Al gade sa k anndan l

Moun peyi Ilann ak moun Grann Bretay tande bon nouvèl la nan lang manman yo

Moun peyi Ilann ak moun Grann Bretay tande bon nouvèl la nan lang manman yo

Temwen Jewova yo fè anpil efò pou yo rankontre moun ki pale lang natif natal Ilann ak Grann Bretay *. Anplis lang anglè a, lang sa yo gen ladan yo ilandè, gayelik ekosè ak galwa.

Nan mwa septanm 2012, Temwen Jewova yo te prezante sit jw.org la yon nouvo fason nan plizyè lang, san wete lang ilandè ak galwa, epi lang gayelik ekosè a te vin disponib nan mwa out 2014. Anplis de sa, nou enprime yon pakèt piblikasyon ki baze sou Bib la nan lang sa yo. Ki rezilta nou jwenn pou tout efò sa yo?

Gen yon pastè legliz ki te aksepte yon feyè ki baze sou Bib la nan lang gayelik ekosè. Li te li l awotvwa menm kote a epi apre sa li pran kriye. Ki sa k te touche l konsa? Li te tèlman sezi wè jan tradiksyon an byen fèt, li te di: “Kiyès ki tradui sa a? Tradiksyon an vrèman byen fèt.”

Gen anviwon 750 moun ki te vizite sit jw.org la nan lang gayelik ekosè nan premye mwa yo te lanse l la.

Nan vil Galway, gen yon moun ki konn bay konferans nan Inivèsite nasyonal peyi Ilann ki te fè yon Temwen Jewova konnen li pa enterese nan relijyon. Sepandan, lè mesye a te aprann li ka jwenn bwochi La Bible — Quel est son message? la nan lang ilandè, li te mande youn. Selon li menm, tout moun ta dwe kapab jwenn piblikasyon ki baze sou Bib la nan lang manman yo e l te felisite Temwen Jewova yo pou travay yo fè pou pwodui piblikasyon pou moun ki pale lang ilandè.

Men sa yon dam aje te di pou l montre jan l kontan apre l te fin resevwa yon bwochi ki baze sou Bib la nan lang galwa: “Pou m onèt avè w, si w te ofri m bwochi sa a nan lang anglè, petèt mwen pa t ap aksepte l, men, mwen byen kontan genyen l nan lang mwen.”

Nan mwa out 2014, Temwen Jewova yo te prezante plis piblikasyon nan lang galwa sou sit jw.org la. Pandan mwa sa a, kantite moun ki te vizite sit nou an pou yo li enfòmasyon ki disponib nan lang galwa yo te double.

“Nou pale menm lang”

Apre Jezi te fin esplike de nan disip li yo Ekriti yo, men sa yo te di ak tout kè yo: “Èske nou pa t santi tankou se yon dife ki t ap boule nan kè nou pandan l t ap pale avèk nou sou wout la, lè li t ap byen esplike nou Ekriti yo?” (Lik 24:32). Byen souvan, lè moun yo jwenn esplikasyon byen klè sou verite ki nan Bib la nan pwòp lang pa yo, sa gen gwo efè sou lavi yo.

Emyr, se yon mesye k ap viv nan peyi Gal, li marye ak yon Temwen Jewova, men, li pa t janm vin adore Jewova ak madanm li. Apre sa, li te vin zanmi ak yon Temwen ki rele Russell. Pou Emyr esplike rezon ki fè l te vin chanje atitid, li te di: “M te deside etidye Labib seryezman lè Russell te vin kote m ak liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a *. Li te ban m youn epi l di m: ‘Liv sa a nan lang galwa. E nou pral kòmanse etidye l ansanm apati kounye a.’ ” Ki sa k te atire Emyr nan fason dirèk Russell te abòde l la? Men sa l di: “Ebyen, ou konprann, nou pale menm lang, nou gen menm kilti e youn konprann lòt.” Kè Emyr te chofe anpil toutpandan Russell avè l te konn pale sou Bib la nan lang manman l ki se galwa paske l te byen konprann esplikasyon yo.

Temwen Jewova yo ap kontinye ede moun aprann konnen Bondye nan lang manman yo, lang ki touche kè yo.

^ § 2 Nan atik sa a, Grann Bretay fè referans ak Angletè, Ekòs ak peyi Gal.

^ § 11 Se yon liv Temwen Jewova yo fè pou ede moun etidye Bib la.