Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi

Prepare pitit ou ki adolesan pou lè yo granmoun

Prepare pitit ou ki adolesan pou lè yo granmoun

“Lontan, mwen te konn pran plezi pou m pale ak pitit gason m yo. Apre yo fin byen koute sa m di yo, yo te konn reyaji san pèdi tan. Men kounye a, pandan yo adolesan an, nou toujou nan diskisyon pou tout bagay. Menm aktivite ki gen rapò ak adorasyon nou antanke fanmi, yo vin pa renmen yo ankò. Yo konn mande m: ‘Èske nou oblije pale sou Labib?’ Anvan pitit gason m yo te rive nan adolesans yo, mwen pa t janm panse yon bagay konsa te ka rive nan fanmi m, malgre m te konn wè sa rive nan lòt fanmi.” —Franck *.

ÈSKE w ap leve yon adolesan? Si wi, ou dwe ap fè fas ak youn nan etap ki pi enteresan nan devlopman l. Anmenmtan, etap sa a kapab enkyetan anpil pou ou tou. Èske w viv sitiyasyon nou pral site la yo deja?

  • Lè pitit gason w lan te pi piti, li te tankou yon bato ki kwochte sou yon waf. E waf sa a se te ou menm. Kounye a, li vin adolesan e se kòmsi l ap rale kòd bato a, li anvi demare l pou l pran lanmè pou li. E ou menm ou gen enpresyon li pa vle w vin sou bato a.

  • Lè pitit fi w te piti, li te konn di w tout afè l. Kounye a, li vin adolesan, li fè gwoup zanmi pa l e w santi li pa vle w fè pati gwoup zanmi sa a.

Si gen yon bagay konsa ki rive lakay ou, pa kouri panse pitit ou a vin yon rebèl e pèsonn pa ka ranje l. Men, sa k ap pase l konsa a? Pou nou reponn kesyon sa a, annou konsidere wòl enpòtan peryòd adolesans lan jwe nan devlopman pitit ou a.

Peryòd adolesans lan se yon etap ki enpòtan

Depi lè yon timoun fèt, gen yon seri bagay lè yo rive se premye fwa yo rive nan lavi l, tankou lè l fèk ap mache, premye pawòl li di, premye jou lekòl li, eksetera. Paran yo kontan lè pitit yo rive nan yon etap enpòtan nan lavi yo. Chak etap timoun nan pase demontre l ap grandi.

Peryòd adolesans lan se yon etap ki enpòtan tou, byenke gen paran ki gendwa pa akeyi l avèk kè kontan. E nou ka konprann sa. Apre tou, ki papa oswa ki manman ki kontan wè yon timoun ki te obeyisan vin tounen yon adolesan ki pa stab nan tanperaman l? Malgre sa, peryòd sa a se yon etap enpòtan nan devlopman timoun yo. Nan ki sans?

Labib fè konnen rive yon lè “gason an va kite papa l ak manman l”. (Jenèz 2:24.) Yon bagay enpòtan peryòd adolesans lan fè, sèke li ede pitit gason w oubyen pitit fi w prepare l pou jou sa a ki bay ni kè kontan ni tristès. Lè jou sa a rive, menm jan ak apot Pòl, pitit ou ta dwe kapab di: “Lè m te timoun, mwen te pale tankou timoun, mwen te konprann tankou timoun, mwen te fè tèt mwen travay tankou timoun. Men, kounyeya mwen fin gran, mwen kite tou sa timoun te konn fè.” —1 Korentyen [1 Korent] 13:11.

Anfèt, se sa menm pitit gason w oubyen piti fi w la ap fè pandan l adolesan an. L ap kite tou sa timoun konn fè yon fason pou l ka vin yon jèn adilt ki responsab e ki gen matirite ase pou l kite kay la. Anfèt, gen yon ouvraj referans ki dekri peryòd adolesans lan yon fason ki enteresan, li dekri l kòm yon “gwo orevwa”.

Se vre, kounye a ou gendwa pa fin kwè “ti” pitit gason w lan oubyen “ti” pitit fi w la ka vin endepandan. Ou ka ap mande tèt ou:

  • “Si pitit gason m nan pa responsab ase pou l kenbe chanm li annòd, ki jan l pral fè pran swen yon kay?”

  • “Si pitit fi m nan pa kapab respekte lè mwen fikse pou l rantre lakay li, ki jan l ap fè kenbe yon travay?”

Si w gen enkyetid sa yo, l ap bon pou w sonje endepandans se pa yon pòt pitit ou a ap annik travèse, men se yon wout l ap vwayaje sou li e l ap pran plizyè ane pou l fini vwayaj la. Annatandan, ou konnen, dapre sa w wè, “sotiz tache nan kè yon tigason” oswa yon tifi. —Pwovèb 22:15, NW.

Sepandan, si w bay pitit ou a bonjan direksyon, lè l kite peryòd adolesans lan, l ap vin yon jèn adilt ki responsab e ki “konn fè diferans ant sa ki bon ak sa ki mal”. —Ebre 5:14.

Sekrè pou w reyisi

Si pitit ou a ki adolesan te aji yon fason ki montre l responsab, èske w pa ta ka ba l plis libète?

Pou w ka prepare pitit ou ki adolesan pou l ka vin yon adilt, ou bezwen ede l devlope ‘kapasite li genyen pou l rezone’ yon fason pou l ka pran bon desizyon poukont li (Women 12:1, 2, NW). Prensip biblik ki pi ba yo ap ede w fè sa.

