Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon kanpay ki te byen planifye e ki te bay bon rezilta

Yon kanpay ki te byen planifye e ki te bay bon rezilta

María Isabel, yon jèn pwoklamatris ki zele, ap viv nan yon vil ki rele San Bernardo, nan peyi Chili, ann Amerik disid. Li menm ak fanmi l soti nan tribi Mapich. Fanmi sa a te travay anpil pou te ka vin gen yon kongregasyon nan lang Mapich yo. Yo konn rele lang sa a Mapoudoungoun tou.

Lè frè yo te fè konnen yo t ap selebre Memoryal lanmò Kris la nan lang Mapoudoungoun e yo t ap gen pou yo distribye 2 000 fich envitasyon nan lang sa a, María Isabel te poze tèt li yon kesyon. Li te di: “Ki jan m ka bay èd mwen?” Li te panse ak lòt jèn Temwen ki te jwenn bon rezilta lè yo te preche elèv ki nan menm lekòl ak yo ansanm ak pwofesè yo. Li te pale de sa ak manman l ak papa l e yo te deside kite María Isabel eseye jwenn yon fason pou l distribye envitasyon yo nan lekòl la. Ki sa María Isabel te fè?

Premye bagay li te fè, li te mande moun ki responsab lekòl la pèmisyon pou l mete yon envitasyon devan antre prensipal lekòl la. Nonsèlman yo te ba l pèmisyon fè sa, men, yo te felisite l tou pou inisyativ li te pran an. Yon jou maten, pandan direktè a t ap fè apèl, li te menm sèvi ak opalè a pou l pale de envitasyon an.

Apre sa, María Isabel te mande pèmisyon pou l vizite tout klas yo. Apre pwofesè yo fin ba l pèmisyon fè sa, li te pase nan chak klas pou l mande si gen elèv ki soti nan tribi Mapich. Men sa María Isabel di: “Mwen te panse te gen petèt 10 oswa 15 elèv ki soti nan tribi Mapich. Men te gen pi plis pase sa. Mwen te bay 150 envitasyon nan lekòl la!”

“LI TE PANSE LI T APRAL RANKONTRE YON MOUN KI PI GRAN”

Gen yon dam ki te wè fich envitasyon ki nan antre lekòl la ki te mande ak ki moun pou l pale konsènan evènman an. Se pa ti sezi l te sezi lè yo te prezante l yon tifi ki gen 10 an! María Isabel te souri e l te di: “Li te panse li t apral rankontre yon moun ki pi gran.” Apre María Isabel te fin ba l yon fich envitasyon ak yon esplikasyon tou kout sou envitasyon an, li te mande dam nan adrès li pou li menm ak paran l te ka retounen vizite dam nan pou yo aprann li plis bagay sou Wayòm Bondye a. Se pa ti kontan 20 pwoklamatè k ap preche nan lang Mapoudoungoun nan te kontan wè dam María Isabel te bay envitasyon an ansanm ak 26 lòt moun ankò, ki soti nan tribi Mapich, nan Memoryal la! Kounye a, gwoup sa a se yon kongregasyon k ap fè bonjan pwogrè!

Kèlkeswa laj ou, èske w pa ta ka pran inisyativ pou w envite elèv ki nan menm lekòl avè w oswa moun k ap travay menm kote avè w, pou yo vin asiste Memoryal la, yon kongrè distri oswa pou yo vin tande yon diskou piblik? Poukisa w pa fè rechèch nan piblikasyon yo pou w jwenn kèk eksperyans frè ak sè yo te fè ki ta kapab ba w kèk ide sou fason ou ka rive fè sa? Yon lòt bagay ou kapab fè, se priye Jewova pou l ba w lespri sen yon fason pou w ka gen kouraj pou w fè lòt moun konnen l (Lik 11:13). Si w fè sa, w ap byen kontan wè rezilta w jwenn dèske w te fè bonjan planifikasyon e sa kapab ankouraje w tou.