Al gade sa k anndan l

ANNOU IMITE LAFWA YO | JÒB

Jewova te retire l nan lapenn

Jewova te retire l nan lapenn

 Finalman, mesye yo te sispann pale. Sèl bri yon moun te ka tande, petèt se bri ti van ki sot sou dezè Arabi a. Apre yon deba byen long, Jòb te vin pa t konn sa pou l di ankò. Nou ka imajine jan l t ap gade twa swadizan zanmi l yo anpalan de Elifaz, Bildad ak Zofa, se te kòmsi Jòb t ap pouse yo pou yo te di l lòt pawòl. Men, twa mesye yo pa t ka wè pi lwen pase sa, rezònman tèt anba yo t ap fè, pawòl “ki pa chita sou anyen” yo t ap di ak move pawòl yo t ap di sou Jòb yo pa t bay bon rezilta (Jòb 16:3, nòt). Okontrè, Jòb te plis detèmine pou l te defann entegrite l.

 Sa k te pi enpòtan pou Jòb se ret fidèl ak Bondye. Li te pèdi tout sa l te posede, dis pitit li yo, èd ak respè zanmi l yo ak vwazen l yo te konn ba li, e finalman li te vin malad. Po l te vin nwa ak yon seri bouton e kò l te vin chaje ak vè. Menm bouch li te vin gen move sant (Jòb 7:5; 19:17; 30:30). Anplis de sa, move pawòl twa zanmi Jòb yo t ap di l te fè l vin fache anpil. Li te byen deside pou l pwouve li pa yon pechè k ap fè sa k pa sa jan yo vle montre sa. Dènye pawòl Jòb te di yo te fè mesye yo pa t ka di anyen. Finalman, yo pa t gen vye pawòl pou yo di l ankò. Men, soufrans Jòb la pa t ret la. Li t ap toujou bezwen èd fas ak sitiyasyon terib sa a!

 Nou ka konprann rezon ki fè Jòb te gen yon move pwennvi sou sitiyasyon an konsa. Li te bezwen konsèy ak koreksyon. Li te bezwen yon moun ki ka ba l bonjan ankourajman ak bonjan rekonfò, yon seri de bagay twa zanmi l yo te dwe fè, men yo pa t fè sa. Sa poko rive w kote w santi w bezwen bonjan konsèy ak rekonfò? Èske sa pa janm rive w yon moun ou te panse ki zanmi w dekouraje w? Fason Jewova te ede Jòb, sèvitè l la ak fason Jòb te reyaji kapab ba ou bonjan èd e l ka ba w bonjan espwa.

Yon konseye ki saj e ki janti

 Gen yon bagay moun pa t atann ki ta pral rive nan istwa Jòb la. Te gen yon mesye ki rele Eliyou ki t ap koute sa lòt mesye ki te pi gran pase l yo t ap di depi nan kòmansman, san l pa di yon mo. Men, sa l te tande yo te fè l fache anpil.

 Eliyou pa t dakò ak sa Jòb t ap di yo. Sa te fè I mal pou l wè jan yon bon moun tankou Jòb kite pawòl mesye yo fè l “eseye montre li pi jis pase Bondye.” Men, Eliyou te mete l nan plas Jòb, li te wè soufrans li, senserite l epi bonjan konsèy ak konsolasyon l te bezwen. Nou ka konprann rezon ki fè Eliyou te vin pèdi pasyans ak twa fo konsolatè yo konsa! Li te tande move pawòl yo t ap di sou Jòb, yo t ap di pawòl pou kraze lafwa l, pou kraze diyite l ak entegrite l. Sa k pi rèd la, vye pawòl yo t ap di te fè Bondye pase pou yon Dye mechan. Apre tout sa Eliyou te fin tande yo, li te wè l vrèman nesesè pou l pran lapawòl! — Jòb 32:2-4, 18.

