Jeremi 17​:​1-27

  • Peche Jida a byen anrasinen (1-4)

  • N ap jwenn benediksyon si nou fè Jewova konfyans (5-8)

  • Kè a trèt (9-11)

  • Jewova, espwa pèp Izrayèl la (12, 13)

  • Priyè Jeremi an (14-18)

  • Konsidere jou saba a kòm yon jou ki sakre (19-27)

17  “Peche Jida a ekri ak yon plim an fè.Li grave sou kè yo e sou kòn lotèl yo genyen yoAk yon zouti ki gen yon pwent an dyaman.   Menm pitit gason yo genyen yo sonje lotèl ak poto sakre ki fèt an bwa*+Ki bò kot gwo pyebwa ki sou mòn ki wo yo+,   Ki sou mòn ki nan savann yo.M ap fè yo pran richès ou yo, trezò w yo+,Wi, m ap fè yo piye kote ki wo moun ou yo fè adorasyon yo poutèt peche w fè toupatou nan tèritwa w la+.   W ap aksepte pèdi eritaj mwen te ba ou a san fòse+.M ap fè w sèvi ènmi w yo nan yon peyi ou pa konnen+,Paske w fè kòlè m limen tankou yon dife*+,E l ap rete limen pou toutan.”   Men sa Jewova di:“Malediksyon pou moun* ki mete konfyans li nan lòm parèy li+,Ki konte sou pouvwa lòm parèy li*+,E ki vire do bay Jewova.   Moun sa a ap vin tankou yon pyebwa ki poukont li nan yon dezè.Li pap gen espwa pou l wè sa ki bon.L ap rete nan dezè a, kote ki pa gen dlo,Nan yon tè sale kote okenn moun pa ka viv.   Benediksyon pou moun* ki met espwa l nan Jewova,Pou moun ki met konfyans li nan Jewova+.   Moun sa a ap vin tankou yon pyebwa ki plante bò dlo,Tankou yon pyebwa ki voye rasin li nan direksyon dlo a.Li pap santi lè chalè a vini,Men, fèy li ap toujou bèl+.Nan epòk sechrès, kè l pap sote,Ni li pap sispann bay fwi.   Kè a pi trèt* pase tout lòt bagay, e li pa bon menm*+.Ki moun ki kapab konnen l? 10  Mwen menm, Jewova, mwen egzamine kè a+,Mwen egzamine panse ki pi pwofon* yo,Pou m bay chak moun sa yo merite selon aksyon yo,Selon fason yo aji+. 11  Yon moun ki ranmase richès yon fason ki malonèt*+Menm jan ak zwazo ki rele pèdri a, ki rasanble ze li pa ponn.L ap pèdi richès sa yo nan mitan lavi l.Alafen, tout moun ap wè li pa t gen bonsans.” 12  Tanp nou anSe yon twòn ki gen glwa depi okòmansman+. 13  O Jewova, ou menm ki se espwa Izrayèl,Tout moun ki vire do ba ou* ap wont,Y ap ekri non moun sa yo nan pousyè tè+,Paske yo vire do ba ou, o Jewova, ou menm ki sous dlo lavi a+. 14  Geri m, o Jewova, pou m ka geri.Sove m, pou m ka sove+.Paske, se ou menm mwen bay louwanj. 15  Gade, gen moun k ap di m:“Poukisa pawòl Jewova a poko reyalize+?Se pou l reyalize!” 16  Kanta pou mwen, mwen pa t sispann suiv ou kòm Bèje m,Ni mwen pa t swete pou jou malè a vini.O Bondye, ou konnen tout pawòl ki sot nan bouch mwen,Se devan w mwen te di yo tout. 17  Pa lage m pou laperèz pa anvayi m.Se bò kote w mwen kache lè jou malè a rive. 18  Se moun k ap pèsekite m yo ki pou wont+,Men, pa kite lawont tonbe sou mwen.Se pou yon sèl laperèz pran yo,Men, pa kite laperèz anvayi m.Se pou w fè jou malè a rive sou yo+,Se pou w kraze yo e se pou w detwi yo nèt*. 19  Men sa Jewova te di m: “Al kanpe nan pòtay pèp la, kote wa Jida yo konn antre soti a, apre sa, al kanpe nan tout lòt pòtay vil Jerizalèm yo+. 20  E men sa pou w di moun yo: ‘Tande sa Jewova di, nou menm wa Jida yo, nou tout moun Jida yo, nou tout ki abite Jerizalèm e ki abitye antre nan pòtay sa yo. 21  Men sa Jewova di: “Veye kò nou*, pa pote okenn chay nan jou saba a, ni pa antre nan pòtay vil Jerizalèm yo avèk yo nan jou sa a+. 22  Nou pa dwe soti lakay nou ak okenn chay nan jou saba a e nou pa dwe fè okenn travay nan jou sa a+. Nou dwe konsidere jou saba a kòm yon jou ki sakre, jan mwen te di zansèt nou yo sa a+. 23  Men, yo pa t panche zòrèy yo pou yo koute m. Yo te fè tèt di, yo te refize obeyi m* e yo pa t aksepte mwen korije yo+.”’ 24  “‘“Men, si nou obeyi tout sa m di nou,” se sa Jewova di, “si nou pa antre ak okenn chay nan pòtay vil sa a nan jou saba a, e si nou konsidere jou saba a kòm yon jou ki sakre lè nou pa fè okenn travay nan jou sa a+, 25  lè sa a, wa ak prens ki chita sou twòn David la+ ap antre nan pòtay vil sa a tou sou charyo ak cheval ansanm ak moun Jida yo ak moun ki abite Jerizalèm yo+ e vil la ap gen moun ki rete ladan l pou toutan. 26  Moun ap soti nan tout vil Jida yo, nan zòn ki toutotou Jerizalèm yo, nan tèritwa tribi Benjamen an+, nan zòn ki ba yo+, nan zòn ki gen mòn yo ak nan zòn Negèb* e y ap vin ak bèt y ap ofri kòm sakrifis yo boule nèt+. Y ap pote lòt sakrifis ankò+, manje angren+, lansan blan ak bèt y ap ofri kòm sakrifis pou yo di Bondye mèsi. Y ap pote tout bagay sa yo nan kay Jewova a+. 27  “‘“Men, si nou pa obeyi m, si nou pa konsidere jou saba a kòm yon jou ki sakre, si nou antre nan pòtay vil Jerizalèm yo ak chay nan jou saba a, m ap met dife nan pòtay vil la, yon dife k ap boule fòtrès Jerizalèm ki byen pwoteje yo+, e pèsonn pap ka etenn dife sa a+.”’”

Nòt anba paj

Se kapab tou: “Paske mwen limen yon dife sou ou akoz mwen an kòlè”.
Oswa: “pou gason vanyan”.
Lit.: “Ki fè chè vin bra l”.
Oswa: “pou gason vanyan”.
Oswa: “Kè a plis ka twonpe w”.
Se kapab tou: “e li pa ka geri”.
Oswa: “santiman ki pi pwofon”. Lit.: “ren”.
Oswa: “ranmase richès, men ki pa fè sa yon fason ki dwat”.
Lit.: “ban mwen”. Sanble y ap pale de Jewova.
Oswa: “detwi yo de fwa”.
Oswa: “Veye nanm nou”.
Lit.: “yo te fè kou yo rèd”.
Oswa: “sid”.