Annou imite lafwa yo

Ki byenfè nou ka jwenn lè n rive wè jan gason ak fi fidèl Bib la pale de yo te gen lafwa?

Kwonoloji

Lè n li istwa sa yo nan lòd yo te pase e nou sèvi ak kat yo, n ap ka imajine ki lè ak ki kote moun fidèl Bib la pale de yo yo t ap viv.

Yon lèt Kolèj santral la

Kolèj santral la ankouraje n pou n li epi etidye liv sa a pèsonèlman e an fanmi pou n ka jwenn byenfè

Entwodiksyon

Bib la gen istwa anpil gason ak fi ki te fidèl. Ki jan egzanp moun sa yo ka ede n?

ABÈL

“Byenke l mouri, li kontinye ap pale”

Malgre Labib pa di anpil bagay sou Abèl, ki sa nou ka aprann sou Abèl ak lafwa li te genyen an?

NOYE

Li “t ap mache avèk vrè Dye a”

Ki pwoblèm Noye ak madanm li te jwenn pandan yo t ap leve pitit yo? Ki jan yo te montre yo gen lafwa lè yo t ap konstwi lach la?

ABRAM

“Papa tout moun ki gen lafwa”

Ki jan Abram te montre li gen lafwa? Ki jan w wè ou ka imite lafwa Abram te genyen an?

RIT

“Kote w ale, se la m prale”

Poukisa Rit te dispoze kite fanmi l ak peyi l? Ki kalite li te genyen ki fè l te gen anpil valè nan je Jewova?

RIT

“Yon trè bon fi”

Poukisa maryaj Rit ak Bowaz la te gen anpil enpòtans? Ki sa nou ka aprann nan men Rit ak Nawomi anrapò ak fanmi?

ANA

Li te vide kè l bay Bondye nan lapriyè

Lafwa Ana te gen nan Jewova a te ede l fè fas ak yon sitiyasyon ki te parèt enposib.

SAMYÈL

Li “te kontinye jwenn favè Jewova”

Ki sa k fè fason Samyèl te leve a te diferan parapò ak lòt timoun? Ki sa k te ede l vin gen plis lafwa toutpandan l te nan tabènak la?

SAMYÈL

Li te andire malgre li te jwenn desepsyon

Nou tout jwenn pwoblèm ak desepsyon ki ka fè n pèdi lafwa. Ki sa n ka aprann nan fason Samyèl te andire?

ABIGAYIL

Li te aji ak bon konprann

Ki sa n ka aprann nan pwoblèm Abigayil te jwenn nan maryaj li?

ELI

Li te pran pozisyon pou vrè adorasyon an

Ki jan nou kapab imite Eli lè nou rankontre moun ki pa dakò ak sa Labib anseye?

ELI

Li te ret ap veye e li t ap tann

Ki jan pwofèt Eli te montre li se yon moun ki te gen abitid priye toutpandan li t ap tann Jewova reyalize pwomès li te fè a?

ELI

Li te jwenn konsolasyon nan men Bondye l la

Ki sa k te vin pase ki te dekouraje Eli anpil opwen pou l te mande lanmò?

JONAS

Li te aprann nan erè l te fè yo

Èske w konn pè aksepte yon asiyasyon menm jan ak Jonas? Istwa Jonas la aprann nou jan l enpòtan pou n gen pasyans ak mizèrikòd.

JONAS

Li te aprann sa k rele mizèrikòd

Ki jan istwa Jonas la ka ede n byen egzamine tèt nou?

ESTÈ

Li te pran pozisyon pou pèp Bondye a

Pou yon moun montre l gen lespri sakrifis ak lanmou menm jan ak Estè, li bezwen gen lafwa ak kouraj.

ESTÈ

Li te gen sajès ak kouraj e li pa t wè tèt li sèlman

Ki jan Estè te montre li pa t wè tèt li sèlman, men li te panse ak Jewova ansanm ak pèp Jewova a?

MARI

“Mwen se esklav Jewova!”

Ki sa repons Mari te bay zanj Gabriyèl la montre sou kalite lafwa li te genyen? Ki lòt kalite enpòtan Mari te demontre?

MARI

Li te “rezone nan kè l”

Sa k te rive Mari lè l te nan Betleyèm nan te ede l vin gen yon lafwa ki pi solid nan pwomès Jewova yo.

JOZÈF

Li te pwoteje yo, li te ba yo sa yo bezwen, li te pèsevere

Ki fason Jozèf te pwoteje fanmi l? Poukisa Jozèf te mennen Mari ak Jezi ann Ejip?

MAT

“Mwen kwè”

Ki jan Mat te montre l gen yon lafwa solid menm lè l te nan gwo lapenn?

PYÈ

Li te konbat dout ak laperèz

Dout se yon gwo fòs ki ka kraze moun. Men, Pyè te vin konbat dout ak laperèz li te genyen pou l suiv Jezi a, e l te rive suiv Jezi.

PYÈ

Li te rete fidèl devan eprèv

Kòman lafwa ak fidelite Pyè te genyen an te ede l aksepte koreksyon nan men Jezi?

PYÈ

Mèt la te aprann li sa padone vle di

Ki sa Jezi te anseye Pyè sou kesyon padone a? Ki jan Jezi te montre l te padone Pyè?

Konklizyon

Ki jan w ka fè lafwa w vin pi solid epi kenbe l vivan nan lespri w?

Lòt sijè ki enteresan

LAFWA NAN BONDYE

Annou imite lafwa yo: Kèk gason ak fi yo pale de yo nan Bib la

Annou imite lafwa gason ak fi ki fidèl yo pale de yo nan Bib la epi annou vin pwòch ak Bondye.

VIDEYO

Annou imite lafwa yo — Videyo

Nan seri videyo sa a, annou aprann nan egzanp yon seri gason ak fi ki fidèl ki gen istwa yo nan Bib la.