Al gade sa k anndan l

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Mouch makayèt la ka fè bèl mouvman pandan l ap vole

Mouch makayèt la ka fè bèl mouvman pandan l ap vole

 Tout moun ki konn ap chèche frape yon mouch konnen se pa yon bagay ki fasil. Piske ti bèt sa yo reyaji byen rapid tankou yon zèklè, moun pa ka pran yo fasil.

 Syantifik yo dekouvri yon kalite mouch yo rele mouch makayèt, ki ka fè mouvman menm jan ak avyon de gè yo, nan yon fraksyon segonn. Pwofesè Michael Dickinson fè konnen lè yo fèt, “yo ka vole tankou yon espesyalis”. “Se tankou w ta mete yon tibebe ki fèk fèt nan yon avyon de gè ki konplike, e tibebe a konnen sa pou l fè pou l fè avyon an vole.”

 Moun k ap fè rechèch yo filme mouvman mouch sa a ap fè yo e yo remake li bat zèl li 200 fwa chak segonn. Anfèt, yon sèl fwa li bat zèl li sifi pou l chanje direksyon pou l fè yon lòt mouvman.

 Bon, ki sa n ka di konsènan kantite tan l pran pou l reyaji? Moun k ap fè rechèch yo remake mouch sa yo ka reyaji 50 fwa pi vit devan yon danje pase tan je yon moun pran pou l bat. Men sa Dickinson di: “Mouch la ka fè yon kalkil ki konplike anpil nan yon ti tan tou kout pou l konnen ki kote yon danje ye epi ki pi bon mouvman li ka fè pou l chape.”

 Fason ti sèvo mouch makayèt la rive fè bagay sa yo se yon gwo mistè pou moun k ap fè rechèch yo konprann.

Mouch makayèt la ka chanje direksyon nan yon fraksyon segonn pou l chape anba yon danje.

 Ki sa w panse? Èske kapasite mouch makayèt genyen pou l fè mouvman sa yo se yon bagay ki egziste grasa evolisyon? Oswa se fè yo te fè l?