Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Aza, Jozafa, Ezekyas ak Jozyas.

Sèvi Jewova ak tout kè w!

Sèvi Jewova ak tout kè w!

“O Jewova, [...] tanpri, sonje jan m te mache devan w avèk fidelite e ak tout kè m.” — 2 WA 20:3.

KANTIK: 52, 65

1-3. Ki sa sa mande pou yon moun sèvi Jewova “ak tout kè” l? Bay yon egzanp.

PISKE nou pa pafè, nou gen tandans fè erè. Men, erezman, Jewova pa trete nou “dapre peche nou fè”, depi nou repanti e depi nou pwoche bò kote l ak lafwa sou baz sakrifis ranson Jezi a, e nou fè sa avèk imilite (Sòm 103:10). Aktout sa, menm jan David te di Salomon, pou Jewova aksepte adorasyon n ap ba li chak jou a, nou dwe “sèvi l ak tout kè” nou (1 Kwo. 28:9). Antanke moun ki enpafè, ki jan n ka rive fè sa?

2 Pou n ka konprann ki jan pou n fè sa, nou kapab konpare istwa lavi wa Aza ak istwa lavi wa Amatsya. Toule de wa Jida sa yo te fè sa ki dwat nan je Jewova, men, Aza te fè sa ak tout kè l (2 Kwo. 15:16, 17; 25:1, 2; Pwo. 17:3). Toule de wa yo te enpafè e yo te fè erè. Malgre sa, Aza pa t kite chemen Bondye yo, paske li te sèvi Bondye “ak tout kè” l (1 Kwo. 28:9). Amatsya, bò kote pa l, pa t sèvi Jewova ak tout kè l. Apre l te fin pot laviktwa sou ènmi Bondye yo, li te pran dye yo t ap sèvi yo e l te kòmanse adore yo. — 2 Kwo. 25:11-16.

3 Pou yon moun sèvi Bondye “ak tout kè” l, sa mande pou l ret atache nèt ak Bondye jiska lafen. An jeneral, nan Bib la, mo “kè” a gen rapò ak sa yon moun ye pa anndan. Li gen ladan l dezi moun nan, panse l, dispozisyon l, atitid li, kapasite l, motivasyon l ak objektif li. Kidonk, yon moun k ap sèvi Jewova ak tout kè l pap fè sa yon fason ki ipokrit. Li pap jis adore Jewova pou lafòm. E nou menm? Si aktout nou enpafè nou kontinye ret atache ak Bondye san ipokrizi, ebyen n ap rive sèvi l ak tout kè n. — 2 Kwo. 19:9.

4. Ki sa nou pral egzamine kounye a?

4 Pou n ka byen konprann sa sa vle di pou n sèvi Bondye ak tout kè nou, ann egzamine istwa lavi Aza ansanm ak istwa lavi kèk lòt wa peyi Jida ki te atache ak Bondye ak tout kè yo, anpalan de Jozafa, Ezekyas, ak Jozyas. Yo toule kat te konn fè erè, men, yo te toujou gen favè Jewova. Poukisa Bondye te konsidere yo kòm moun ki te sèvi l ak tout kè yo, e ki jan nou ka imite yo?

AZA TE “SÈVI JEWOVA AK TOUT KÈ L”

5. Ki aksyon enpòtan Aza te fè?

5 Aza se te twazyèm wa Jida apre separasyon dis tribi ki te nan nò Izrayèl la. Li te elimine idolatri nan wayòm li an e l te met tout gason ki t ap kouche ak gason nan tanp zidòl yo deyò nan peyi a. Li te menm retire Maaka, grann li, nan pozisyon l antanke “rèn, poutèt li te fè yon zidòl ki bay degoutans”. (1 Wa 15:11-13.) Mete sou sa, Aza te ankouraje pèp la pou yo “chèche Jewova [...] e pou yo obeyi Lwa l yo ak kòmandman l yo”. Vrèmanvre, li te bay vrè adorasyon an jarèt. — 2 Kwo. 14:4.

