Al gade sa k anndan l

Kòman ap fè gen lapè sou tè a?

Kòman ap fè gen lapè sou tè a?

Repons Bib la bay

 Pral gen lapè sou tè a, men se pa lèzòm k ap mete l. Se Wayòm Bondye a ki nan syèl la ki gen Kris Jezi k ap dirije ladan l k ap rive fè sa. Gade sa Bib la anseye nou sou bèl espwa sa a:

  1.   Bondye pral fè “pa gen lagè ankò sou tout kò tè a” pou l akonpli pwomès li fè pou gen “lapè sou tè a pami moun ki gen favè l yo”! — Sòm 46:9; Lik 2:14.

  2.   Wayòm Bondye a pral gouvène sou tout tè a detan l nan syèl la (Dànyèl 7:14). Lè li pral dirije monn nan, li pral elimine nasyonalis ki alabaz anpil konfli.

  3.   Yo rele Jezi Chèf Wayòm Bondye a, “Prens lapè”, e li pral asire l “lapè ap kontinye blayi nètale”. — Ezayi 9:6, 7.

  4.   Moun ki vle kontinye batay pap kapab viv anba dominasyon Wayòm nan, paske “li [Bondye] rayi nenpòt moun ki renmen vyolans”. — Sòm 11:5; Pwovèb 2:22.

  5.   Bondye anseye moun k ap viv anba dominasyon l yo kòman pou yo viv anpè. Bib la dekri rezilta ansèyman sa a konsa: “Y ap bat epe yo pou yo fè yo tounen zouti pou raboure latè e y ap bat lans yo pou yo fè yo tounen sèpèt. Nasyon yo pap pran epe pou yo atake youn lòt ankò, e yo pap aprann fè lagè ankò.” — Ezayi 2:3, 4.

 Gen plizyè milyon Temwen Jewova nan monn nan ki deja ap aprann nan men Bondye pou yo renmen fè lapè (Matye 5:9). Menmsi nou soti nan ras ak kilti diferan e n ap viv nan plis pase 230 peyi, nou refize pran zam pou nou touye moun parèy nou.

Temwen Jewova yo ap aprann chemen lapè depi kounye a.