Al gade sa k anndan l

Èske non Bondye se Jezi?

Èske non Bondye se Jezi?

Repons Bib la bay

 Jezi te pale de tèt li antanke “Pitit Bondye”. (Jan 10:36; 11:4.) Jezi pa t janm di li se Bondye Toupisan an.

 Mete sou sa, Jezi te konn priye Bondye (Matye 26:39). Epi lè Jezi t ap anseye disip li yo kòman pou yo priye, li te di: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen.” — Matye 6:9.

 Jezi te fè konnen non Bondye lè l te site yon pasaj nan Ekriti yo ki la depi lontan ki di: “O Izrayèl, tande: Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova.” — Mak 12:29; Detewonòm 6:4.