6. Ki jan Aza te reyaji lè moun peyi Etyopi yo te anvayi peyi a?

6 Pandan dis premye ane rèy Aza yo, Jewova te beni peyi Jida, li te fè gen lapè. Annapre, Zera, moun Etyopi a, te vin atake Jida ak 1 000 000 gason ansanm ak 300 charyo (2 Kwo. 14:1, 6, 9, 10). Ki jan Aza te reyaji nan sitiyasyon difisil sa a? Li te montre li gen yon konfyans total nan Jewova. (Li 2 Kwonik 14:11.) Bondye te reponn priyè Aza te fè ak tout kè l la, li te fè l pot yon viktwa total, konsa, li te elimine lame peyi Etyopi a (2 Kwo. 14:12, 13). Menm lè wa yo pa t fidèl ak Jewova, li te fè yo pot laviktwa sou ènmi yo poutèt non li (1 Wa 20:13, 26-30). Men, Aza te konte sou Bondye, e Jewova te reponn priyè l. Se vre, nan kèk lòt okazyon apre sa, Aza pa t aji avèk sajès. Pa egzanp, li te chèche èd nan men wa Siri a olye l te chèche èd nan men Jewova (1 Wa 15:16-22). Malgre sa, nan je Bondye, Aza “te sèvi Jewova ak tout kè l pandan tout vi l”. Ki jan n ka imite Aza nan fè sa ki byen? — 1 Wa 15:14.

7, 8. Ki jan w ka imite Aza nan sèvis w ap bay Jewova?

7 Nou chak kapab egzamine kè nou pou n wè si l atache nèt ak Bondye. Mande tèt ou: ‘Èske m pran detèminasyon pou m fè Jewova plezi, pou m defann vrè adorasyon an e pou m pwoteje pèp li a kont nenpòt enfliyans ki kapab kòwonp li?’ Reflechi ak tout kouraj sa te mande pou Aza te kanpe devan Maaka, ki te “rèn” nan peyi a! Ou ka pa konn pèsonn ki aji menm jan avè l, men, kapab gen sitiyasyon kote ou kapab imite zèl Aza. Pa egzanp, ki sa w ap fè si yon moun nan fanmi w oswa yon bon zanmi w peche, li pa repanti, e yo oblije eskominye l? Èske w t ap aji san pèdi tan pou w sispann frekante moun sa a? Ki sa kè w t ap pouse w fè?

8 Menm jan ak Aza, ou kapab montre w ap sèvi Bondye ak tout kè w si w konte sou li nèt lè w jwenn opozisyon, menm lè gen kèk ki ta parèt difisil pou w sipòte. Moun kapab ap takinen w oswa pase w nan rizib nan lekòl ou paske w fè konnen ou se Temwen Jewova. Oubyen, kòlèg travay ou kapab ap nui w poutèt ou pran konje pou w ka patisipe nan aktivite espirityèl yo, oubyen poutèt ou pa fè siplemantè souvan. Nan sitiyasyon sa yo, priye Bondye, menm jan Aza te fè sa. Avèk kouraj, ou bezwen konte sou Jewova, e w bezwen kenbe fèm nan sa w konnen ki dwat e ki gen sajès. Pa bliye Bondye te bay Aza fòs e l te ede l, l ap ba w fòs tou.

9. Lè n ap preche, ki jan n ka montre n ap sèvi Bondye ak tout kè nou?

9 Sèvitè Bondye yo pa annik ret ap panse ak tèt yo. Aza te bay vrè adorasyon an jarèt. Nou menm tou, nou ede lòt moun “chèche Jewova”. Se pa ti kontan Jewova dwe kontan lè l wè jan n ap pale de li ak vwazen nou ansanm ak lòt moun. Nou fè sa paske nou renmen l toutbon e se ak tout kè nou nou ta renmen wè moun yo viv byen pou toutan!

JOZAFA TE CHÈCHE JEWOVA

10, 11. Ki jan w ka imite Jozafa?

10 Jozafa, pitit gason Aza, “te kontinye imite Aza, papa l”. (2 Kwo. 20:31, 32.) Sa k fè n di sa? Menm jan ak papa l, Jozafa te ankouraje pèp la chèche Jewova. Li te fè sa lè l te òganize yon kanpay pou anseye moun, kote yo te sèvi ak “liv Lalwa Jewova a”. (2 Kwo. 17:7-10.) Li te menm al nan tèritwa wayòm ki te nan nò Izrayèl la, nan zòn ki gen mòn nan tèritwa tribi Efrayim yo, “pou l fè yo tounen vin jwenn Jewova”. (2 Kwo. 19:4.) Jozafa te yon wa ki te “chèche Jewova ak tout kè l”. — 2 Kwo. 22:9.

11 Nou tout kapab patisipe nan gwo kanpay pou anseye moun Jewova ap fè jodi a. Èske chak mwa ou gen objektif pou w anseye lòt moun Pawòl Bondye a, pou w eseye touche kè yo pou yo vin sèvi Bondye? Lè w fè tout sa w kapab nan travay sa a, e grasa benediksyon Bondye, w ap ka kòmanse yon etid Labib. Èske w konn priye Jewova konsènan objektif sa a? Èske w dispoze aksepte responsablite sa a, e w menm dispoze pran nan tan lib ou pou w fè sa? Epi, menm jan Jozafa t al nan tèritwa Efrayim nan pou l ede moun yo tounen vin nan vrè adorasyon an, nou kapab al chèche moun ki vin inaktif yo. Mete sou sa, ansyen yo nan kongregasyon an kapab pran dispozisyon pou yo vizite moun ki eskominye yo, petèt ki kite peche yo te konn ap fè yo e k ap viv nan tèritwa kongregasyon an, pou yo ede yo.

