Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo te ofri tèt yo volontèman

Yo te ofri tèt yo volontèman

GEN plizyè sè selibatè pami pakèt Temwen zele k ap sèvi kote ki bezwen pi plis pwoklamatè yo. Gen kèk ladan yo ki gen plizyè dizèn ane depi y ap sèvi nan yon peyi etranje. Ki sa k te ede yo pran desizyon al sèvi nan yon peyi etranje sa gen plizyè ane? Ki sa yo aprann nan sèvis yo aletranje? Ki jan lavi yo te vin ye? Nou te fè entèvyou ak plizyè nan sè eksperimante sa yo. Si w se yon sè selibatè ki gen gwo dezi pou w jwenn bonjan satisfaksyon nan travay predikasyon an, nou gen konfyans kòmantè sè sa yo fè yo ap itil ou. Vrèmanvre, tout moun nan pèp Bondye a kapab jwenn byenfè lè yo egzamine egzanp sè sa yo bay.

FASON POU W VENK DOUT OU GENYEN

Anita

Èske w janm mande tèt ou si w vrèman gen kapasite pou w reyisi antanke yon pyonye selibatè nan yon peyi etranje? Anita, ki gen anviwon 75 an kounye a, te gen gwo dout sou kapasite l. Li te grandi nan peyi Angletè kote l te kòmanse sèvis pyonye lè l te gen 18 an. Men sa l di: “Mwen te renmen anseye moun konsènan Jewova, men m pa t janm imajine m te ka al sèvi aletranje. M pa t janm aprann yon lang etranje e m te sèten m pa t ap ka metrize youn. Se sa k fè lè m te resevwa envitasyon pou m al Lekòl Galaad, mwen te sezi anpil. Mwen te etone pou m wè yon moun ki pa enpòtan tankou m te resevwa yon envitasyon konsa. Men, m te di tèt mwen: ‘Si Jewova panse mwen ka fè l, m ap eseye.’ Sa gen plis pase 50 an. Depi lè sa a, m ap sèvi kòm misyonè nan peyi Japon.” Men sa Anita ajoute: “Pafwa, se ak anpil kè kontan mwen di jèn sè yo: ‘Met valiz nou sou do n epi akonpaye m nan pi bèl eksperyans ki te ka genyen nan tout listwa! Mwen kontan pou m di gen anpil ladan yo ki fè sa.”

RANMASE KOURAJ OU

Gen anpil sè k ap sèvi aletranje ki te yon ti jan renka anvan yo t ale. Ki jan yo te fè jwenn kouraj yo te bezwen an?

Maureen

Men sa Maureen, ki gen anviwon 65 an kounye a, fè konnen: “Lè m t ap grandi, mwen te vle pou vi m gen yon sans yon fason pou m te ka ede lòt moun.” Lè l te gen 20 an, li t al viv Kebèk, nan peyi Kanada, kote yo te vrèman bezwen plis pyonye. Men sa l ajoute: “Annapre, mwen te resevwa envitasyon pou m al Lekòl Galaad, men, mwen te pè al yon kote m pa konnen san zanmi m yo. Epitou, mwen te pè kite manman m ki te oblije pran swen papa m ki te malad. Mwen te pase plizyè nuit ap sipliye Jewova ak dlo nan je akoz pwoblèm sa yo. Lè m te pale ak paran m sou enkyetid mwen genyen, yo te ankouraje m aksepte envitasyon an. Anplis de sa, mwen te wè jan kongregasyon an te soutni paran m yo avèk lanmou. Lè m te wè jan Jewova t ap pran swen yo, sa te ede m gen konfyans l ap pran swen m tou. Lè sa a, mwen te pare pou m ale!” Apati ane 1979, Maureen te sèvi kòm misyonè pandan plis pase 30 an ann Afrik delwès. Jodi a, toutpandan Maureen ap pran swen manman l nan peyi Kanada, li kontinye sèvi kòm pyonye espesyal. Lè l ap reflechi sou ane li te pase ap sèvi aletranje, men sa l di: “Jewova te toujou ban m sa m bezwen nan lè m te bezwen l lan.”

Wendy

Wendy, ki gen anviwon 65 an kounye a, te kòmanse sèvis pyonye nan peyi Ostrali lè l te adolesan. Men sa l sonje: “Mwen te timid anpil e m te twouve l difisil pou m pale ak moun mwen pa konnen. Men, sèvis pyonye a te aprann mwen pale ak tout kalite moun, donk, mwen te vin gen plis asirans. Annapre, mwen te vin rann mwen kont mwen pa t gen pwoblèm timidite ankò. Sèvis pyonye te aprann mwen konte sou Jewova, e m te kòmanse santi m pi alèz pou m al sèvi aletranje. Mete sou sa, gen yon sè selibatè ki te sèvi kòm misyonè pandan plis pase 30 an nan peyi Japon ki te envite m al fè twa mwa ap preche avè l nan peyi Japon. Lefètke m te pase tan ap preche ansanm avè l, sa te fè m vin gen plis anvi pou m al preche nan lòt peyi.” Nan mitan ane 80 yo, Wendy te demenaje al Vanouwatou, yon zile ki nan yon distans anviwon 1 770 kilomèt nan lès peyi Ostrali.

