Al gade sa k anndan l

Agoch: Frè Nathan H. Knorr ak frè Frederick Franz k ap vizite frè ak sè yo nan Bogota an 1946. Adwat: Misyonè yo nan peyi Kolonbi: (anwo, soti agoch al adwat) Olaf Olson, James Webster, Quin Dale Lauderdale; (anba, soti agoch al adwat) Anne Lauderdale, Helen Langford ak Jewel Harper.

12 AVRIL 2022
KOLONBI

Temwen Jewova yo gen 100 an nan peyi Kolonbi

Temwen Jewova yo gen 100 an nan peyi Kolonbi

Ane 2022 a fè Temwen Jewova yo 100 an depi yo nan peyi Kolonbi. a

Heliodoro Hernández

An 1922, Heliodoro Hernández, ki te renmen li Bib la anpil, te prete kèk nimewo Toudegad nan men yon zanmi l ki pa t Temwen Jewova. Byen vit, Heliodoro te konprann li jwenn laverite e l te kòmanse pataje mesaj la ak lòt moun. Apre l te fin pase dezan ap preche, li te rankontre ak Juan Estupiñán, e yo te kòmanse preche bon nouvèl la ansanm. Toude mesye yo te batize an 1932.

Juan Estupiñán

Annapre, Watchtower Society te voye yon machin ki ka pase diskou ki deja anrejistre bay frè Hernández ak frè Estupiñán. Yo te konn pase diskou ki baze sou Bib la pou kominote k ap viv nan mòn Lèzann yo, yon seri diskou tankou: “Yo devwale doktrin Trinite a” ak “Lafen dimonn”. Souvan, yo te konn jwenn opozisyon, paske Legliz katolik te gen anpil enfliyans nan zòn sa yo.

Misyonè ki soti Galaad te rive nan peyi a an 1945. Men sa frè Olaf Olson, youn nan misyonè sa yo, te di annapre nan istwa li te rakonte sou lavi l: “Gen anpil ti mouton Jewova isit la, e nou gen Jewova rekonesans paske l te voye nou vin chèche yo epi ba yo manje.”

Pou yo te kapab pi byen òganize travay la nan peyi a, yo te mete yon filyal sou pye e l te kòmanse fonksyone 1ye me 1946. Men sa frè Arthur Green, premye sèvitè filyal la, te ekri: “Grasa èd lespri Jewova ki gen pisans, vrè adorasyon an tabli nan peyi Kolonbi.”

Jodi a, gen anviwon 190 000 Temwen Jewova k ap preche bon nouvèl la nan peyi Kolonbi.

Anpil moun konnen Kolonbi se yon peyi ki gen yon bon tè e ki gen anpil bèl pyè presye. Men, vrè bote peyi a se “bagay ki gen anpil valè” yo, sa vle di moun Jewova kontinye atire vin jwenn li yo. Nou kontan wè Jewova kontinye beni travay predikasyon an ki pèmèt ‘kay li a plen ak glwa’. — Aje 2:7.

a An 1931, Etidyan Labib yo te vin rele Temwen Jewova.