Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo gen respè ak diyite anba pwoteksyon Bondye

Yo gen respè ak diyite anba pwoteksyon Bondye

LÈ Jezi te sou tè a, li te reflete pèsonalite Papa l ki nan syèl la yon fason pafè e li te konn aji egzakteman jan Papa l t ap aji. Men sa Jezi te di: “Se pa mwen poukont mwen ki deside fè anyen, men, se sa Papa a anseye m mwen di [...] mwen toujou fè sa ki fè l plezi.” ​(Jan 8:28, 29; Kolosyen 1:15). Donk, lè nou wè fason Jezi te konn boule ak fi ak fason li te konpòte l ak yo, nou ka konprann pwennvi Bondye genyen sou fi e ki sa li atann de yo.

Lè kèk biblis egzamine sa yo rapòte nan Evanjil yo, yo rann yo kont pwennvi Jezi te genyen sou fi yo totalman diferan ak fason gason nan epòk pa l la te konsidere fi. Men, poukisa fason li wè fi yo te diferan konsa? E sa ki pi enpòtan ankò, èske ansèyman l yo pèmèt fi jwenn plis libète jodi a?

Fason Jezi te konn trete fi

Jezi pa t konsidere fi kòm yon objè ki la pou satisfè dezi seksyèl gason. Selon pwennvi kèk dirijan relijye Juif, depi yon gason pran kontak ak fi sa ap fè l vin gen anvi seksyèl kanmenm. Lefètke yo te panse fi ka fè yo tonbe nan tantasyon, yo te entèdi fi yo pale ak gason an piblik e fi yo pa t ka soti deyò san yo pa t mete yon vwal sou tèt yo. Tandiske, Jezi li menm te konseye gason yo pou yo metrize dezi lachè yo genyen e pou yo trete fi avèk diyite olye pou yo izole yo nan sosyete a. — Matye 5:28.

Anplis de sa, men sa Jezi te di: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li e k al marye ak yon lòt fi, moun sa a fè adiltè sou madanm li.” ​(Mak 10:11, 12). Jezi te rejte ansèyman raben yo, ansèyman ki te kouran nan epòk la, kote yo te fè konprann yon gason gen dwa divòse ak madanm li “pou nenpòt ki rezon”. (Matye 19:3, 9.) Afè pou yon gason fè adiltè sou madanm li an se yon bagay ki te etranj pou pifò Juif. Raben yo te fè konnen yon mari pa janm ka fè adiltè sou madanm li, se fi sèlman ki ka pa fidèl ak mari l! Men sa yon biblis te di: “Lefètke Jezi bay mari yo menm obligasyon ak madanm yo nan domèn moral, li te reyose ni valè medam yo genyen ni diyite yo.”

Enfliyans ansèyman Jezi a gen sou moun jodi a: Nan kongregasyon Temwen Jewova yo, fi yo ka pwofite konpayi gason yo nan reyinyon, yo ka pale avèk yo san pwoblèm. Epi, yo pa pè kòmkwa pou yon gason ta gade yo avèk move lide oubyen pou l ta aji yon fason ki mete yo malalèz, paske gason ki kretyen yo konnen yo dwe trete ‘granmoun fi yo tankou se te manman yo. Jèn medam yo tankou se te sè yo, san okenn move lide.’ — 1 Timote 5:2.

Jezi te pran tan pou l anseye fi. Kontrèman ak pwennvi raben yo te genyen kote yo te vle kenbe fi yo nan inyorans, Jezi te anseye fi yo e li te ankouraje yo pou yo di sa k nan panse yo. Lefètke Jezi te ankouraje Mari pou l vin koute ansèyman li t ap bay la pou l te ka aprann, Jezi montre plas yon fi se pa nan kuizin lan li ye sèlman (Lik 10:38-42). Mat, sè Mari a, te jwenn byenfè tou nan ansèyman Jezi t ap bay la, sa parèt klè nan bonjan repons li te bay Jezi apre lanmò Laza. — Jan 11:21-27.

