Al gade sa k anndan l

Kiyès “twa nèg save yo” te ye? Èske yo te suiv yon “etwal” pou yo rive Betleyèm?

Kiyès “twa nèg save yo” te ye? Èske yo te suiv yon “etwal” pou yo rive Betleyèm?

Repons Bib la bay

 Nan epòk moun yo rele epòk nwèl la, yo pale konsènan “twa nèg save” oswa “twa wa” ki te vizite Jezi lè l te fèt la, men se pa sa Bib la di (Matye 2:1). Okontrè, youn nan moun ki te patisipe nan ekri Bib la, anpalan de Matye, te sèvi ak mo grèk magoyi a pou l pale de mesye ki t al vizite Jezi yo. Sanble mo magoyi a fè referans ak tout moun ki espè nan astwoloji ak lòt moun k ap pratike bagay ki gen rapò ak movèzespri. a Se sa k fè, anpil tradiksyon Labib rele moun sa yo “astwològ” oubyen “maj”. b

 Konbyen “nèg save” ki t al vizite Jezi?

 Moun yo gen divès opinyon sou kantite moun “nèg save” yo te ye lè yo t al vizite Jezi a, epoutan Bib la pa di konbyen moun yo te ye. Jan Encyclopedia Britannica fè konn sa: “Moun k ap viv ann Azi yo kwè se te 12 maj oswa 12 nèg save yo te ye, epoutan moun k ap viv ann Ewòp yo kwè, se te 3 yo te ye, e petèt yo panse sa paske Bib la pale de twa kado yo te bay Jezi, lè l pale de ‘lò, lansan blan ak lami’ yo te pote bay timoun nan (Matye 2:11).”

 Èske se wa “nèg save yo” te ye toutbonvre?

 Byenke istwa yo abitye rakonte nan epòk nwèl yo pale de twa wa ki te vizite Jezi, pa gen okenn kote nan Bib la ki di se wa yo te ye. Encyclopedia Britannica fè konnen, se plizyè syèk apre lè Jezi te fèt la yo te vin ak ide ki fè kwè se wa mesye yo te ye, yon fason pou te fè istwa a parèt pi bèl.

 Ki jan “nèg save yo” te rele?

 Bib la pa di ki jan astwològ yo te rele. Men sa The International Standard Bible Encyclopedia di: “Yo te chèche ba yo non tankou Gaspa, Mèlkyò ak Baltaza, men non sa yo se jis envante yo te envante yo.”

 Ki lè “nèg save yo” ta l vizite Jezi?

 Astwològ yo te vizite Jezi petèt apre plizyè mwa l te fèt. Sa fè sans, paske lè wa Ewòd t ap chèche fè touye Jezi a, li te mande pou yo touye tout ti gason ki te gen dezan oswa ki te pi piti. Li te kalkile laj la sou baz enfòmasyon astwològ yo te ba li. — Matye 2:16.

 Astwològ yo pa t vizite Jezi nan nuit li te fèt la. Bib la di: “Lè yo antre nan kay la, yo wè tipitit la avèk Mari, manman l.” (Matye 2:11). Sa montre fanmi an t ap viv nan yon kay nan moman vizit la e Jezi pa t yon tibebe ki te yon kote yo konn bay bèt manje ankò. — Lik 2:16.

 Èske se Bondye ki te fè “nèg save yo” suiv yon “etwal” pou rive Betleyèm?

 Gen moun ki panse se Bondye ki te fè zetwal astwològ yo te wè a parèt nan syèl la, yon fason pou gide yo Betleyèm kot Jezi. Ann wè rezon ki fè se pa t konsa sa te ye.

  •   Premye kote swadizan zetwal ki te parèt nan syèl la te gide astwològ yo se te Jerizalèm. Men sa Bib la di: “Gen kèk astwològ ki soti nan Lès ki vin Jerizalèm. Yo di: ‘Kote timoun ki fèt ki pral wa Juif yo? Paske, nou te wè zetwal li lè nou te nan Lès, e nou vini pou nou pwostène devan l.’” — Matye 2:1, 2.

  •   Premye moun ki te gide astwològ yo pou y al Betleyèm se wa Ewòd, se pa t etwal la. Lè Ewòd te tande gen yon lòt “wa Juif” ki te fèt, Ewòd te rasanble plizyè moun pou l poze yo kesyon sou ki kote Kris la te gen pou l fèt (Matye 2:3-6). Lè l vin aprann se te Betleyèm, li rele astwològ yo, epi li di yo pou y al chèche timoun nan byen chèche Betleyèm, e lè yo jwenn li pou yo vin di l sa.

     Se konsa astwològ yo t al Betleyèm. Men sa Bib la di: “Apre yo fin tande sa wa a di, y ale. Epi, zetwal yo te wè lè yo te nan Lès la vin ap avanse devan yo, jiskaske l rive anlè kay kote timoun nan te ye a, epi li kanpe.” — Matye 2:9.

  •   Lefètke astwològ yo te wè swadizan yon etwal ki te parèt nan syèl la, gen moun ki te menase lavi Jezi e yo te touye plizyè timoun inosan. Lè astwològ yo te kite Betleyèm, Bondye te avèti yo nan yon rèv pou yo pa retounen bò kot Ewòd. — Matye 2:12.

 Ki jan Ewòd te reyaji? Bib la di: “Lè Ewòd wè astwològ yo jwe l, gen yon sèl kòlè ki monte l, li voye touye depi se tigason ki te gen dezan oubyen ki te pi piti nan Betleyèm ak nan tout zòn ki ozalantou yo. Li baze sou dat astwològ yo te di l etwal la te parèt la pou l fè sa.” (Matye 2:16). Bondye pa t ap janm kite yon zak mechanste konsa rive. — Jòb 34:10.

a Gen yon istoryen yo rele Ewodòt ki t ap viv nan senkyèm syèk anvan epòk nou an, ki di mo magoyi a gen rapò ak moun ki te soti nan peyi Medi ak peyi Pès nan epòk li a ki te espesyalize yo nan astwoloji ak nan entèprete rèv.

b Ou ka gade nenpòt nan tradiksyon sa yo tankou New American Standard Bible, The New American Bible, The New English Bible ak New International Version Study Bible. Bib Wa Jak la pale de moun sa yo ki te vizite Jezi a kòm “moun saj” men l pa di kantite yo te ye.