Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 KONVÈSASYON AK YON MOUN NAN VWAZINAJ LA

Poukisa Bondye pèmèt soufrans?

Poukisa Bondye pèmèt soufrans?

Konvèsasyon ki vin apre a se stil konvèsasyon yon Temwen Jewova te ka genyen avèk yon moun nan vwazinaj li. Ann imajine gen yon Temwen Jewova ki rele Michèl ki rive lakay yon dam ki rele Sofya.

KI JAN BONDYE SANTI L DEVAN SOUFRANS NOU YO?

Michèl: Bonjou Sofya. M byen kontan jwenn ou lakay ou.

Sofya: M byen kontan wè w tou Michèl.

Michèl: Dènye fwa m te pase lakay ou, nou te pale sou fason Bondye santi l devan soufrans nou yo *. Ou te di nou se yon kesyon ou gen lontan depi w ap poze tèt ou sitou apre manman w te fin fè aksidan machin nan. Di m non, kòman li ye?

Sofya: Gen jou l bon, gen jou l pa bon. Men, jodi a li pa pi mal.

Michèl: M byen kontan aprann sa. Sa dwe difisil anpil pou w rete pozitif nan yon sitiyasyon konsa.

Sofya: Se vre. Pafwa m konn ap mande tèt mwen pandan konbyen tan l ap kontinye soufri.

Michèl: Se yon reyaksyon ki nòmal. Ou sonje, dènye fwa m te pase wè w la, m te poze w kesyon sa a: Si Bondye gen pouvwa pou l mete fen nan soufrans, poukisa l kite moun kontinye ap soufri?

Sofya: Wi, m sonje kesyon sa a.

Michèl: Anvan nou egzamine repons Bib la bay pou kesyon sa a, ann fè yon ti revizyon sou kèk pwen nou te pale dènye fwa a.

Sofya: Dakò.

Michèl: Toudabò, nou te aprann gen yon moun fidèl ki t ap viv nan tan biblik yo ki te mande poukisa Bondye pèmèt soufrans. Men, Bondye pa t fache sou li poutèt li te poze kesyon sa a, ni Bondye pa t di l se plis lafwa l bezwen genyen.

Sofya: Panse sa a te nouvo pou mwen.

Michèl: Anplis de sa, nou te aprann Jewova pa kontan ditou lè l wè n ap soufri. Pa egzanp, Bib la fè konnen lè pèp Bondye a te nan detrès, “se te yon detrès sa te ye” pou Bondye tou *. Èske sa pa rekonfòtan pou n konnen Bondye gen pitye pou nou lè n ap soufri?

Sofya: Wi, sa rekonfòtan.

Michèl: Finalman, nou te dakò, lè n reflechi sou tout pisans Kreyatè nou an genyen, se sèten li gen kapasite pou l aji e pou l mete fen nan tout soufrans nenpòt lè l vle.

Sofya: Se sa m pa fin konprann nan. Poukisa Bondye kite tout move bagay sa yo rive alòske li gen pouvwa pou l mete fen nan yo?

KIYÈS KI TE DI LAVERITE?

Michèl: Nou ka kòmanse jwenn repons kesyon w lan si nou ale nan liv Jenèz la, premye liv nan Bib la. Èske w abitye ak istwa Bib la rapòte sou Adan e Èv ak fwi Bondye te entèdi yo manje a?

Sofya: Wi, m te aprann istwa sa a nan lekòl di dimanch. Bondye te di yo pou yo pa manje fwi nan yon pyebwa, men yo pa t koute l, yo te manje fwi a.

 Michèl: Se sa. Kounye a, ann egzamine sa k te fè Adan ak Èv peche. Istwa sa a gen yon rapò dirèk ak kesyon poukisa n ap soufri a. Èske w vle li Jenèz chapit 3 vèsè 1 rive nan vèsè 5?

Sofya: Mèwi. “Sèpan se bèt ki te pi rize nan tout bèt raje Seyè a, Bondye a, te kreye. Li di fanm lan konsa: Eske Bondye te janm di piga nou manje [fwi] tout pyebwa ki nan jaden an? Fanm lan reponn sèpan an: Nou gen dwa manje [fwi] tout pyebwa ki nan jaden an. Men, kanta pou pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye di: Piga nou manje ladan l, piga nou manyen l menm. Sinon, n’ap mouri. Lè sa a, sèpan an di fanm lan: Se pa vre. Nou p’ap mouri kras. Bondye di nou sa paske li konnen jou nou manje ladan l, je nou va louvri. N’a vin tankou Bondye, n’a konn sa ki byen ak sa ki mal.”

Michèl: Mèsi. Ann egzamine vèsè sa yo pandan yon ti moman. Toudabò, w ap remake, se yon sèpan ki te pale ak Èv. Gen yon lòt pati nan Bib la ki montre se Satan Ledyab ki te sèvi ak sèpan an pou l pale ak Èv *. Satan te pale ak Èv konsènan kòmandman Bondye te ba yo an rapò ak yon pyebwa byen presi nan jaden an. Èske w remake sa Bondye te di ki t ap rive Adan ak Èv si yo te manje fwi a?

Sofya: Yo t ap mouri.

Michèl: Trè byen. Nan pawòl Satan te di apre yo, li te lage yon gwo akizasyon sou do Bondye. Gade sa l te di: “Nou p’ap mouri kras.” Satan te fè Bondye pase pou yon moun k ap bay manti!

Sofya: Mwen pa t janm tande pati sa a nan istwa a.

Michèl: Lefètke Satan te fè Bondye pase pou yon moun k ap bay manti, li te tou soulve yon kesyon ki t ap mande tan pou yo reponn li. Èske w wè poukisa?