Sa fi yo panse te gen enpòtans pou Jezi. Nan epòk Jezi a, pifò medam juif yo te kwè sekrè pou yon fi gen kè kontan se pou l gen yon bon pitit gason, si posib yon pwofèt. Lè yon dam te di Jezi byen fò: “Byennere fi ki te pote w nan vant li!” a, Jezi te pwofite okazyon an pou l montre dam yo yon bagay ki pi enpòtan (Lik 11:27, 28). Lefètke Jezi te fè l konnen relasyon yon moun gen ak Bondye se bagay ki pi enpòtan, li te atire atansyon dam nan sou yon bagay ki pi enpòtan pase wòl yo abitye bay fi yo jwe nan sosyete a. — Jan 8:32.

Enfliyans ansèyman Jezi a gen sou moun jodi a: Gason ki anseye nan kongregasyon kretyen yo kontan koute kòmantè fi yo fè nan reyinyon yo. Yo demontre respè pou fi ki gen matirite paske yo se moun ki “anseye sa ki byen,” yo bay bon egzanp ni an prive ni lè yo avèk moun (Tit 2:3). Yo konte sou medam yo tou pou yo preche bon nouvèl Wayòm Bondye a an piblik. — Sòm 68:11; gade kare ki gen tit:  “Èske apot Pòl te entèdi fi yo pale?” ki nan paj 9 la.

Jezi te gen sousi pou fi. Nan tan biblik yo, paran yo pa t bay pitit fi yo menm valè ak pitit gason yo. Nan Talmid la yo montre konsepsyon sa a moun yo te genyen an aklè. Men sa l di: “Byennere moun ki gen pitit gason, e malè pou moun ki gen pitit fi.” Gen kèk paran ki te konsidere pitit fi yo tankou yon gwo chay. Se paran yo ki te dwe chèche yon gason pou pitit fi yo marye e yo te dwe bay fanmi gason an lajan pou sa, e yo pa t ka konte sou pitit fi yo genyen pou l ede yo lè yo vin granmoun.

Jezi te montre lavi yon tifi gen menm enpòtans ak lavi yon ti gason lè l te resisite pitit fi Jayiris la, menm jan l te fè sa pou pitit gason vèv ki te Nayin la (Mak 5:35, 41, 42; Lik 7:11-15). Apre Jezi te fin geri yon dam ki te gen yon “movèzespri sou li ki te fè l malad depi dizuit an,” Jezi te rele fi sa a “pitit Abraram,” yon ekspresyon moun prèske pa t konn wè nan liv Juif yo (Lik 13:10-16). Lè Jezi te sèvi ak ekspresyon sa a ki montre respè ak jantiyès, li pa t konsidere dam sa a kòm yon moun ki gen plas li nan sosyete Juif la sèlman men tou li te rekonèt gwo lafwa dam nan gen nan Bondye. — Lik 19:9; Galat 3:7.

Enfliyans ansèyman Jezi a gen sou moun jodi a: Gen yon pwovèb azyatik ki di: “Lè yon moun ap leve yon pitit fi se tankou l ap wouze jaden yon vwazen.” Papa ki kretyen e ki renmen pitit yo pa kite yon konsepsyon konsa gen enfliyans sou yo. Yo byen pran swen tout pitit yo, gason kou fi. Paran ki kretyen yo dwe veye pou tout timoun yo genyen resevwa bonjan fòmasyon ak bonjan swen medikal.

Jezi te onore Mari, moun Magdala a, lè l te ba l privilèj pou l fè apot li yo konnen li resisite.

Jezi te fè fi konfyans. Nan tribinal Juif yo, lè yon fi te bay yon temwayaj yo te konsidere temwayaj sa a te gen menm valè ak temwayaj yon esklav sèlman. Men konsèy Jozèf, yon istoryen nan premye syèk la, te bay: “Moun pa dwe janm fè fi konfyans, paske yo se moun ki frivòl e yo aji avèk neglijans.”

