Al gade sa k anndan l

Èske jwe aza se peche?

Èske jwe aza se peche?

Repons Bib la bay

 Menmsi Labib pa pale sou kesyon jwèt aza a an detay, men, apati de prensip ki nan Bib la, nou ka konprann Jewova wè jwèt aza kòm yon peche. — Efezyen 5:17. a

  •   Se avidite ki fè moun jwe aza, e Bondye rayi bagay sa a (1 Korentyen 6:9, 10; Efezyen 5:3, 5). Moun k ap jwe aza yo vle gen lajan lòt moun y ap jwe avèk yo a ap pèdi a, men Bondye rayi lè moun gen tanta sou afè moun. — Egzòd 20:17; Women 7:7; 13:9, 10.

  •   Menmsi se pa pou anpil lajan yon moun jwe, sa ka fè lanmou pou lajan grandi lakay li, yon bagay ki lakòz destriksyon. — 1 Timote 6:9, 10.

  •   Souvan, moun k ap jwe aza yo kwè nan sipèstisyon ak chans. Sepandan, Bondye konsidere bagay sa yo se idolatri, yon bagay ki pa ka mele ak adorasyon pa l la ditou. — Ezayi 65:11.

  •   Labib pa ankouraje moun gen byen san swe, okontrè, li ankouraje yo travay di pito (Eklezyas 2:24; Efezyen 4:28). Moun ki suiv konsèy Bib la bay ka “manje manje yo travay pou li”. — 2 Tesalonisyen 3:10, 12.

  •   Lè moun ap jwe aza, sa ka fè etadespri fè konpetisyon an, ki se yon vye etadespri Labib pa dakò avè l, vin pi fò lakay li. — Galat 5:26.

a Yo pale de jwèt aza byen klè nan Bib la sèlman lè sòlda Women yo t ap fè tiraj osò, oubyen yo t ap jwe aza, pou rad Jezi. — Matye 27:35; Jan 19:23, 24.