 Men sa Eliyou te di: “Mwen jèn, men, nou menm, nou gen anpil laj, se sa k fè, avèk respè, mwen te ret nan wòl mwen, e mwen pa t pran chans pale pou m di nou sa m konnen.” Men, li pa t ka rete ankò san l pa di yon mo. Men sa l te di ankò: “Se pa laj sèlman ki fè yon moun gen sajès, ni se pa moun ki granmoun yo sèlman ki konprann sa ki dwat.” ​(Jòb 32:6, 9). Apre sa, Eliyou te fè yon bon ti tan ap pale pou l montre sa l ap di yo se laverite. Sa l te di Jòb yo pa t menm ak sa Elifaz, Bildad ak Zofa te di yo. Eliyou te bay Jòb asirans li pa t ap rabese l oswa ajoute sou presyon l yo. Anplis de sa, li te respekte pozisyon Jòb, li te site non Jòb pandan l t ap pale avè l, toutpandan l te rekonèt mesye yo pa t demontre respè pou Jòb a. Avèk respè li te di: “Men kounye a, Jòb, koute pawòl mwen yo souple.” — Jòb 33:1, 7; 34:7.

Eliyou te site non Jòb pandan l t ap pale avè l, li te trete l avèk jantiyès e avèk respè.

 Eliyou te bay Jòb kèk konsèy avèk franchiz: “Mwen te tande w ap pale, [...] ‘mwen pa gen okenn defo, mwen pa fè anyen mal, mwen pwòp, mwen pa fè okenn peche. Epoutan, Bondye jwenn rezon pou l kont mwen.’” Epi, Eliyou ale dirèkteman nan kè pwoblèm nan, li mande: “Èske se paske w tèlman kwè ou gen rezon ki fè w di: ‘Mwen pi dwat pase Bondye’?” Eliyou pa t ka kite Jòb kontinye rezone konsa. Se sa k fè l te di: “Ou pa gen okenn rezon pou w di sa.” ​(Jòb 33:8-12; 35:2). Eliyou te wè nan ki pwen Jòb te fache anpil akoz tout bagay li te pèdi yo e akoz tout move pawòl swadizan zanmi l yo t ap di l. Men sa l te di Jòb pou l avèti l: “Veye kò w pou w pa kite kòlè fè w gen degoutans pou yo e pou w pa manke yo dega.” — Jòb 36:18.

Eliyou te met aksan sou sajès Jewova

 Toudabò, Eliyou te pale an favè Jewova. Yon fason ki senp, men ki pisan, li esplike yon verite ki vrèman enpòtan: “Li enposib pou vrè Dye a aji ak mechanste, pou Toupisan an fè sa ki mal! [...] Toupisan an pa detounen sa ki jis.” ​(Jòb 34:10, 12). Pou Eliyou te ede Jòb wè fason Jewova manifeste mizèrikòd li, li te fè Jòb sonje Jewova te ka pini l pou pakèt vye pawòl li t ap di yo, men Jewova pa t fè sa (Jòb 35:13-15). Olye Eliyou te fè kòmsi li konn tout bagay sou Bondye, avèk imilite l te di: “Bondye gen plis enpòtans pase tout sa nou ka konnen.” — Jòb 36:26.

 Eliyou te onèt nan fason l t ap konseye Jòb, men li te kontinye montre l se yon moun ki janti. Li te bay Jòb bèl espwa, rive yon lè Jewova ap ba l lasante ankò. Paske Bondye t ap gen pou l di sèvitè fidèl li a: “Se pou kò l vin pi fre pase lè l te jèn! Se pou l retounen gen menm fòs li te genyen lè l te jèn nan.” Yon lòt bagay Eliyou te fè ki montre l se yon moun ki janti, li te ankouraje Jòb pale olye l t ap plede di l sa pou l fè. Men sa l te di Jòb: “Pale non, paske m vle montre se ou ki gen rezon.” ​(Jòb 33:25, 32). Men Jòb pa t reponn. Fason Eliyou te pale ak Jòb la te tèlman janti e ankourajan, petèt Jòb pa t wè rezon pou l ap defann tèt li. Petèt Jòb te kriye lè l te vin reyalize Eliyou vrèman gen sousi pou li.