Tandiske, Jezi te chwazi pou se fi k al bay temwayaj sou rezirèksyon l (Matye 28:1, 8-10). Malgre medam fidèl sa yo te temwen ak je yo lè yo t ap egzekite Seyè yo a e yo te wè kote yo te antere l la, apot yo te mal pou kwè pawòl medam yo te di a (Matye 27:55, 56, 61; Lik 24:10, 11). Sepandan, lefètke se devan fi Jezi te parèt an premye apre Bondye te resisite l, Jezi montre li gen konfyans fi yo ka bay temwayaj menm jan ak lòt disip li yo. — Travay 1:8, 14.

Enfliyans ansèyman Jezi a gen sou moun jodi a: Nan kongregasyon Temwen Jewova yo, gason ki gen responsablite yo montre apresyasyon pou fi lè yo pran an konsiderasyon sa yo panse. Anplis de sa, mari ki kretyen yo “onore” madanm yo lè yo pran tan pou yo koute yo. — 1 Pyè 3:7; Jenèz 21:12.

Prensip ki nan Bib la ede fi yo viv ak kè kontan

Moun ki suiv prensip ki nan Bib la respekte fi e yo trete yo avèk diyite.

Lè gason yo imite egzanp Jezi Kris, yo demontre respè pou fi yo e yo ba yo libète jan Bondye vle pou medam yo jwenn sa (Jenèz 1:27, 28). Olye mari ki kretyen yo dakò ak ide ki fè kwè gason dwe domine sou fi, yo suiv prensip ki nan Bib la pito e prensip sa yo ede madanm yo viv ak kè kontan. — Efezyen 5:28, 29.

Lè Yelena te kòmanse etidye Bib la, mari l te konn maltrete l e pa t gen moun ki te konn sa. Mari l te leve nan zòn kote moun te konn fè vyolans. Gen gason ki te konn kidnape fi yo vle pou madanm yo a. E nan zòn sa a li te kouran pou gason maltrete fi. Men sa Yelena di: “Sa m te aprann nan Bib la te ban m fòs. M te vin konprann gen yon moun ki renmen m anpil e m gen valè nan je l e l ap pran swen m. Anplis de sa, m te vin konprann, si mari m te etidye Labib, sa te ka fè l chanje konpòtman.” Rèv Yelena te reyalize lè mari l te resi dakò etidye Labib e apre sa li te batize, li te vin Temwen Jewova. Men sa Yelena di: “Li vin gen bonjan kontwòl sou tèt li e li vin yon bèl egzanp nan domèn metriz. Nou vin aprann padone youn lòt san grate tèt.” Pou fini, ki sa Yelena di? “Prensip ki nan Bib la vrèman ede m, yo fè m santi m gen valè e yo pwoteje maryaj mwen.” — Kolosyen 3:13, 18, 19.

Se pa Yelena sèlman ki fè eksperyans konsa. Gen plizyè milyon fi ki kretyen ki gen kè kontan paske ni yo menm ni mari yo fè efò pou yo aplike prensip ki nan Bib la nan maryaj yo. Lè yo frekante kretyen parèy yo yo jwenn moun ki respekte yo, ki rekonfòte yo e ki ba yo libète. — Jan 13:34, 35.

Ni gason ni fi ki kretyen yo konnen antanke moun enpafè e ki peche, yo fè pati kreyasyon Bondye a yo soumèt “anba vanite”. Sepandan, lefètke yo pwoche bò kote Jewova, Bondye ki renmen yo e ki se Papa yo, yo gen espwa yo pral “libere anba esklavaj yon kò k ap depafini.” E yo pral vin “gen libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa.” Ala yon bèl avni k ap tann ni gason ni fi anba pwoteksyon Bondye! — Women 8:20, 21.