Filipyen 4:5, NW: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” Ann sipoze pitit ou ki adolesan mande w yon bagay, petèt li mande w pou w fikse yon lè pou l rantre lakay li ki pi ta pase sa w te deja fikse a. Menm moman an ou refize. Li kòmanse plenyen, li di: “Ou trete m tankou yon timoun piti!” Anvan w kouri di l: “Ebyen, ou aji tankou yon timoun piti”, reflechi sou pwen sa a: adolesan yo gen tandans mande plis libète pase sa yo kapab jere, men paran yo gen tandans ba yo mwens libète pase sa yo te ka ba yo. Èske w pa ta ka montre w konsilyan detanzantan? Èske omwen ou pa ta kapab konsidere pwennvi pitit ou a?

MEN SA W KA FÈ: Ekri youn oubyen de domèn kote w ka bay pitit ou ki adolesan yon ti libète anplis. Esplike l libète w ba li a se yon tès. Si l aji yon fason ki responsab, avèk letan, w ap ba l plis libète. Men si l pa montre l responsab, w ap retire sou libète w te ba li a. —Matye 25:21.

Kolosyen 3:21, NW: “Nou menm papa, pa irite timoun nou yo, dekwa pou yo pa dekouraje.” Gen kèk paran ki eseye kontwole pitit yo alekstrèm. Pou l pa fè sa k pa sa, sa k rete pou yo fèmen l nan kay la pa anpil. Yo chwazi kiyès ki pou zanmi l e yo koute konvèsasyon l genyen nan telefòn san l pa konnen. Men, pwoblèm nan, sèke tout manèv sa yo ka pa bay rezilta y ap atann nan. Si yo jennen l twòp, yon sèl bagay sa ka fè se fè l anvi kouri lwen yo. Lè w toujou ap kritike zanmi timoun nan, sa ka fè l kole sou zanmi sa yo pi plis, e lè w chèche koute sa l ap di nan telefòn, sa ka fè l chèche lòt mwayen pou l kominike ak zanmi l yo san w pa konnen. Plis ou eseye gen kontwòl sou li, se mwens w ap gen kontwòl sou li vre. Vrèman, si pitit ou ki adolesan pa janm aprann pran desizyon poukont li pandan li nan kay la, ki jan l ap ka pran desizyon apre l fin kite kay la?

MEN SA W KA FÈ: Pwochèn fwa ou pale ak pitit ou a ki adolesan konsènan yon bagay ki enkyete w, ede l rezone sou fason chwa l fè yo ka gen yon efè sou li. Pa egzanp, olye w kritike zanmi l yo, ou kapab di: “E si yo ta arete entèl poutèt li vyole lalwa, ki sa lòt moun t ap panse de ou?” Ede l wè ki jan chwa l fè yo kapab swa fè l gen yon pi bon repitasyon, swa kraze repitasyon l. —Pwovèb 11:17, 22; 20:11.

Efezyen 6:4, NW: “Pa irite pitit nou, men kontinye leve yo nan disiplin Jewova ak nan avètisman l bay.” Mo grèk lè yo tradui l ki bay “avètisman” an vle di plis pase annik fè konnen kèk bagay. Li vle di fè apèl ak sans moral timoun nan genyen an yon fason pou sans moral sa a ka gen yon enfliyans sou aksyon l yo. Sa enpòtan sitou lè pitit ou a vin yon adolesan. Men sa yon papa ki rele Andre di: “Plis pitit ou a ap grandi, se plis ou bezwen adapte fason w trete l e ou bezwen rezone avè l olye w di l sa pou l fè.” —2 Timote 3:14.

MEN SA W KA FÈ: Lè gen yon pwoblèm, eseye chanje wòl avè l. Mande l ki konsèy li t ap ba ou si se ou menm ki te pitit li. Fè l fè rechèch pou l ka bay enfòmasyon k ap soutni konsèy li bay la oswa k ap montre konsèy li te bay la pa bon. Apre yon semèn, repale sou pwoblèm nan ankò.

Galat 6:7: “Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.” Ou ka disipline yon timoun pa mwayen yon pinisyon. Petèt ou ka voye l nan chanm li oubyen ou ka pa kite l fè yon bagay li renmen anpil. Men lè se yon adolesan, li ka bon pou w fè l konprann konsekans aksyon l yo ap genyen. —Pwovèb 6:27.

MEN SA W KA FÈ: Pa peye dèt li pou li oubyen pa al pale ak pwofesè l yo pou w chèche bay rezon ki fè l pa t fè mwayèn li. Kite l sibi konsekans yo, e leson sa a ap ede l nan lavi l.

Antanke paran, sandout ou ta renmen pitit ou pase peryòd adolesans lan san pwoblèm pou l vin yon adilt. Sepandan, byen souvan peryòd sa a vin ak pwoblèm. Men, peryòd adolesans lan ba w yon bèl okazyon pou w bay pitit ou “prensip li dwe swiv”. (Pwovèb 22:6.) Prensip ki nan Bib la se yon bon baz k ap pèmèt fanmi w viv ak kè kontan.

^ § 3 Yo chanje non an.

MANDE TÈT OU...

Lè lè a rive pou pitit mwen an ki adolesan kounye a kite kay la, èske l ap kapab:

  • kontinye gen yon pwogram nan domèn espirityèl

  • fè bon chwa epi pran bon desizyon

  • byen kominike ak lòt moun

  • veye sou sante l

  • jere kòb li

  • pran swen yon kay

  • dirije tèt li