12, 13. a) Lè Jozafa te nan yon sitiyasyon ki difisil anpil, ki jan l te reyaji? b) Poukisa n dwe rekonèt feblès nou yo menm jan ak Jozafa?

12 Menm jan ak papa l, Aza, Jozafa te ret atache ak Bondye menm lè yon gwo ènmi te vin fè l menas. (Li 2 Kwonik 20:2-4.) Jozafa te vin pè! Aktout sa, li te “pran desizyon pou l chèche Jewova”. Nan yon priyè l te fè, avèk imilite li te admèt pèp li a “pa ka fè anyen kont gwo foul moun sa a” e ni li menm ni pèp la pa t konn sa pou yo fè. Li te konte sou Jewova nèt e l te di: “Je nou fikse sou ou.” — 2 Kwo. 20:12.

13 Pafwa, menm jan ak Jozafa, nou ka pa konn sa pou n fè e nou ka menm pè (2 Kor. 4:8, 9). Men, sonje Jozafa te admèt nan yon priyè li te fè devan tout moun jan li menm ak pèp li a te santi yo fèb (2 Kwo. 20:5). Moun k ap bay fanmi yo direksyon nan domèn espirityèl yo kapab imite Jozafa lè yo chèche konsèy ak fòs nan men Jewova lè yo nan pwoblèm. Pinga w wont kite fanmi w tande w k ap fè siplikasyon sa yo. Y ap wè jan w fè Jewova konfyans. Bondye te ede Jozafa, e l ap ede w tou.

EZEKYAS TE KONTINYE FÈ SA KI DWAT

14, 15. Ki jan Ezekyas te montre li gen yon konfyans total nan Bondye?

14 Pou moun te ka vin konnen Ezekyas antanke yon wa ki “te fidèl ak Jewova”, kontrèman ak Jozafa, li te dwe lite anba move enfliyans papa l ki te yon adoratè zidòl. Se Ezekyas ki te “retire kote ki wo moun yo te konn fè adorasyon yo, ki te kraze poto sakre ki fèt an wòch yo e ki te koupe poto sakre ki fèt an bwa yo. Se li menm ki te kraze sèpan an kuiv Moyiz te fè a” moun nan epòk la te konn itilize nan adorasyon zidòl yo. Li te atache ak Jewova nèt, paske “li te kontinye obeyi kòmandman Jewova te bay Moyiz yo”. — 2 Wa 18:1-6.

15 Menm lè Asiri, pisans mondyal nan epòk la, te anvayi Jida e l t ap fè menas pou l detwi Jerizalèm, Ezekyas te konte sou Jewova ak tout kè l. Senakerib, wa peyi Asiri a, te pwovoke Jewova e l te eseye entimide Ezekyas pou l fè l rann tèt li. Sepandan, nan yon priyè Ezekyas te fè, li te montre l gen yon konfyans total nan pouvwa Jewova genyen pou l delivre moun. (Li Ezayi 37:15-20.) Bondye te reponn priyè l la lè l te voye yon zanj vin touye 185 000 sòlda asiryen. — Eza. 37:36, 37.

16, 17. Ki jan w ka rive imite Ezekyas nan sèvis w ap bay Bondye a?

16 Annapre, Ezekyas te vin malad e l te prèske mouri. Li te sipliye Jewova pou l sonje jan l te mache devan l. (Li 2 Wa 20:1-3.) Grasa Bib la, nou konnen nou pap viv nan yon epòk kote n ka atann pou Bondye fè mirak pou l geri nou oubyen pou l ajoute sou longè lavi nou. Aktout sa, menm jan ak Ezekyas, nou chak kapab di Jewova nan yon priyè: “M te mache devan w avèk fidelite e ak tout kè m.” Èske w kwè Jewova kapab ede w pandan w kouche sou kabann ou tou malad e li dispoze fè sa? — Sòm 41:3.