 Nou ka aprann yon pakèt leson enpòtan nan men de sèvitè fidèl sa yo. Egzanp Eliyou aprann nou fason pou n bay konsèy ak fason pou n rekonfòte moun ki nan bezwen yo. Yon bon zanmi pap pè di yon moun bagay mal li fè oswa fè l konnen move konduit li genyen (Pwovèb 27:6). Se yon zanmi konsa nou dwe ye pou lòt moun epi nou dwe janti, nou dwe ankourajan menm lè yon moun ta di vye pawòl san reflechi. Lè se nou menm ki bezwen konsèy, egzanp Jòb kapab fè n sonje enpòtans pou n koute avèk imilite olye n kouri rejte konsèy yo ban nou. Nou tout bezwen konsèy ak koreksyon. Si n aksepte yo sa ka sove lavi nou. — Pwovèb 4:13.

“Nan mitan yon van tanpèt”

 Toutpandan Eliyou t ap pale, pandan plizyè fwa li te fè referans ak van, nyaj, loray ak kout zèklè. Men sa l te di konsènan Jewova: “Byen koute vwa Bondye k ap gwonde.” Annapre, Eliyou te fè referans ak “van tanpèt”. (Jòb 37:2, 9.) Ta sanble pandan Eliyou t ap pale ak Jòb, yo te tande yon kout loray detanzantan ki t ap vin pifò toujou. Finalman, te vin gen yon gwo van tanpèt. Apre sa, te vin gen yon pi gwo bagay ki te pase, Jewova te reponn. — Jòb 38:1.

Imajine gwo privilèj Jòb te genyen lefètke Kreyatè linivè a te anseye l yon kou estrawòdinè konsa konsènan lanati!

 Toutpandan w ap li liv Jòb la, w ap santi w gen plis anvi pou w li tout pawòl Jewova te di Jòb yo. Se kòmsi se te yon gwo van tanpèt ki pase l ale ak tout pawòl san valè, ak tout manti Elifaz, Bildad ak Zofa t ap di yo. Jewova ta pral pale ak twa mesye sa yo annapre, men pou kounye a Li te konsantre l sou Jòb. Jewova te korije pwennvi sèvitè la yon fason ki fèm menm jan ak yon papa k ap korije pitit gason l.

 Jewova te konprann nan ki lapenn Jòb te ye. E l te gen pitye pou li, menm jan l toujou gen pitye pou pitit li yo lè y ap soufri (Ezayi 63:9; Zakari 2:8). Men, Li te konnen tou, Jòb t ap “pale san l pa gen konesans”, sa ki te fè l t ap met abse sou klou. Donk, Jewova te korije Jòb lè l te poze l plizyè kesyon ki t ap pouse l reflechi. Li te kòmanse pou l di: “Kote w te ye lè m te fè fondasyon tè a? Di m, si w panse w entèlijan.” Nan kòmansman kreyasyon an, “zetwal ki klere maten yo”, anpalan de zanj Bondye yo, te pran rele tèlman yo te gen lajwa pou tout bèl bagay yo wè nan kreyasyon an. (Jòb 38:2, 4, 7.) Lefètke Jòb pa t la nan kòmansman kreyasyon an, li pa t konn sa pou l di.

Avèk lanmou Jewova te pale ak Jòb nan mitan van tanpèt, Jewova te korije l e Li te rezone avè l.

 Jewova te kontinye pale sou sa l te kreye yo. Nan yon sans, Jewova te fè yon ti mache ak Jòb pou l te esplike l sa moun yo rele jodi a syans natirèl, ki gen ladan l astwonomi, byoloji, jewoloji ak syans fizik. Jewova te sitou dekri yon seri bèt Jòb te byen konnen nan epòk li a tankou lyon, kaw, kabrit mawon, bourik mawon, towo bèf, otrich, cheval, grigri, èg, Beyemòt, (sanble se li ki ipopotam nan), e finalman Levyatan (sanble se li ki kwokodil la). Imajine gwo privilèj Jòb te genyen lefètke Kreyatè linivè a te anseye l yon kou estrawòdinè konsa konsènan lanati b!

Leson nou aprann konsènan imilite ak lanmou

 Ki leson nou aprann? Jòb te vrèman bezwen vin yon moun ki gen plis imilite. Jòb te panse se Jewova ki t ap fè l mechanste. Yon panse konsa te fè l pran distans li ak Papa l ki chaje ak lanmou, sa ki te fè sitiyasyon Jòb vin pi mal. Se poutèt sa, Jewova pa t sispann mande Jòb kote l te ye lè l t ap kreye tout bèl bagay ki nan linivè a epitou Jewova te mande Jòb èske l kapab pran swen oswa gen pouvwa sou bèt Li kreye yo. Si Jòb pa t ka rive metrize menm bagay Jewova kreye yo, ki sa k fè l te panse l te jis opwen pou l t ap jije Kreyatè a? Èske fason Jewova aji ak fason l panse pa depase lontan sa Jòb te ka konprann?

