Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

YON MONN TÈT ANBA

4 | Pwoteje esperans ou

4 | Pwoteje esperans ou

POUKISA SA ENPÒTAN?

Enkyetid ki gen nan monn tètchaje sa a ka agrave sitiyasyon moun yo nan domèn fizik ak nan domèn emosyonèl. Anpil moun ki viktim kalite evènman sa yo pa wè okenn espwa pou lavni. Ki jan yo reyaji?

  • Anpil nan yo refize panse ak lavni.

  • Gen nan yo ki lage kò yo nan alkòl oswa dwòg pou yo ka bliye pwoblèm yo.

  • Gen kèk nan yo ki fè konprann lanmò pi bon pase lavi. Yo mande tèt yo “Poukisa pou m kontinye viv?”.

Sa w ta dwe konnen

  • Gen kèk nan pwoblèm w ap rankontre yo ki ka la pou yon ti tan e sanzatann, sa ka chanje pou vin pi bon.

  • Menmsi sitiyasyon w pa ta chanje, gen bagay ou ka fè pou ede w jere sa.

  • Bib la bay bonjan espwa, yon solisyon k ap dire pou tout pwoblèm lèzòm yo.

Sa w ka fè kounye a

Men sa Bib la di: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen, paske demen ap gen pwòp pwoblèm pa l. Chak jou gen kont traka pa l.” — Matye 6:34.

Viv yon jou alafwa. Pa kite enkyetid konsènan demen anpeche w fè sa w ta dwe fè jodi a.

Plede enkyete pou bagay negatif ki ka rive, se sèlman ogmante l ap ogmante strès ou e l ap febli espwa w gen pou yon pi bon avni.

Bib la ofri bonjan espwa

Men sa youn nan moun ki te patisipe nan ekri Sòm yo te di Bondye nan yon priyè: “Pawòl ou se yon lanp pou pye m e li se yon limyè pou wout mwen.” (Sòm 119:105). Annou egzamine ki jan Bib la, pawòl Bondye a, jwe wòl sa yo:

Lè l fè nwa, yon lanp ap ede nou konnen kote pou n met pye nou. Menm jan an tou, Bib la gen sajès pratik ki ka gide nou lè n bezwen pran yon desizyon difisil.

Yon limyè ka klere wout nou yon fason pou n wè pi lwen devan nou. Menm jan an tou, Bib la ka ede nou wè pi klè ki sa demen sere pou nou.