Travay 24​:​1-27

  • Akizasyon yo lage sou do Pòl (1-9)

  • Pòl defann tèt li devan Feliks (10-21)

  • Yo mete ka Pòl la ann atant pou dezan (22-27)

24  Senk jou apre, Anànyas, gran prèt la+, desann avèk kèk ansyen ansanm ak yon avoka yo rele Tètilis pou yo prezante pwoblèm yo gen ak Pòl la devan gouvènè a+.  Lè yo mande Tètilis pou l pale, li kòmanse akize Pòl, li di gouvènè a: “Sonnekselans Feliks, piske se grasa ou nou gen lapè konsa, e se paske w konn prevwa ki fè plizyè refòm fèt nan nasyon sa a,  nou toujou fè konnen jan nou apresye tout bagay sa yo toupatou.  Men, pou m pa kenbe w plis, m ap mande w tanpri pran pasyans pou w koute nou pou yon ti moman.  Paske, nou rann nou kont nonm sa a se yon moun k ap bay pwoblèm*+. L ap pouse tout Juif ki abite toupatou sou tè a fè soulèvman+ e li se youn nan moun ki alatèt sèk moun Nazarèt yo+.  Epitou, li pa t demontre respè pou tanp lan, se sa k fè nou te met men sou li+.  *——  Si w poze l kesyon, w ap ka verifye tout bagay nou akize l yo poukont ou.”  Lè sa a, Juif yo fè kò avè l, yo di sa l di yo se vre. 10  Lè gouvènè a fè Pòl siy pou l pale, li reponn: “Kòm mwen konnen byen se ou nasyon sa a genyen kòm jij depi plizyè ane, mwen dispoze pale pou m defann tèt mwen+. 11  Jan ou menm ou kapab verifye sa, mwen pa gen plis pase 12 jou depi mwen te monte Jerizalèm pou m al adore Bondye+, 12  e yo pa t jwenn mwen ap diskite ak pèsonn nan tanp lan, ni yo pa t jwenn mwen ap fè moun rasanble nan sinagòg yo oswa nan vil la. 13  Epitou, yo pa ka ba w prèv pou sa y ap akize m kounye a. 14  Men, mwen admèt devan w, fason m adore Bondye, yo di se yon sèk li ye a, se fason sa a mwen bay Bondye zansèt mwen yo yon sèvis sakre+, piske mwen kwè nan tout sa ki nan Lalwa e nan tout sa pwofèt yo te ekri yo+. 15  Men espwa mwen gen nan Bondye, e se espwa sa a mesye sa yo genyen tou: Pral gen yon rezirèksyon+ ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis+. 16  Se poutèt sa mwen toujou fè tout posib mwen pou konsyans mwen ret klè* ni devan Bondye ni devan lèzòm+. 17  Kounye a, apre m fin fè anpil ane deyò, mwen te vin pote yon don+ pou moun nan nasyon m nan, e mwen te vin fè ofrann bay Bondye. 18  Pandan m t ap okipe bagay sa yo, yo te jwenn mwen nan tanp lan tou pirifye+. Yo pa t jwenn mwen avèk yon foul moun, ni yo pa t jwenn mwen ap fè briganday. Men, te gen kèk Juif ki te sot nan tèritwa Azi* ki te la. 19  Si yo te gen yon bagay kont mwen, se yo menm ki te dwe la devan w pou akize m+. 20  Oubyen, mesye ki la a yo, se pou yo di ki bagay mal yo te wè m fè lè yo te jije m devan Sanedren an. 21  Amwenske se pou pawòl mwen te di byen fò lè m te kanpe nan mitan yo a y ap akize m. Mwen te di: ‘Se paske mwen kwè nan rezirèksyon mò yo ki fè y ap jije m devan nou jodi a+!’” 22  Men, Feliks, ki te byen konnen yon seri bagay sou Chemen an+, voye mesye yo ale, epi li di: “Lè kòmandan Lizyas desann, m ap pran yon desizyon sou ka nou an.” 23  Epi, li pase ofisye a lòd pou l kenbe Pòl nan prizon, men pou li ba l kèk libète e pou l pa anpeche okenn moun pa l rann li sèvis. 24  Kèk jou apre, Feliks te vini ak madanm li, Drizil, ki te Juif. Li voye chèche Pòl e li koute l k ap pale sou kwayans li gen nan Kris Jezi+. 25  Men, pandan Pòl ap pale sou sa ki dwat, sou metriz ak sou jijman ki gen pou vini an+, Feliks vin pè, e li di: “Pou kounye a, ou mèt ale. Lè m jwenn yon ti tan, m a voye chèche w ankò.” 26  Anmenmtan, li te espere Pòl t ap ba l lajan. Se poutèt sa li te konn voye chèche l tanzantan pou l pale avè l. 27  Men, dezan pase, e Feliks kite Pòl nan prizon, paske li te vle jwenn favè Juif yo+. Apre sa, Pòsiyis Festis monte nan plas Feliks.

Nòt anba paj

Lit.: “se yon epidemi”.
Yo pa jwenn vèsè sa a nan kèk ansyen maniskri. Sa montre li pa fè pati Ekriti Bondye enspire yo. Gade Apendis A3.
Oswa: “ret san repwòch”.
La a, Azi fè referans ak yon zòn nan Anpi women an ki te anba pouvwa yon gouvènè.