive+. 30  Mwen pap pale anpil avèk nou ankò, paske chèf monn nan+ ap vini. E li pa gen pouvwa sou mwen+. 31  Men, dekwa pou monn nan ka konnen mwen renmen Papa a, mwen fè egzakteman sa Papa a ban m lòd fè+. Leve, ann sot la a.

Nòt anba paj

Oswa: “pap kite nou vin tankou òfelen”.