Al gade sa k anndan l

Èske se Bondye ki kreye Dyab la?

Èske se Bondye ki kreye Dyab la?

Repons Bib la bay

 Bib la montre se pa Bondye ki kreye Dyab la. Men, li te kreye yon pèsonaj ki te vin tounen Dyab la. Men sa Bib la di konsènan Bondye: “Tout sa l fè bon nèt, tout chemen l yo se jistis. Se yon Bondye ki fidèl, ki pa janm fè enjistis, se yon Bondye ki dwat e ki jis.” (Detewonòm 32:3-5). Donk, apati de pawòl sa yo, nou ka konprann te gen yon lè Satan Ledyab te pafè e li te jis, li te menm youn nan zanj yo, pitit Bondye yo.

 Nan Jan 8:44, Jezi di Dyab la “pa t kenbe fèm nan laverite”, sa vle di te gen yon lè Satan te onèt e li te san defo.

 Sepandan, menm jan ak tout rès kreyati Jewova yo, zanj ki vin tounen Satan an te gen libète pou l chwazi fè ant sa ki bon ak sa ki mal. Lè l te chwazi wout ki kontrè ak wout pa Bondye yo e l te fè premye mesyedam ki te sou tè a suiv li, li te vin tounen Satan, ki vle di “Opozan”. — Jenèz 3:1-5; Revelasyon 12:9.