Al gade sa k anndan l

30 OKTÒB 2020
END

Tradiksyon monn nouvo a parèt nan twa lang nan peyi End

Tradiksyon monn nouvo a parèt nan twa lang nan peyi End

Nan jou ki te dimanch 25 oktòb 2020 an, Labib – Tradiksyon monn nouvo a te parèt nan twa lang nan peyi End: goujarati, kannada ak pendjabi. Tradiksyon sa yo te parèt sou fòma elektwonik pandan yon diskou yo te deja anrejistre. Pwoklamatè yo te gade pwogram nan lakay yo. Yo te ka telechaje Bib la nan lang pa yo tousuit apre pwogram nan.

Goujarati

Yo panse gen 61 milyon moun nan monn nan ki pale goujarati.

De ekip ki gen sis tradiktè antou te travay pandan setan pou yo fini tradiksyon sa a. Men sa youn nan tradiktè yo di: “Tradiksyon sa a ki soti a fè kè nou kontan anpil. Li sèvi ak langaj ki senp menm timoun ka konprann.”

Men sa yon lòt tradiktè di: “Yo mete non Jewova nan tradiksyon sa a tout kote li te parèt nan tèks original la. Nou konnen lafwa frè ak sè yo ap vin pi djanm tank y ap itilize tradiksyon sa a nan etid pèsonèl yo.”

Nou gen konviksyon tradiksyon sa a, ki fasil pou moun konprann, ap gen yon gwo efè sou panse moun ki pral li l yo e l ap ede “moun ki gen imilite yo” aprann konnen Jewova. — Sòm 25:9.

Kannada

Gen yon gwo diferans ant fason yo pale lang kannada a ak fason yo ekri l. Yo pa pale lang nan menm jan nan tout zòn. Donk, li te difisil pou tradiktè yo fè tradiksyon an natirèl, senp e anmenmtan pou yo bay mesaj ki nan Bib la yon fason ki egzak.

Tradiksyon an te pran plis pase setan pou l fini. Te gen dis tradiktè ki te travay sou pwojè sa a. Men sa yon tradiktè di: “Mwen pa t panse tradiksyon an t ap soti anvan 2021 akoz pandemi COVID-19 la. Men, tradiksyon an ki soti la a montre anyen pa ka bloke travay Jewova.”

Men sa yon lòt moun nan ekip tradiksyon an di: “Nou kontan anpil paske nou konnen moun ki pale lang kannada pral kapab li Pawòl Jewova a kounye a nan lang manman yo e y ap jwenn non Jewova tout kote li dwe parèt nan Bib la!”

Nou gen konfyans tradiksyon Labib sa a pral ede plis pase 2 800 pwoklamatè ki pale lang kannada ki sou tèritwa filyal peyi End lan. Li pral yon bon zouti pou ede prèske 46 milyon moun ki pale lang kannada nan monn nan pou yo rive konprann jan “richès ak sajès ak konesans Bondye genyen yo anpil”. — Women 11:33.

Pendjabi

Ekip lang pendjabi ki t ap travay sou Tradiksyon monn nouvo a te gen sis tradiktè antou. Yo te travay sou pwojè a pandan 12 an. Tradiksyon sa a pral ede plis pase 100 milyon moun ki pale lang sa a nan peyi End, nan peyi ki ozalantou l yo e toupatou nan monn nan.

Men sa youn nan tradiktè yo di: “Nou te fè sa n kapab ak ti sa nou genyen. Jewova te ede nou anpil pou n ka rive fini tradiksyon an. Tradiksyon sa a pral fè lafwa frè yo vin pi djanm, l ap ede yo rete kalm nan moman nou ye kounye a e l ap ba yo fòs yo bezwen pou yo andire eprèv k ap vini yo.”

Men sa yon lòt tradiktè di: “Moun ki sensè yo pral kontan li tradiksyon sa a, sitou liv pwezi yo. Tout zouti rechèch ki nan tradiksyon sa a ap ede yo.”

Nou mete ansanm ak frè nou yo pou nou di Jewova mèsi pou tout “bèl aksyon” li fè ki ‘tèlman anpil’ nou pa kapab rakonte yo. — Sòm 40:5.