Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwoche bò kote Bondye bon pou mwen

Pwoche bò kote Bondye bon pou mwen

LÈ M te gen nevan, kò m te sispann grandi. Sa gen 34 an depi sa te rive nan peyi Kotdivwa, e jis jounen jodi a mwen mezire sèlman yon mèt wotè. Lè sitiyasyon m nan te vin parèt aklè, paran m yo te ankouraje m travay di pou m pa plede ap panse ak fizik mwen. M te vin ap vann fwi sou tab devan lakay mwen e m te toujou byen ranje fwi yo sou tab la. Sa te fè m gen anpil kliyan.

Se vre m te konn travay di, men, sa pa t chanje tout bagay. M te toujou kout anpil e m te oblije ap goumen pou m fè menm bagay ki senp nan lavi a, tankou rive nan wotè kontwa magazen yo. Sanble yo te fè tout bagay pou moun ki de fwa pi wo pase m. Sitiyasyon m nan te fè m tris, men, sa te vin chanje lè m te gen 14 an.

Gen yon jou, de dam ki Temwen Jewova te vin achte fwi nan men m, e yo te kòmanse etidye Labib avè m. Sa pa t pran tan pou m vin konprann gen bagay ki pi enpòtan pase fizik mwen, anpalan de Jewova ak objektif li genyen. Sa te fè m santi m byen. Sòm 73:28 (NW) te vin tounen vèsè m pi renmen. Premye pati vèsè sa a di: “Pwoche bò kote Bondye bon pou mwen.”

Bridsoukou, fanmi m t al viv Boukina Faso e lavi m te chanje nèt. Moun nan katye kote m te rete Kotdivwa a te abitye wè m bò tab mwen t ap vann fwi a. Men, m te yon etranje nan nouvo katye m te rete a e anpil moun te konsidere m kòm yon moun ki dwòl. Yo te konn ret ap gade m. Sa te konn fè m ret lakay mwen pandan plizyè semèn. Se lè sa a m te vin sonje jan pwoche bò kote Jewova bon pou mwen. M te ekri biwo filyal Temwen Jewova yo e se bon moun nan ki te vin vizite m, anpalan de Nani, yon misyonè ki te gen yon ti moto.

Wout nan katye kote m te rete a te chaje ak sab, yo te toujou glise, e lè gen lapli, yo te chaje ak labou. Nani te konn sot tonbe sou ti moto l la plizyè fwa lè l ap vin fè etid mwen, men, li pa t janm bay vag. Yon lè, li te ofri m pou l mennen m nan reyinyon. M te vin konprann sa te vle di pou m soti kite kay mwen kote anpil moun pral gade m. Epitou, monte dèyè ti moto a t apral fè l pi lou, sa ki t ap fè l pi difisil pou Nani kondui l. Malgre sa, m te dakò, paske m te sonje dezyèm pati nan vèsè mwen pi renmen an di: “Mwen fè Jewova, Seyè ki Souvren an, tounen refij mwen.”

Pafwa Nani avè m te konn tonbe nan labou, men, sa te vo lapenn pou n al nan reyinyon yo. Se pa ti diferan souri moun nan Sal Wayòm nan te konn ban m yo te diferan ak fason moun deyò yo te konn wè m! Nèf mwa annapre, mwen te batize.

Twazyèm pati nan vèsè m pi renmen an di: “Pou m ka fè konnen tout aksyon l fè yo.” M te konnen travay predikasyon an t ap difisil anpil pou mwen. M toujou sonje premye fwa m t al preche kay an kay. Timoun kou granmoun te ret ap gade m, yo t ap mache dèyè m e yo t ap chare fason m mache. Sa te fè m mal anpil, men, mwen toujou di tèt mwen yo bezwen Paradi a menm jan avè m, se sa k fè m pa t bay legen.

Pou bagay yo te ka pi fasil pou mwen, m te vin gen yon bekàn twa wou ki gen pedal moun itilize ak men. Moun ki te konn akonpaye m nan travay predikasyon an te konn pouse m lè n ap monte yon pant, men, lè n ap desann, li te konn monte sou bekàn nan pandan n ap pran vitès pou n desann. Travay predikasyon an ki te difisil okòmansman an te vin yon aktivite ki ban m anpil kè kontan, konsa, nan ane 1998, m te pran sèvis pyonye pèmanan.

Mwen t ap etidye Labib ak anpil moun e kat ladan yo te vin batize. Mete sou sa, se pa ti kontan m te kontan wè youn nan sè m yo vin aksepte laverite! Lè m tande pwogrè lòt moun ap fè, byen souvan, sa ban m ankourajman mwen bezwen nan bon moman an. Yon jou, pandan m t ap soufri anba yon lafyèv malarya, m te resevwa yon lèt ki sot Kotdivwa. Pandan m te Boukina Faso, m te kòmanse etidye Labib ak yon etidyan inivèsite nan pa pòt kay li epi m te bay yon frè kontinye etid la. Annapre, etidyan an t al viv Kotdivwa. Se pa ti kontan m te kontan aprann li vin yon pwoklamatè ki poko batize!

Ki sa m fè pou m pran swen tèt mwen? Gen yon òganizasyon ki konn ede moun andikape ki te ofri m pou yo montre m koud. Gen yon enstriktè ki te remake fason m travay byen ki te di: “Nou dwe montre w fè savon.” E yo te fè sa vre. M te vin konn fè savon lesiv ak savon yo itilize nan kay. Gen moun ki renmen savon m yo e ki ankouraje lòt moun achte l. Se mwen menm ki pote l bay kliyan yo sou ti moto twa wou a.

Malerezman, an 2004, akoz kolòn vètebral mwen ki defòme, m te tèlman vin gen doulè m te oblije sispann sèvis pyonye a. Malgre sa, mwen toujou patisipe nan travay predikasyon an ak tout kè m.

Gen moun ki di tout moun konnen m kòm yon moun ki gen yon bèl souri. Mwen gen tout rezon pou kè m kontan paske pwoche bò kote Bondye bon pou mwen. — Dapre Sarah Maiga.