Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Mak 11:24 — “Tou sa n’ap mande lè n’ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l’ deja, n’a wè sa rive vre”

Mak 11:24 — “Tou sa n’ap mande lè n’ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l’ deja, n’a wè sa rive vre”

 “Se sa k fè m ap di nou: Tout sa nou mande nan lapriyè, si nou kwè nou deja resevwa yo, n ap jwenn yo.” — Mak 11:24, Labib — Tradiksyon monn nouvo a.

 “Se pou sa mwen di nou: Tou sa n’ap mande lè n’ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l’ deja, n’a wè sa rive vre.” — Mak 11:24, Bib la.

Sa Mak 11:24 vle di

 Jezi te di disip li yo pawòl sa yo pou l montre yo jan l enpòtan pou yo gen yon lafwa ki djanm nan pouvwa lapriyè genyen. Li te ba yo asirans Bondye pa sèlman tande priyè yo fè men tou li reponn yo. Yon moun ki priye Bondye ak tout kè l ann amoni ak volonte Bondye kapab gen garanti l ap jwenn sa l ap priye pou li a san mank. Se kòmsi Bondye te deja reponn priyè a.

 Jezi te mete aksan sou enpòtans pou n priye ak lafwa. Li fè konnen moun k ap priye a pa dwe “gen dout nan kè l” men, li dwe “gen lafwa sa l di a ap fèt”. (Mak 11:23.) Poukisa? Paske moun ki gen dout la pa “bezwen panse l ap resevwa anyen nan men Jewova a”. — Jak 1:5-8.

 Yon moun ki gen lafwa priye plizyè fwa pou menm bagay la (Lik 11:9, 10; Women 12:12). Konsa, li montre li vrèman bezwen sa l mande a e l gen konfyans toutbon Bondye kapab reponn priyè l la. Natirèlman, moun sa a konprann tou Bondye kapab chwazi reponn priyè a yon fason oswa yon moman ki diferan ak sa li menm li t ap atann. — Efezyen 3:20; Ebre 11:6.

 Sepandan, pawòl Jezi yo pa vle di nenpòt moun kapab atann pou l jwenn kèlkeswa sa l mande Bondye. Jezi t ap pale ak disip li yo, yon seri gason ki te gen lafwa ki t ap fè tout posib yo pou yo adore Jewova Dye fason li mande a. Labib fè konnen Jewova koute sèlman priyè ki ann amoni ak volonte l (1 Jan 5:14). Li pa koute priyè moun ki chwazi pa suiv prensip li yo e k ap fè move bagay san yo pa repanti (Ezayi 1:15; Miche 3:4; Jan 9:31). Gade videyo sa a ki tou kout pou w ka aprann plis bagay sou ki kalite priyè Bondye koute.

Kontèks Mak 11:24

 Nan dènye jou Jezi te pase nan travay predikasyon li t ap fè sou tè a, li te pale ak disip li yo sou enpòtans pou yo montre yo gen yon lafwa ki solid nan Bondye. Pou l te ede yo konprann jan sa enpòtan, li te ba yo yon egzanp. Pandan li t ap vwayaje al Jerizalèm, li te wè yon pye fig frans ki te fè fèy anvan lè. Men, kòm pyebwa a pa t gen fwi ladan l, Jezi te modi l (Mak 11:12-14). Lefètke pyebwa a te bay aparans li gen fwi alòske li pa t genyen, sa te montre ki jan nasyon Izrayèl tan lontan an te parèt yon nasyon k ap adore Bondye alòske yo pa t gen lafwa nan Bondye (Matye 21:43). Yon ti tan apre, pye fig frans lan te seche, sa ki te montre sa k t apral rive nasyon Izrayèl la ki pa t gen lafwa. — Mak 11:19-21.

 Men, Jezi te gen konviksyon disip li yo te ka gen lafwa ki nesesè pou yo rive fè fas ak pwoblèm yo e pou yo rive fè yon seri bagay ki estrawòdinè (Mak 11:22, 23). Konsèy Jezi te bay sou kesyon lapriyè a te byen tonbe paske anvan lontan, lafwa disip yo t ap gen pou pase anba eprèv. Yo t apral gen pou fè fas ak lanmò Jezi e t ap vin gen plis moun ki t ap opoze ak travay predikasyon yo t ap fè a (Lik 24:17-20; Travay 5:17, 18, 40). Jodi a, disip Jezi yo kapab fè fas ak sitiyasyon ki difisil tou lè yo demontre lafwa nan Bondye e lè yo demontre lafwa nan pouvwa lapriyè genyen. — Jak 2:26.

 Gade videyo sa a ki tou kout pou w wè yon rezime sou liv Mak la.

a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik ki gen tit: “Kiyès Jewova ye?” a.