17 Toutpandan n ap medite sou egzanp Ezekyas, nou ka wè enpòtans pou n elimine yon bagay ki anpeche n gen bon relasyon ak Bondye, oubyen ki anpeche n ret konsantre sou vrè adorasyon an. Nòmalman, nou pa vle imite moun nan monn nan k ap sèvi ak mwayen kominikasyon ki egziste yo pou yo trete lòt moun kòmsi yo se idòl. Byennantandi, kèk kretyen ka byen kontan itilize mwayen sa yo pou yo pran kontak ak fanmi yo oswa ak bon zanmi yo. Men, anpil moun nan monn itilize mwayen kominikasyon sa yo twòp, yo tonbe ap suiv yon pakèt gason ak fi yo pa menm konnen. Oubyen yo pase anpil tan ap gade foto moun sa yo oswa li atik yo ekri sou moun sa yo. Se yon danje sa ye lè yon moun kite bagay ki pa enpòtan sa yo pran tout tan yo. Yon kretyen ka menm kite ògèy pote l ale lè l wè kantite moun ki renmen sa l poste sou Entènèt, e l ka menm fache si moun sispann vin sou paj li. Èske nou ka imajine apot Pòl oubyen Akila ak Prisil ki okipe chak jou nan poste imaj sou Entènèt oubyen k ap suiv yon moun ki pa ni yon frè ni yon sè? Dapre sa nou li, Pòl te “okipe anpil nan preche pawòl la”. Epi, Prisil ak Akila te itilize tan yo pou yo esplike lòt moun “chemen Bondye a yon fason ki pi egzak toujou”. (Tra. 18:4, 5, 26.) Nou kapab mande tèt nou: ‘Èske m evite trete lòt moun tankou idòl oswa èske m evite pase yon pakèt tan ki enpòtan ap fè yon seri aktivite ki pa enpòtan?’ — Li Efezyen 5:15, 16.

JOZYAS TE OBEYI KÒMANDMAN JEWOVA YO

18, 19. Nan ki domèn ou ta renmen imite Jozyas?

18 Wa Jozyas, pitit pitit Ezekyas, te pran detèminasyon pou l obeyi kòmandman Jewova yo “ak tout kè l”. (2 Kwo. 34:31.) Depi lè l te timoun, “li te kòmanse chèche Bondye David” la, e lè l te gen 20 an, li te kòmanse elimine idolatri nan peyi Jida pou l netwaye peyi a. (Li 2 Kwonik 34:1-3.) Jozyas te pi zele lontan nan fè sa k fè Bondye plezi pase anpil wa Jida. Aktout sa, lè yo te jwenn sa yo konsidere kòm dokiman orijinal Lwa Moyiz la e yo te li l pou Jozyas, Jozyas te wè enpòtans pou l fè volonte Bondye pi plis toujou. Li te ankouraje lòt moun pou yo sèvi Jewova. Kòm rezilta, pèp la “pa t sispann suiv Jewova” pandan tout tan Jozyas te fè ap viv. — 2 Kwo. 34:27, 33.

19 Menm jan ak Jozyas, jèn yo ta dwe kòmanse chèche Jewova depi yo toupiti. Petèt se wa Manase, apre l te fin repanti, ki te anseye Jozyas jan Bondye gen mizèrikòd. Nou menm jèn, chèche vin pwòch ak moun aje nan fanmi nou ak nan kongregasyon an ki fidèl yo, epi aprann ki jan Jewova te bon avèk yo. Epitou, sonje lefètke Jozyas te li Ekriti yo, sa te touche kè l e sa te pouse l aji. Lè w li Pawòl Bondye a, sa ka pouse w aji yon fason k ap fè w gen plis kè kontan, sa ap fè w vin pi zanmi Bondye, e sa ap pouse w ede lòt moun chèche Bondye. (Li 2 Kwonik 34:18, 19.) Mete sou sa, lè w etidye Bib la, sa ka ede w wè fason ou ka amelyore kalite sèvis w ap bay Bondye a. Si w fè sa, fè sa ak tout kè w, menm jan ak Jozyas.

SÈVI JEWOVA AK TOUT KÈ W!

20, 21. a) Ki sa toule kat wa nou sot pale de yo la a te fè? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

20 Èske w wè byenfè nou jwenn lè n egzamine fason kat wa Jida nou sot pale de yo la a te sèvi Jewova ak tout kè yo? Yo te chofe pou yo fè volonte Bondye e yo te met tout yo menm ladan l. Yo te kontinye fè volonte Bondye. Yo te menm fè sa lè yo te devan gwo ènmi. Sa k pi enpòtan an, yo pa t ap sèvi Jewova ak move entansyon.

21 Jan nou pral wè sa nan atik ki vin apre a, toule kat wa nou sot pale de yo la a te fè erè. Aktout sa, lè Sila a ki konn egzamine kè a te byen egzamine wa sa yo, li te wè yo t ap sèvi l ak tout kè yo. Nou menm tou nou enpafè. Lè Jewova egzamine nou, èske l ap di n ap sèvi l ak tout kè nou? Annou egzamine kesyon sa a nan atik ki vin apre a.