Wendy toujou nan zile Vanouwatou, e l ap sèvi nan yon biwo tradiksyon. Men sa l di: “Pi gwo jwa m genyen se lè m wè jan gwoup yo ak kongregasyon yo ap fòme nan zòn ki lwen yo. Lefètke m te bay ti patisipasyon pa m nan travay Jewova ap fè sou zile sa yo se yon privilèj m pa jwenn mo pou m esplike l.”

Kumiko (nan mitan)

Kumiko, ki gen 65 an kounye a, t ap sèvi kòm pyonye pèmanan nan peyi Japon lè sè ki te patnè l nan sèvis la te sijere l pou y al viv nan peyi Nepal. Men sa Kumiko di: “Li te kontinye mande m sa san rete, men, m te toujou di l non. Mwen te gen pwoblèm lè m te panse mwen t ap oblije aprann yon nouvo lang oswa mwen t ap oblije adapte m ak yon nouvo anviwònman. Mete sou sa, mwen te gen pwoblèm pou m jwenn lajan m t ap bezwen pou m al viv nan yon peyi etranje. Toutpandan m t ap lite ak pwoblèm sa yo, mwen te fè yon aksidan moto ki te voye m lopital. Pandan m lopital la, mwen te di tèt mwen: ‘Kiyès ki konnen ki sa k ka rive m annapre? M ka vin gen yon maladi grav epi m pèdi chans pou m al sèvi kòm pyonye nan yon peyi etranje. Èske m pa ka sèvi aletranje pandan omwen ennan?’ Mwen te priye Jewova anpil pou l ede m pran yon desizyon.” Apre lopital la fin bay Kumiko egzeyat, li t al vizite Nepal, e annapre, li menm ak patnè l la t al viv nan peyi sa a.

Lè Kumiko ap reflechi sou prèske dizan li te fè ap sèvi nan peyi Nepal, men sa l di: “Bagay mwen t ap bay tèt mwen pwoblèm pou yo te ouvri devan m menm jan ak Lanmè Wouj. Mwen kontan anpil paske m t al sèvi kote ki gen plis bezwen. Byen souvan, lè m lakay yon fanmi epi m ap pataje mesaj ki nan Bib la, senk oswa sis moun nan vwazinaj la konn vin koute sa m ap di. Menm timoun piti konn mande m yon feyè ki pale sou Bib la, e yo fè sa avèk respè. Se pa ti kontan m te kontan preche nan tèritwa sa a ki bay bon rezilta.”

FASON POU W FÈ FAS AK DIFIKILTE YO

Nou pa sezi aprann sè selibatè sa yo ki gen kouraj nou te fè entèvyou ak yo te jwenn difikilte. Ki jan yo te fè fas ak yo?

Diane

Men sa Diane, ki soti nan peyi Kanada fè konnen: “Okòmansman, mwen te twouve l difisil pou m viv byen lwen fanmi m.” Kounye a, li gen 62 an, li te sèvi kòm misyonè nan peyi Kotdivwa pandan 20 an. Men sa l te ajoute: “Mwen te mande Jewova pou l ede m renmen moun kote yo voye m al preche yo. Frè Jack Redford, ki te youn nan enstriktè m yo nan Galaad, te fè nou konnen nou ka gen gwo pwoblèm okòmansman, nou ka menm santi nou boulvèse akoz jan bagay yo ye nan tèritwa yo voye n nan, sitou lè n wè gwo mizè ki genyen. Men, li te di: ‘Pa gade mizè a. Gade moun yo, gade figi yo ak je yo. Gade fason yo reyaji lè yo tande verite ki nan Bib la.’ Se sa m te fè, e se pa ti benediksyon m te jwenn! Lè m ap bay moun yo mesaj Wayòm nan ki bay konsolasyon, mwen te konn wè je yo k ap briye!” Ki lòt bagay ankò ki te ede Diane adapte l nan sèvis li aletranje? Men sa l di: “Mwen te vin pwòch ak etidyan Labib mwen yo e m te kontan anpil lè m te wè yo vin tounen sèvitè fidèl Jewova. Kote yo te voye m preche a te vin tounen peyi m. Mwen te vin gen manman ak papa ansanm ak frè ak sè nan domèn espirityèl, jan Jezi te pwomèt la.” — Mak 10:29, 30.

