Al gade sa k anndan l

Ki sa bèt sovaj ki gen sèt tèt ki nan Revelasyon 13 la ye?

Ki sa bèt sovaj ki gen sèt tèt ki nan Revelasyon 13 la ye?

Repons Bib la bay

 Bèt sovaj ki gen sèt tèt Revelasyon 13:1 pale de li a reprezante sistèm politik monn nan.

  •   Li gen pouvwa, pisans ak yon twòn, sa montre li se yon òganizasyon politik. — Revelasyon 13:2.

  •   Li dirije “moun tout tribi, tout pèp, tout lang ak tout nasyon”, donk li plis pase yon sèl gouvènman nan yon peyi. — Revelasyon 13:7.

  •   Gen kèk bagay nan li ki sanble ak kat bèt yo pale de yo nan pwofesi ki nan Dànyèl 7:2-8, anpalan de aparans yon leyopa, pye yon lous, bouch yon lyon ak dis kòn. Nan pwofesi Dànyèl la, bèt yo reprezante yon seri wa byen presi, oswa wayòm politik ki dirije youn apre lòt (Dànyèl 7:17, 23). Donk, bèt sovaj ki nan Revelasyon chapit 13 la reprezante yon òganizasyon ki gen plizyè sistèm politik ladan l.

  •   Li monte “sot nan lanmè a”, anpalan de popilasyon moun ki ajite yo e kote gouvènman lèzòm yo soti. — Revelasyon 13:1; Ezayi 17:12, 13.

  •   Labib fè konnen 666, ki se nimewo oswa non bèt la, se “yon nimewo moun”. (Revelasyon 13:17, 18.) Ekspresyon sa a montre bèt yo pale de li nan Revelasyon chapit 13 la se yon òganizasyon lèzòm, se pa yon demon oswa yon espri.

 Byenke nasyon yo pa antann yo sou anpil bagay, yo tout dakò pou yo kenbe otorite yo olye yo soumèt devan otorite Wayòm Bondye a (Sòm 2:2). Yo pral met ansanm tou pou yo konbat lame Bondye Jezi Kris ap dirije yo nan Amagedon, men gè sa a ap lakòz destriksyon nasyon yo. — Revelasyon 16:14, 16; 19:19, 20.

“Dis kòn ak sèt tèt”

 Nan Bib la, yo sèvi ak kèk chif nan yon sans senbolik. Pa egzanp, dis ak sèt reprezante bagay ki konplè. Pou nou rive konprann vrè sans “dis kòn ak sèt tèt” bèt yo pale nan Revelasyon chapit 13 la se pou n konprann “estati bèt sovaj la” yo idantifye pi devan nan liv Revelasyon an kòm yon bèt wouj vif ki gen sèt tèt ak dis kòn (Revelasyon 13:1, 14, 15; 17:3). Labib fè konnen sèt tèt bèt wouj la reprezante “sèt wa” oswa gouvènman. — Revelasyon 17:9, 10.

 Menm jan an tou, sèt tèt bèt ki nan Revelasyon 13:1 an reprezante sèt gouvènman: pi gwo pisans politik ki te dirije pandan listwa e ki te pran latèt nan fè pèp Bondye a soufri anpalan de Ejip, Asiri, Babilòn, Anpi Medo-pès, Lagrès, Wòm ak pisans Anglo-ameriken an. Si sèt kòn yo reprezante tout eta ki souvren yo, kit yo piti kit yo gwo, nan ka sa a kouwòn ki sou tèt chak kòn yo montre chak nasyon sa yo ap dirije anmenmtan ak prensipal pisans nan epòk la.