Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ENTÈVYOU | RAJESH KALARIA

Yon moun ki etidye maladi sèvo bay rezon ki fè l kwè nan yon Kreyatè

Yon moun ki etidye maladi sèvo bay rezon ki fè l kwè nan yon Kreyatè

PWOFESÈ Rajesh Kalaria ap anseye nan inivèsite Newcastle, ann Angletè, e li te fè plis pase 40 an ap etidye sèvo moun. Yon lè, li te kwè nan evolisyon. Men apre sa, li te vin wè bagay yo yon lòt jan. Youn nan moun ki ekri nan Reveye n! yo te poze l kesyon sou travay li ak lafwa l vin genyen an.

Nan ki relijyon w te ye anvan?

Papa m te fèt ann End, e byenke manman m te fèt Ouganda, se ann End fanmi manman m soti. Se koutim Endou yo yo te plis suiv. Paran m yo gen twa timoun e se mwen menm ki dezyèm. Nou t ap viv Naywobi, nan peyi Kenya. Te gen plizyè lòt Endou ki t ap viv toupre nou.

Ki sa k fè w te vin enterese nan lasyans?

Mwen te toujou renmen bèt, e souvan, mwen te konn al mache nan mòn epi fè kanmping ak zanmi m pou n admire bèt yo ak plant yo. Okòmansman, mwen te vle aprann fè operasyon pou bèt. Men, apre m te fin gradye nan yon lekòl teknik ki Naywobi, mwen t al nan inivèsite Lonn nan, ann Angletè, pou m etidye fason maladi devlope. Annapre, mwen te vin plis konsantre m sou fè rechèch sou sèvo moun.

Èske etid ou te fè yo te gen efè sou kwayans ou?

Wi. Plis m t ap etidye lasyans, se plis m te twouve l difisil pou m kwè nan lejann ak tradisyon Endou yo, tankou adore bèt ak imaj.

Ki jan w te fè vin kwè nan evolisyon?

Lè m te jèn, anpil moun mwen te konnen te kwè se ann Afrik evolisyon an te kòmanse, e souvan, nou te konn pale sou sa nan lekòl nou. Epi, anseyan yo ak pwofesè inivèsite yo te fè elèv yo kwè tout syantifik serye kwè nan evolisyon.

Men, poukisa w te vin wè fason lavi te kòmanse yon lòt jan?

Mwen te gentan gen kèk ane ap etidye byoloji ak anatomi, lè yon lòt etidyan te pataje avè m sa l t ap aprann sou Labib ak Temwen Jewova yo. Sa te fè m anvi konn plis. Donk, lè Temwen Jewova yo te fè yon asanble nan lekòl mwen te ladan l ki Naywobi a, mwen t al asiste l. Annapre, de misyonè Temwen Jewova te esplike m kèk bagay sou sa Bib la anseye. Yo te kwè gen yon Moun ki kreye tout bagay e ki bay repons pou gwo kesyon moun konn poze sou lavi a. Kwayans yo te fè sans pou mwen, yo pa t sanble ak lejann.

Èske sa w te aprann nan domèn medikal la te anpeche w kwè se Bondye ki kreye tout bagay?

Non, okontrè! Toutpandan m t ap etidye anatomi, mwen te wè jan tout sa ki vivan byen fèt e jan yo sofistike. Se sa k fè, mwen pa t ka kontinye kwè se konsa bagay sa yo annik rete yo vin nan nivo yo ye a.

Èske w ka ban nou yon egzanp?

Depi nan kòmansman ane 1970 yo, m ap etidye sèvo moun, e ògàn san parèy sa a pa janm sispann fè m sezi. Se la tout panse nou ak memwa nou chita e se li menm tou ki kontwole anpil nan aktivite kò n ap fè. Se sèvo a ki kontwole sans nou yo tou, li entèprete enfòmasyon ki soti ni anndan ni deyò kò a.

Rezon prensipal ki fè sèvo n fonksyone konsa se paske gen anpil reyaksyon chimik konplike k ap fèt anndan l ak yon pakèt ti gwoup newón ki se selil ki pi enpòtan nan sèvo a. Sèvo yon moun gen plizyè milya newón, e newón sa yo kominike youn ak lòt pa mwayen yon seri fil ki long yo rele aksòn. Grasa aksòn sa yo, yon sèl newón ka fè plizyè milye koneksyon ak lòt newón pa mwayen plizyè branch fil yo rele dandrit. Se sa k fè, kantite koneksyon ki gen nan sèvo a vrèman anpil! Anplis de sa, byenke newón ak dandrit ki nan sèvo a anpil, yo tout fonksyone yon fason ki presi e nan lòd. Fason koneksyon yo fèt nan sèvo nou vrèman estrawòdinè!

Èske w ka ban nou plis esplikasyon tanpri?

Koneksyon sa yo fèt pi byen toujou pandan yon tibebe ap grandi nan vant manman l e menm apre l fin fèt. Newón yo voye yon seri fil bay lòt newón yo byen vize ki gendwa a anviwon kèk santimèt youn lòt. Yon distans ki vrèman anpil pou selil yo. Epi, yon fil gendwa pa sèlman ap chèche yon selil byen presi pou l konekte avè l, men, li gendwa bezwen yon pati byen presi nan selil sa a.

Lè yon nouvo fil ap soti nan yon newón, gen yon seri pano chimik ki gide l, se kòmsi y ap di l “kanpe”, “ale” oubyen “vire”, jiskaske fil la rive kote l vize a. Si enstriksyon yo pa t klè, fil k ap soti yo pa t ap konn kote pou yo fè. Travay sa a vrèman byen òganize, e li kòmanse fèt grasa enfòmasyon ki nan ADN nou.

Se sa k fè, nou poko janm ka fin konprann fason sèvo a devlope epi fonksyone, pa egzanp, nou pa konprann ki jan nou fè gen memwa ak santiman epi ki jan nou fè reflechi. Pou mwen menm, fonksyone sèvo a annik ap fonksyone sèlman, san m pa bezwen pale sou travay l ap fè yo ak jan l vrèman byen devlope, fè m wè gen yon Moun ki gen yon sèvo ki pi estrawòdinè lontan pase pa n.

Ki sa k fè w chwazi vin Temwen Jewova?

Temwen Jewova yo te ban m prèv ki fè m wè Labib se Pawòl Bondye. Pa egzanp, Labib pa yon liv lasyans, men, lè l ap pale sou sijè ki gen rapò ak lasyans, sa l di yo toujou egzak e pwofesi li anonse yo reyalize yon fason ki egzak tou. Labib amelyore lavi moun ki aplike sa l anseye yo. Lavi m se yon prèv ki montre sa. Depi lè m vin Temwen Jewova nan ane 1973, m toujou kite Labib gide m. Kòm rezilta, lavi m gen yon sans e m satisfè toutbon.