Anne, ki gen 46 an kounye a, ap sèvi ann Azi nan yon peyi kote yo entèdi travay predikasyon an. Men sa l fè konnen: “Pandan plizyè ane mwen te fè ap sèvi divès kote nan peyi etranje, mwen te viv ansanm ak sè ki pa t gen menm fòmasyon ak menm pèsonalite avè m ditou. Gende lè, sa te konn fè youn pa rive konprann lòt e sa te konn fè n pa kontan. Lè sa rive, mwen te eseye vin pi pwòch ak yo pou m te ka pi byen konprann kilti yo. Mete sou sa, mwen te konn fè plis efò toujou pou m demontre plis lanmou e pou m pi rezonab ak yo. Mwen kontan efò sa yo te bay bon rezilta e sa fè m vin gen bon zanmi ki ede m andire nan asiyasyon m.”

Ute

Nan ane 1993, yo te voye Ute, ki soti nan peyi Almay e ki gen 53 an kounye a, al sèvi kòm misyonè nan peyi Madagaska. Men sa l fè konnen: “Okòmansman, mwen te goumen pou m aprann lang peyi a, pou m adapte m ak klima a ki imid, e pou m pa gen malarya, amib ak vè. Men, mwen te jwenn anpil èd. Avèk pasyans, sè yo nan zòn nan, pitit yo, ak moun m ap etidye Labib avèk yo te ede m byen konn lang nan. Lè m te malad, sè ki te misyonè ansanm avè m nan te pran swen m avèk lanmou. Men, sa k pi enpòtan an, Jewova te ede m. Mwen te toujou lage tètchaje m yo ba li lè m ap priye l. Apre sa, mwen te ret tann avèk pasyans pou m jwenn repons priyè m yo, pafwa pandan plizyè jou oswa plizyè mwa. Jewova te rezoud chak pwoblèm mwen te genyen.” Kounye a, Ute gen 23 an depi l ap sèvi nan peyi Madagaska.

YO TE JWENN ANPIL BENEDIKSYON NAN LAVI YO

Menm jan ak lòt pwoklamatè k al sèvi kote ki gen bezwen yo, byen souvan, sè selibatè k ap viv nan peyi etranje yo fè konnen lefètke yo t al sèvi aletranje sa fè lavi yo vin pi bèl. Ki benediksyon konsa yo te jwenn?

Heidi

Heidi, ki soti nan peyi Almay e ki gen 73 an kounye a, ap sèvi kòm misyonè nan peyi Kotdivwa depi 1968. Men sa l fè konnen: “Pi gwo jwa mwen jwenn se lè m wè pitit espirityèl mwen yo ‘kontinye ap mache nan laverite’. Gen kèk nan ansyen etidyan m yo ki pyonye e ki ansyen kounye a nan kongregasyon yo. Anpil nan yo rele m Manmi oswa Granma. Gen youn nan ansyen sa yo ak madanm li ansanm ak pitit yo ki konsidere m kòm fanmi yo. Donk, Jewova ban m yon pitit gason, yon bèlfi ak twa pitit pitit.” — 3 Jan 4.

Karen (nan mitan)

Karen, ki soti nan peyi Kanada e ki gen 72 an kounye a, te fè plis pase 20 an ap sèvi ann Afrik delwès. Men sa l di: “Antanke misyonè, mwen te aprann fè plis sakrifis, gen plis lanmou ak plis pasyans. Anplis de sa, lefètke moun k ap travay bò kote m yo soti nan anpil peyi, sa fè m wè bagay yo yon fason ki pi laj. Mwen te aprann gen divès fason pou moun fè yon bagay. E se pa ti benediksyon sa ye kounye a pou m gen bon zanmi toupatou nan monn nan! Byenke lavi nou ak asiyasyon nou konn chanje, amitye nou ret menm jan an.”

Margaret, ki soti nan peyi Angletè e ki gen 79 an kounye a, te sèvi kòm misyonè nan peyi Lawos. Men sa l fè konnen: “Sèvi aletranje te pèmèt mwen wè ak pwòp je m fason Jewova atire moun ki soti nan tout ras ak nan tout kouch sosyal pou l fè yo vin nan òganizasyon l lan. Eksperyans sa a te fòtifye lafwa m anpil. Sa fè m gen yon konfyans total Jewova ap dirije òganizasyon l lan e objektif li yo ap reyalize.”

Vrèmanvre, sè selibatè k ap sèvi aletranje yo bay bèl egzanp nan sèvis yo antanke kretyen. Yo merite pou n felisite yo ak tout kè nou (Jij 11:40). Mete sou sa, kantite yo ye a kontinye ap ogmante (Sòm 68:11). Èske w kapab fè kèk ajisteman pou w ka imite sè zele sa yo nou te fè entèvyou ak yo pou atik sa a? Si w fè sa, se sèten w a “goute e [w] a wè jan Jewova bon”. — Sòm 34:8.