Jòb pa t fache ni li pa t chèche eskiz.

 Chak sa Jewova di montre bonjan lanmou l gen pou Jòb. Se kòmsi Jewova te rezone avè l konsa: ‘Pitit gason m, si m kapab kreye epi pran swen tout bagay sa yo, èske w panse mwen pap pran swen w? Èske w panse m t ap abandone w, m t ap fè w pèdi pitit ou yo, m t ap fè w vin malad oswa m t ap anpeche w gen yon bon avni? Èske se pa sèl mwen menm ki ka fè w rejwenn tout sa w te pèdi yo epi geri tout sa k ap fè w mal yo?’

 Kesyon Jewova te poze Jòb yo te pouse l reflechi. Donk, li te reponn sèlman de fwa. Li pa t fache ni li pa t chèche eskiz. Avèk imilite li te admèt li pa t byen konnen bagay yo e li te repanti pou pawòl san reflechi l te di yo (Jòb 40:4, 5; 42:1-6). Sa montre bèl egzanp lafwa Jòb te genyen. Apre tout sa l te andire, li pa t janm sispann gen yon lafwa solid nan Jewova. Li te aksepte koreksyon Jewova epi li te chanje atitid li. Egzanp li ka pouse n analize tèt nou lè n poze tèt nou kesyon, ‘Èske m gen imilite ase pou m aksepte konsèy ak koreksyon?’ Nou tout bezwen yon èd konsa. Lè nou aksepte l, n ap montre n imite lafwa Jòb.

“Nou pa t di laverite sou mwen”

 Jewova te konnen soufrans Jòb e l te fè kèk bagay pou l te rekonfòte l. Jewova t ap pale ak Elifaz, ki ta sanble pi gran nan twa fo zanmi Jòb yo, Li te di: “Mwen fache anpil kont ou menm ak de zanmi w yo, paske nou pa t di laverite sou mwen, jan Jòb, sèvitè m nan, te fè sa.” ​(Jòb 42:7). Reflechi konsènan pawòl sa yo. Èske Jewova t ap di tout sa twa mesye yo te di yo se manti oswa chak sa Jòb te di yo se laverite? Non, jamè c! Sepandan, gen yon gwo diferans ant Jòb ak mesye ki t ap akize l yo. Kè Jòb t ap fann, li te gen gwo lapenn e l te nan gwo soufrans akoz chagren l yo, li te santi l vrèman dekouraje fas ak akizasyon yo. Donk, nou ka konprann rezon ki fè pafwa Jòb te konn di pawòl san reflechi. Sepandan, Elifaz ak de zanmi l yo pa t nan sitiyasyon difisil Jòb te ye a. Se paske yo te manke lafwa epi yo te gen ògèy ki fè yo t ap di move pawòl konsa. Nonsèlman yo te akize yon moun ki inosan, men sa k pi rèd la, yo te fè Jewova pase pou yon Dye ki di e ki menm mechan!

 Donk, sa te fè sans pou Jewova te mande mesye sa yo pou yo te fè yon sakrifis ki t ap koute yo anpil lajan. Yo te dwe bay sèt towo bèf ak sèt mal mouton kòm sakrifis, sa ki t ap koute yo anpil kòb. Nou te vin aprann nan lwa Moyiz la towo bèf te yon bèt gran prèt la te dwe ofri kòm sakrifis si l ta fè yon peche ki te ka fè tout nasyon an vin koupab (Levitik 4:3). Se te bèt ki te pi chè yon moun te dwe ofri kòm sakrifis selon Lalwa a. Anplis de sa, Jewova te di li t ap aksepte ofrann twa mesye ki t ap akize Jòb yo, sèlman si Jòb te priye pou yo anvan d (Jòb 42:8). Nou pa bezwen mande jan sa te soulaje Jòb lè l te wè Jewova t ap defann li ak lè l te wè fason Bondye t ap aji avèk jistis!