Sofya: Hmm. M pa fin wè poukisa.

Michèl: Bon, kite m pran yon egzanp pou m ede w konprann. Ann sipoze yon jou m ta vin kote w epi m ta di w mwen gen plis fòs pase w. Ki sa w t ap fè pou w montre sa m di a se manti?

Sofya: M panse nou ta dwe pase yon tès.

Michèl: Wi se sa. Petèt nou te ka chwazi yon bagay ki lou epi nou te ka chèche wè kiyès nan nou de a k ap ka leve l. Finalman, moun ki gen plis fòs la ap leve l san pwoblèm.

Sofya: M konprann pwen an.

Michèl: Men, kounye a, ann sipoze olye m di mwen gen plis fòs pase w, m ta di mwen pi onèt pase w. Pwoblèm sa a t ap pi difisil pou n rezoud, pa vre?

Sofya: Wi, m panse sa.

Michèl: Anfèt, nou pa ka pwouve yon moun onèt ak yon senp tès, menm jan nou sot fè pou n pwouve yon moun gen plis fòs pase yon lòt.

Sofya: Non, li pa posib.

Michèl: Kidonk, sèl fason pou n rezoud pwoblèm sa a se lè nou kite ase tan pase pou lòt moun ka wè fason nou chak aji e konsa yo ka vin wè kiyès nan nou de a ki pi onèt.

Sofya: Sa fè sans.

Michèl: Kounye a, gade istwa ki nan liv Jenèz la ankò. Èske Satan te di li gen plis fòs pase Bondye?

Sofya: Non.

Michèl: Si se sa Satan te di, Bondye te ka pwouve sa l te di a se manti byen rapid. Men olye de sa, Satan te di li pi onèt pase Bondye. Anfèt, li te di Èv ‘Bondye ba l manti, men li menm li di l laverite’.

Sofya: Se pa vre!

Michèl: Bondye gen sajès, li konnen pi bon fason pou l rezoud pwoblèm nan se kite pou l kite tan pase. Finalman, tout moun ap wè byen klè kiyès ki te di laverite e kiyès ki te bay manti.

YON KESYON ENPÒTAN

Sofya: Men Michèl, yonfwa Èv fin mouri, èske sa pa t pwouve se Bondye ki te di laverite?

 Michèl: Nan yon sans, wi. Men, te gen plis bagay nan pwovokasyon Satan an. Gade vèsè 5 lan ankò. Èske w remake ki lòt bagay Satan te di Èv?

Sofya: Li te di Èv si l manje fwi a je l ap vin ouvri.

Michèl: Wi, e li te di l ap vin ‘tankou Bondye, l ap konnen sa ki byen ak sa ki mal’. Konsa, Satan te pretann Bondye anpeche lèzòm jwenn yon bagay k ap bon pou yo.

Sofya: M konprann.

Michèl: E kesyon sa a te enpòtan tou.

Sofya: Ki sa w vle di?

Michèl: Lè Satan te di pawòl sa yo, li te vle di Èv, e nan yon sans tout moun nèt, t ap pi byen si se pa Bondye ki t ap dirije yo. Nan ka sa a tou, Jewova te konnen pi bon fason pou l rezoud pwoblèm nan, se kite pou l kite Satan pwouve sa l te di a. Se sa k fè Bondye kite Satan dirije monn nan pandan yon tan. Donk, rezon ki fè ou wè gen tout soufrans sa yo nan monn nan, se paske se Satan k ap dirije monn nan, se pa Bondye *. Men, gen yon bon nouvèl.

Sofya: Ki nouvèl sa a?

Michèl: Bib la fè nou konnen de bèl verite sou Bondye: Toudabò, Jewova gen pitye pou nou lè n ap soufri. Pa egzanp, ann egzamine pawòl wa David te di nan Sòm 31:7. David te soufri anpil nan lavi l. Men, gade sa li te anmezi pou l di nan yon priyè li te fè Bondye. Èske w vle li vèsè sa a pou mwen?

Sofya: Oke. Li di: “M’ap kontan, m’ap fè fèt, paske ou renmen m. Ou wè jan m’ap soufri, ou konnen nan ki pwoblèm mwen ye.”

Michèl: Kidonk, menm lè David t ap soufri, li te jwenn rekonfò lè l te konnen Jewova wè tout sa l ap pase. Èske w pa twouve sa rekonfòtan lè w konnen Jewova wè tout bagay, menm bagay ki ban nou lapèn nan fon kè nou, bagay lòt moun ka pa fin konprann?

Sofya: Wi, sa rekonfòtan.

Michèl: Dezyèm bèl verite nou aprann sèke Bondye pap kite nou soufri nètale. Bib la di nou talè konsa Bondye pral mete fen nan dominasyon Satan an e li pral elimine tout move bagay ki rive yo, e bagay k ap fè ni ou menm ni manman w soufri yo ladan l tou. Èske m ka tounen semèn pwochèn pou m ka montre w rezon ki fè nou sèten Bondye pral mete fen nan tout soufrans talè konsa *?

Sofya: Mwen t ap byen kontan.

Èske gen yon sijè nan Bib la ou konn ap poze tèt ou kesyon sou li? Èske w ta renmen gen enfòmasyon sou nenpòt nan kwayans Temwen Jewova yo oswa sou fason yo adore? Si se sa, pa pè poze yo kesyon pwochèn fwa ou rankontre youn. Y ap byen kontan pale sou sijè sa yo avè w.

^ § 61 Pou w ka jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 9 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.