Al gade sa k anndan l

Yo tradui san yo pa ekri yon mo

Yo tradui san yo pa ekri yon mo

Temwen Jewova yo tradui piblikasyon ki baze sou Bib la ki ekri ann anglè nan plis pase 900 lang. Tradui yon tèks nan yon lang moun ka ekri se deja yon bagay ki difisil. Donk, tradiksyon nan lang siy mande plis travay toujou. Anpil moun ki soud sèvi ak men yo ansanm ak ekspresyon vizaj yo pou yo kominike, kidonk, tradiktè yo bezwen pran yon tèks ki ekri, tradui l epi fè l vin yon videyo. Nan sans sa a, Temwen yo deja tradui piblikasyon nan plis pase 90 lang siy.

Kiyès tradiktè yo ye?

Menm jan ak tout tradiktè Temwen Jewova yo, moun ki tradui nan lang siy yo se moun ki byen konn lang nan. Anpil ladan yo soud e se lang siy yo konnen depi yo toupiti. E gen nan yo ki tande, men yo grandi nan yon fanmi kote te gen moun ki soud. Epitou, tradiktè yo se bonjan etidyan Labib.

Nouvo tradiktè yo jwenn yon gwo fòmasyon anrapò ak prensip tradiksyon. Pa egzanp, men sa Andrew di: “Malgre mwen t al lekòl pou moun ki soud lè m te piti e m sèvi ak lang siy, fòmasyon mwen jwenn kòm tradiktè ede m konprann gramè lang nan. Lòt tradiktè yo montre m ki jan pou m amelyore fason m fè siy, ekspresyon vizaj mwen ak mouvman m fè ak kò m pou m bay mesaj la yon fason ki egzak.”

Yo fè efò pou fè yon tradiksyon bon kalite

Tradiktè yo travay ansanm ann ekip. Chak moun nan ekip la gen yon wòl byen presi, se kapab wòl pou l tradui, pou l tcheke anglè a oswa wòl pou l verifye si sa ki tradui a bon. Apre sa, nan zòn kote sa posib, yon gwoup moun ki soud ki soti diferan kote e ki gen diferan edikasyon ak fòmasyon gade tradiksyon ki fèt la. Byen souvan, remak moun sa yo fè pèmèt yo amelyore travay tradiksyon ki deja fèt la. Etap sa a bay tradiktè yo posiblite pou yo sèten siy ak ekspresyon yo itilize yo natirèl e mesaj ki nan videyo a egzak e li klè.

Ekip tradiksyon lang siy finwa k ap pale sou tèks yo resevwa a.

An jeneral, tradiktè nan lang siy yo asiste reyinyon nan lang siy. Epitou, byen souvan, yo fè etid ak moun soud ki pa Temwen Jewova nan kominote a. Konsa, tradiktè yo rete ajou ak fason lang nan ap evolye.

Yon tradiktè nan lang siy brezilyen k ap fè videyo premye tradiksyon yo fè a.

Poukisa yo fè tout efò sa yo?

Labib montre moun ki soti “nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang” t ap byen reyaji devan mesaj espwa ak konsolasyon yo jwenn ladan l lan (Revelasyon 7:9). E pami moun sa yo, gen moun ki sèvi ak lang siy pou yo kominike.

Tradiktè yo byen kontan sèvi ak tan yo ak kapasite yo pou yo fè yon travay ki gen valè konsa. Gen yon tradiktè ki rele Tony ki di: “Kòm mwen soud, mwen kapab konprann difikilte lòt moun ki soud ap rankontre. Mwen te toujou vle pataje mesaj espwa ki nan Bib la ak plis moun soud posib.”

Men sa Amanda, k ap travay ak yon ekip tradisyon lang siy tou, fè konnen: “Mwen santi m pi itil lontan nan travay pou tradui piblikasyon ki gen mesaj Bib la ladan yo pou moun soud pase lè m te nan ansyen djòb mwen an.”

Ki jan w ka jwenn videyo nan lang siy pa w la?

Enstriksyon pou “Jwenn enfòmasyon nan lang siy” lan montre kòman pou moun jwenn videyo nan lang siy sou sit Entènèt jw.org la.