Al gade sa k anndan l

29 AVRIL 2020
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Memoryal lanmò Kris pou ane 2020 an — Foto ki soti toupatou nan monn nan

Menm lè frè ak sè n yo toupatou sou tè a pa t ka ansanm fizikman, yo te ini pou yo demontre rekonesans yo

Memoryal lanmò Kris pou ane 2020 an — Foto ki soti toupatou nan monn nan

Toutpandan solèy la t ap kouche toupatou sou tè a nan dat 7 avril 2020 an, frè ak sè nou yo te selebre Memoryal la yon fason espesyal. Byenke pandemi an te anpeche pifò moun reyini ansanm fizikman, yo tout te detèmine pou yo obeyi lòd Jezi te bay la: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” ​(Lik 22:19). Tout frè ak sè nou yo, kit se sa k ap viv poukont yo, kit se mari ak madanm yo, fanmi ki gen timoun, ansanm ak frè ak sè aje yo nou renmen anpil, te reyini pou yo demontre rekonesans yo pou Jewova ak Jezi Kris, Pitit Gason l lan.

Byen pwofite foto ki vin apre yo ki montre frè ak sè nou yo toupatou sou tè a k ap prepare pou Memoryal lanmò Kris pou ane 2020 an oswa k ap asiste l.