Al gade sa k anndan l

ÈD POU FANMI | FASON POU N LEVE PITIT NOU

Lè pitit ou ki adolesan fè yon bagay ki fè w pèdi konfyans nan li

Lè pitit ou ki adolesan fè yon bagay ki fè w pèdi konfyans nan li

 Gen kèk adolesan ki pa respekte lè paran yo ba yo pou yo rantre lakay yo. Gen lòt menm ki konn bay paran yo manti oswa yo soti an kachèt pou yo pase tan ak zanmi yo. Ki sa w ka fè si pitit ou ki adolesan fè yon bagay ki lakoz ou pèdi konfyans nan li?

 Èske pitit mwen an se yon rebèl?

 Pa fòseman. Bib la di: “Bagay moun sòt mare byen di nan kè yon jèn.” (Pwovèb 22:15, nòt). Byen souvan, adolesan yo montre sa vèsè sa a di a se laverite. Men sa yon pwofesè sikoloji ki rele Dr. Laurence Steinberg ekri: “Adolesan yo konn pran move desizyon san yo pa reflechi. Nou dwe atann y ap fè erè. a

 E si pitit mwen an te twonpe m?

 Pa panse pitit ou a toujou ap chèche dezobeyi w. Selon rechèch yo fè, adolesan yo enterese nan sa paran yo panse de yo, menmsi gende lè yo aji kòmsi sa pa enterese yo. Menm lè pitit ou a ki adolesan pa montre sa, li posib pou l tris akoz sa l te fè a e sa ka fè l mal lefètke l te desevwa w.

Yon fwa yon zo ki te kase geri, l ap reprann fòs. Se menm bagay la pou yon moun ou te pèdi konfyans nan li.

 Kiyès ki responsab?

  •    Èske se anviwònman l? Bib la di: “Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen.” ​(1 Korentyen 15:33). Se vre, zanmi konn gen yon gwo enfliyans sou adolesan yo. Men, gen lòt bagay tankou rezo sosyal ak reklam, ki ka gen efè sou jèn yo tou. Mete sou sa, adolesan yo manke eksperyans nan lavi a, se sa k fè yo konn pran move desizyon. An reyalite, pou yo ka vin gen matirite, yo dwe aprann fason pou yo pran responsablite yo pou chak desizyon yo pran.

  •    Èske se mwen ki responsab? Petèt ou ka ap mande tèt ou si se pa paske ou te twò strik avèk pitit ou a ki fè kounye a l ap mal aji. Oswa, ou ka panse se paske ou te twò rilaks avè l e w te ba li twòp libète. Olye w ret ap reflechi pou w wè sa w te fè, reflechi sou sa w ka fè pou w rezoud pwoblèm nan.

 Ki jan m ka ede pitit mwen an aji yon fason ki fè m gen konfyans nan li ankò?

  •   Kontwole fason w reyaji. Pitit ou a ap atann pou w fache. Poukisa w pa eseye reyaji yon lòt fason? Rete kalm epi pale avèk li sou rezon ki fè l te aji konsa. Èske se yon eksperyans li te vle fè? Èske l te santi l raz? Èske l te santi l poukò l? Èske se zanmi li te vle fè? Pa gen okenn nan rezon sa yo ki jistifye mal li te fè a, men omwen kesyon sa yo ka ede ni ou menm ni jèn nan pi byen konprann rezon ki fè l te mal aji a.

     Prensip Bib la bay: “Tout moun dwe dispoze koute, yo pa dwe prese pale, ni prese fè kòlè.” — Jak 1:19.

  •   Ede pitit ou a reflechi sou sa k pase a. Poze l kesyon tankou: Ki sa eksperyans sa a aprann ou? Ki lòt fason ou te ka aji pwochen fwa ou nan menm sitiyasyon an? Kesyon sa yo ka ede pitit ou a aprann rezone yon fason k ap pèmèt li pran pi bon desizyon.

     Prensip Bib la bay: “Korije moun, reprimande yo, ankouraje yo, fè sa avèk anpil pasyans e avèk ladrès nan fason w ap anseye.” — 2 Timote 4:2.

  •   Ede l konprann aksyon l yo mache ak konsekans. Pitit ou a ap pi byen konprann ide sa a lè konsekans yo mache ak aksyon l te fè a. Pa egzanp, si pitit ou a fè kòmsi l al lekòl alòske se ak zanmi l l al flannen, ou ka fikse limit ki rezonab pandan yon tan sou kantite tan l pase ak zanmi l.

     Prensip Bib la bay: “Kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou.” — Galat 6:7.

  •   Konsantre sou sa pitit ou a ka fè pou w gen konfyans nan li ankò. Se vre, sa pap rive nan yon sèl jou. Men, pitit ou dwe konnen, avèk letan, ou kapab fè l konfyans ankò. Asire w li konprann li pa yon ka pèdi. Si pitit ou a panse ou pap janm fè l konfyans ankò, li ka sispann travay pou sa.

     Prensip Bib la bay: “Pa tingting timoun nou yo pou fè yo fache, dekwa pou yo pa dekouraje.” — Kolosyen 3:21.

a Dapre liv Ou menm ak pitit ou a ki adolesan (anglè).