Al gade sa k anndan l

Sè Lyudmila Shut.

30 AVRIL 2021
LARISI

Yon sè 73 an ki gen yon andikap e yo akize kòmkwa li se yon kriminèl konte sou Jewova pou l jwenn fòs

Yon sè 73 an ki gen yon andikap e yo akize kòmkwa li se yon kriminèl konte sou Jewova pou l jwenn fòs

MIZAJOU | Tribinal la rejte apèl la

Nan dat 25 out 2021 an, tribinal tèritwa Primorye a rejte apèl sè Lyudmila Shut te fè a. Yo kenbe menm premye santans tribinal la te ba li a. Li pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Nan dat 19 me 2021 an, tribinal distri Nadedjdinski, nan tèritwa Primorye, kondane sè Lyudmila Shut ki gen 73 an. Yo kondane l pou katran prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo.

Enfòmasyon pèsonèl

Lyudmila Shut

  • Dat ak kote li fèt: 1947 (Makarov, zile Sakhalin).

  • Byografi: Li te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo nan kòmansman ane 2000 yo. Pwofesi nan Bib la te gen gwo efè sou li. Li batize an 2003. Se nan menm ane sa a mari l mouri. Li gen twa pitit ak twa pitit pitit. Akoz gwo pwoblèm sante li genyen, li pa ka mache poukont li.

Sa k te pase

Otorite yo te kòmanse siveye Temwen Jewova k ap viv nan bouk Razdolnoye a an novanm 2017. An fevriye 2020, yo te akize sè Lyudmila Shut kòmkwa li se yon kriminèl. Malgre laj li ak pwoblèm fizik ki limite l, yo te mete restriksyon sou deplasman l.

Tout evènman sa yo te agrave sante sè Lyudmila e yo konn fè l dekouraje pafwa. Vizyon l tèlman deteryore, li te oblije fè yon operasyon e kounye a li gen pwoblèm somèy. Sè Lyudmila gen konviksyon se paske l konte sou Jewova e l met tout konfyans li nan li ki fè Jewova ede l. Jan Jewova pwomèt sa nan Ezayi 26:3, li bay sè Lyudmila “lapè nètale”.

Frè ak sè yo nan kongregasyon an demontre lanmou pou sè Lyudmila e yo ede l. Li sitou apresye lefètke frè yo priye pou li. Li di: “Mwen pap janm bliye sa.”

Malgre pitit gason l lan ak dènye pitit fi l la pa Temwen Jewova, yo soutni l pandan tout eprèv sa yo.

Pandan n ap tann desizyon tribinal la, n ap priye pou sè Shut e nou gen konfyans l ap kontinye “konte sou pisans Bondye”. — 2 Timote 1:8.