Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 ANSEYE PITIT OU

Bondye ka gen lapèn — Kòman nou ka fè kè l kontan?

Bondye ka gen lapèn — Kòman nou ka fè kè l kontan?

Èske sa pa janm rive pou yon bagay tèlman ba w lapèn sa fè w kriye?  * Petèt, sa rive nou tout. Pafwa, bagay ki ban nou lapèn nan ka pa depann de nou. Yon moun ka bay yon manti sou nou. Sa ka fè n gen lapèn, pa vre? — Bondye tou konn gen lapèn lè moun bay manti sou li. Ann fè yon ti pale sou sa epi ann wè ki jan nou ka fè kè Bondye kontan olye nou fè l gen lapèn?

Bib la fè nou konnen, gen kèk moun ki te di yo renmen Bondye ki te “fè l lapèn” (NW). Se vre, yo te fè Bondye “lapèn” nan kè l! Men, pa gen okenn moun ki ka fè Jewova yon bagay ki pou fè l mal nan kò l. Jewova toupisan. Kounye a, ann wè poukisa Jewova ka gen lapèn lè nou pa fè sa l di.

De premye moun Bondye te kreye sou tè a te fè l gen anpil lapèn. Bondye te mete yo nan yon paradi sou tè a. Yo te rele paradi a “jaden Edenn”. Site non de moun Bondye te kreye yo. — Wi se sa, se Adan, epi apre sa, Bondye te fè Èv. Ann wè sa yo te fè ki te bay Jewova lapèn nan.

Apre Jewova te fin mete yo nan jaden an, li te di yo pou yo pran swen jaden an. Anplis de sa, li te di yo pou yo fè pitit e yo t ap gen posiblite pou yo viv nan jaden an san yo pa mouri. Men, anvan Adan ak Èv te fè pitit, gen yon bagay terib ki te pase. Èske w konnen sa k te pase? — Gen yon zanj ki te fè Èv rebele kont Jewova, apre sa Adan te rebele tou. Ann wè kòman sa te rive.

Zanj lan te sèvi ak yon sèpan, li fè kòmsi se sèpan an k ap pale. Sa Èv te tande a te fè l plezi. Sèpan an te di l l ap “vin tankou Bondye”. Konsa,  li te fè sa sèpan an te di l fè a. Èske w konnen sa Èv te fè a? — Èv te manje fwi ki nan pyebwa Jewova te di Adan pou yo pa manje ladan l lan. Anvan Bondye te kreye Èv, li te di Adan: “Ou mèt manje [fwi] tout pyebwa ki nan jaden an. Men, piga ou manje [fwi] pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske, jou ou manje l, w’ap mouri.”

Èv te konnen lwa sa a. Sepandan, li te ret ap gade pyebwa a epi ‘li wè jan pyebwa a bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li pran fwi a e li manje l.’ Apre sa, li pote bay Adan e Adan “manje tou”. Dapre ou menm, poukisa Adan te fè sa? — Se paske Adan te renmen Èv plis pase Jewova. Li te chwazi fè Èv plezi olye l fè Jewova plezi. Men, li pi enpòtan pou yon moun obeyi Jewova pase nenpòt lòt moun!

Èske w sonje koulèv oswa sèpan ki te pale ak Èv la? Menm jan yon moun gendwa ap pale epi li fè kòmsi se yon maryonèt k ap pale, se konsa tou te gen yon moun ki t ap pale e li te fè kòmsi se sèpan an k ap pale. Ki moun sa a ki te sèvi ak sèpan an pou l pale a? — Moun sa a se “sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele [Dyab la] osinon Satan”.

Èske w konnen kòman w ka fè kè Jewova kontan? — Ou ka fè kè l kontan lè w toujou fè efò pou w obeyi l. Satan di li ka fè tout moun fè sa l vle. Se sa k fè Jewova di nou : “Pitit mwen aprann gen bon konprann. Fè kè m kontan. Konsa, m a ka reponn moun k ap kritike m yo.” Satan ap moke Jewova. Li di li ka fè tout moun vire do bay Jewova. Se sa k fè, se pou w obeyi Jewova e se pou w sèvi l pou w ka fè kè l kontan! Èske w ap fè tout sa w kapab pou w obeyi l?

^ § 3 Si w ap li atik sa a ak yon timoun, tirè a ap fè w sonje pou w fè yon poz e pou w kite timoun nan di sa l panse.