“Jòb, sèvitè m nan, ap priye pou nou.” — Jòb 42:8.

 Jewova te gen konfyans Jòb t ap fè sa l te mande l fè a, e l te konnen Jòb t ap padone mesye sa yo ki te fè l mal anpil. E Jòb pa t fè Papa l wont nan sans sa (Jòb 42:9). Fason Jòb te aji montre li fidèl ak Jewova pase nenpòt pawòl li te ka di. Piske Jòb te yon moun obeyisan, Jewova te beni l yon fason estrawòdinè pandan tout rès vi l.

Li “gen anpil konpasyon”

 Jewova te montre l “gen anpil konpasyon ak anpil mizèrikòd” pou Jòb. (Jak 5:11.) Ki jan l te montre sa? Jewova te fè Jòb vin an sante ankò. Imajine fason Jòb te santi l lè l te wè kò l te vin “pi fre pase lè l te jèn” menm jan Eliyou te predi sa a! Finalman, fanmi l ak zanmi l yo te vin ba l èd li bezwen. Yo te demontre konpasyon pou li, e yo te pote plizyè kado pou li. Jewova te ba l de fwa sa l te posede anvan yo. E piti Jòb ki te mouri yo? Jewova te konsole Jòb lè l te pèmèt li menm ak madanm li gen dis lòt timoun ankò! Epi Jewova te ogmante sou lavi Jòb. Apre sa, li te viv 140 an ankò, tan sa te ase pou l te wè kat jenerasyon nan desandan l yo. “Alafen,” nou li, “Jòb mouri, apre l fin pase yon pakèt tan ap byen viv”. (Jòb 42:10-17.) Nan Paradi a, Jòb pral ansanm ak ni madanm li an li renmen anpil la ak ni fanmi l, san konte dis premye pitit li yo Satan te lakòz li pèdi yo. — Jan 5:28, 29.

 Sa k fè Jewova rekonpanse Jòb yon fason estrawòdinè konsa? Bib la di: “Nou tande pale de andirans Jòb.” ​(Jak 5:11). Jòb te andire plis pase sa pifò nan nou te ka menm imajine. Mo “andirans” lan aprann nou Jòb te fè plis pase jis kontinye andire anba eprèv li yo. Li te andire avèk lafwa epi lanmou l pou Jewova te vin pi solid toujou. Olye l te vin fache oswa l te vin egri, li te toujou dispoze padone, menm moun ki te chwazi fè l mal yo. Li pa t janm bay vag ak bèl esperans li an ak fidelite l anvè Jewova, paske sa te vrèman enpòtan pou li. — Jòb 27:5.

 Se nou tout ki bezwen montre n gen andirans. Nou mèt sèten, Satan ap eseye dekouraje nou menm jan l te eseye fè sa nan ka Jòb. Men, si n andire eprèv yo avèk lafwa, nou kontinye aji avèk imilite, nou dispoze padone lòt moun, e nou pwoteje fidelite n, nou menm tou n ap kapab rete atache ak bèl esperans nou an (Ebre 10:36). Annou imite lafwa Jòb, paske pa gen anyen ki ka fè Satan pi move pase lè nou fè kè Jewova kontan menm jan Jòb te fè sa!

a Elifaz, Bildad ak Zofa te di Jòb yon pakèt pawòl (ki sifi pou ranpli nèf chapit nan Bib la), men pa gen okenn kote nan Bib la ki montre yo te rele Jòb nan non l.

b Nan pawòl Jewova t ap di Jòb yo, gendelè li te dekri bagay yo yon fason literal, konsa tou gendelè l te dekri yo yon fason figire oswa powetik. (Pa egzanp gade, Jòb 41:1, 7, 8, 19-21). Kèlkeswa metòd Bondye te itilize a, objektif li se te pou ede Jòb devlope yon gwo respè pou Kreyatè l la.

c Dayè, pi devan apot Pòl ta pral site yon deklarasyon Elifaz te fè epi l ta pral prezante l kòm yon verite (Jòb 5:13; 1 Korentyen 3:19). Sa Elifaz te di a te yon verite, men li te mal aplike l nan ka Jòb.

d Pa gen okenn kote nan Bib la ki montre Jòb te dwe ofri yon sakrifis konsa pou madanm li.