Al gade sa k anndan l

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Fason foumi chapantye a netwaye antèn li yo

Fason foumi chapantye a netwaye antèn li yo

 Yon ensèk oblije gen tout pati nan kò l byen netwaye pou l kapab vole, oswa pou l kapab grenpe oswa pou l ka konn kote l ye. Pa egzanp, si antèn yon ensèk gen ti salte sou li, l ap difisil pou l dirije tèt li pandan l ap vole, pou l transmèt siyal li yo e pou l pran sant. Se sa k fè espesyalis sa a ki rele Alexander Hackmann di: “Ou pa gen dwa wè yon ensèk ki gen salte sou li. Yo degaje yo pou yo debarase yo ak tout kras ki ka vin poze sou yo.”

 Fè yon ti reflechi: Hackmann ak kolèg li yo fè rechèch sou fason foumi yo rele foumi chapantye a (Camponotus rufifemur) abitye sèvi ak pat li yo pou l netwaye antèn li yo. Yo vin dekouvri foumi sa a retire tout ti debri ki vin poze sou antèn li yo grasa pat li yo li lonje pou fè yo tounen yon kwòk li sèvi pou l fwote antèn li yo. Plim ki sou pat foumi an ki pwès retire tout gwo kras yo. Plim ki pi piti yo tankou yon ti peny fen paske espas ki gen ant yo a egzakteman gwosè plim ki sou antèn foumi an, e plim sa yo kapab retire tout ti salte yo. Apre sa, debri ki pi piti yo, sa vle di ki 80 fwa pi piti pase yon grenn cheve yon moun, soti sou antèn yo grasa plizyè plim ki pi fen toujou.

 Gade jan yon foumi chapantye ap netwaye antèn li yo.

 A. Hackmann ak ekip li a kwè fonksyònman foumi an lè l sèvi ak pat li yo pou l netwaye antèn li yo kapab gen yon gwo itilite pou enjenyè yo. Pa egzanp, yo kapab sèvi ak menm metòd sa yo pou yo netwaye ti pyès elektwonik ki delika y ap fabrike nan izin yo, kote sèlman yon ti kras pousyè kapab fè pyès sa yo mal fonksyone.

 Ki sa w panse? Èske pat foumi an ki kapab netwaye antèn li yo yon fason ki efikas konsa egziste grasa evolisyon? Oswa se fè yo te fè l?