Al gade sa k anndan l

Èske yon moun ka konnen kiyès ki ekri Labib toutbonvre?

Èske yon moun ka konnen kiyès ki ekri Labib toutbonvre?

Repons Bib la bay

 Anpil moun panse nou pa ka konn kiyès ki ekri Labib. Men, Labib li menm montre aklè ki moun ki ekri sa ki ladan l yo. Gen kèk pati nan Bib la ki kòmanse ak pawòl tankou “Men pawòl Neyemi”, “Men vizyon Ezayi” e “Men pawòl Jewova te di Jowèl”. — Neyemi 1:1; Ezayi 1:1; Jowèl 1:1.

 Pifò nan moun ki te ekri Labib yo rekonèt yo te ekri nan non Jewova, sèl vrè Dye a, e se li ki te gide yo. Pwofèt ki te ekri liv ki te ekri ann ebre yo te di plis pase 300 fwa: “Men sa Jewova di.” (Amòs 1:3; Miche 2:3; Nawoum 1:12). Genyen lòt moun ki te ekri nan Bib la ki te resevwa mesaj Bondye a pa mwayen zanj. — Zakari 1:7, 9.

 Se anviwon 40 gason ki te ekri Labib pandan 1600 ane konsa. Gen nan moun sa yo ki te ekri plis pase yon liv nan Bib la. Anfèt, nou ka di Labib se yon bibliyotèk ki pa gwo ki gen 66 liv ladan l. Gen 39 liv ki te ekri ann ebre, anpil moun rele yo Ansyen Testaman tou, e gen 27 liv ki te ekri an grèk, souvan, yo rele yo Nouvo Testaman.