Al gade sa k anndan l

Èske Bondye ap viv yon kote byen presi?

Èske Bondye ap viv yon kote byen presi?

Repons Bib la bay

 Wi. Bondye ap viv yon kote byen presi. Yo rele kote sa a syèl. Ann gade pasaj sa yo nan Bib la:

 Wa Salomon te di nan yon priyè: “Se pou w koute l detan w nan syèl la, kote w rete a.” — 1 Wa 8:43.

 Jezi Kris te anseye disip li yo pou lapriyè ‘Papa yo ki nan syèl la’. — Matye 6:9.

 Lè Jezi te resisite se “nan syèl la menm li te antre pou l parèt kounye a pou nou devan Bondye”. — Ebre 9:24.

 Vèsè sa yo montre aklè Jewova Dye se yon moun toutbon ki rete nan syèl la sèlman. Li pap viv tout kote.