Al gade sa k anndan l

“Medam yo gen plas yo nan konstriksyon”

“Medam yo gen plas yo nan konstriksyon”

Gen yon òganizasyon * (Considerate Constructors Scheme, CCS) nan domèn konstriksyon nan Grann Bretay ki te felisite Temwen Jewova yo. Yo te fè sa paske Temwen yo bay fi fòmasyon pou yo aprann sèvi ak gwo ekipman sou chantye nouvo filyal yo a ki toupre Chelmsford, Essex. Òganizasyon sa a te bay Temwen yo pi gwo nòt yo a ki se 10 sou 10, pou fason “orijinal” yo te fòme medam yo. Poukisa yo te bay gwo nòt sa a?

Nan Grann Bretay, kantite fi ki travay sou chantye yo mwens pase 13 pousan. Selon yon etid yon fim Grann Bretay te fè, se pa anpil fi ki panse yo ka travay nan konstriksyon. Epoutan, 40 pousan nan moun ki t ap travay sou chantye Chelmsford la se te fi. E kantite fi ki t ap travay nan fonksyònman ekipman pwa lou yo te 60 pousan.

Medam yo k ap travay bò kot mesye yo Chelmsford.

Ki sa k te ede medam Temwen yo fè travay yo byen? Fòmasyon ak èd yo te resevwa te ede yo anpil. De eleman sa yo fè pati prensip konstriksyon CCS la. Prensip yo ankouraje konstriktè yo pou yo bay travayè yo valè lè yo “kreye yon bon anbyans kote tout moun santi moun respekte yo, moun ankouraje yo epi moun vle ede yo” toutpandan y ap “bay moun yo fòmasyon”.

Medam yo jwenn fòmasyon pou yo sèvi ak ekipman pwa lou

Men ki sa Jade, youn nan medam ki te jwenn fòmasyon pou travay ak gwo traktè ansanm ak gwo kamyon yo, te di: “Se yon bèl bagay! M pa t janm panse m t ap ka fè sa. Pafwa travay la difisil, men m toujou ap pran fòmasyon epi m toujou ap aprann nouvo bagay.” Menm jan ak Jade, Lucy se youn nan medam ki travay ak ekipman pwa lou yo. Men sa l di: “Lè m te vin sou chantye a pou premye fwa, m pa t santi m gen okenn kapasite pou sa. Men, depi premye jou a, yo te ban m fòmasyon. E m te travay avèk senk ekip diferan, donk m te resevwa anpil fòmasyon!”

Y ap pran fòmasyon sou fason pou yo sèvi ak traktè.

Medam ki sou chantye a pa sèlman konn fè yon aparèy mache, yo konn fè plis pase sa. Men sa Eric, yon siveyan ekip, di: “Medam yo pi byen pran swen zouti travay yo pase mesye yo, e li pi fasil pou yo rekonèt si yon aparèy pap mache byen epi yo fè konn sa.”

Medam yo jwenn èd nan konstriksyon

Men sa Carl, k ap sipèvize plizyè ekip ki sèvi ak ekipman pwa lou, di: “M vrèman enpresyone pou m wè jan medam yo te aprann kondui machin sa yo. Nan kèk ka, m te konn chwazi yo pou kondui nan plas mesye ki gen plizyè ane eksperyans!”

Y ap sèvi ak yon machin k ap kole tiyo plastik youn ak lòt.

Lè siveyan ekip yo bay lòt travayè parèy yo bonjan èd, sa fè travayè yo gen plis konfyans nan tèt yo. Nou ka wè sa nan ka Therese la. Antanke moun ki gen eksperyans ak fonksyònman machin li konnen lè moun ap travay ak ekipman pwa lou, li enpòtan pou yo ka pran responsablite yo epi pran desizyon pou asire sekirite sou chantye a. Men sa Therese esplike: “Lè m konnen siveyan ekip la ap soutni m, li pi fasil pou m fè plis pase sa m te panse m t ap ka fè paske m santi yo fè m konfyans. Sa ban m plis fòs pou m travay di lè m konnen lòt moun apresye travay m ap fè a epi yo respekte sa!”

Men sa Abigail, yon lòt fi ki t ap travay ak gwo traktè ansanm ak gwo kamyon, te di pou l montre jan l te apresye èd ak sipò li te jwenn: “Mesye sou chantye yo pa fè m santi yo pi kalifye pase m. Yo toujou pare pou ede, men yo pa eseye fè travay la nan plas mwen. Yo kite se mwen ki fè l.”

Travayè ki serye e ki travay di

Anplis travay medam yo t ap fè ak ekipman pwa lou yo, medam Chelmsford yo te jwenn fòmasyon pou yo fè apantaj, pou yo byen sèvi ak espas tè ki disponib yo, pou yo repare machin e pou yo monte echafo. Men sa Robert, ki te travay ak medam yo nan plizyè pwojè, di: “Medam yo te serye, yo te chofe pou yo travay e yo te veye anpil sou detay yo.” Men sa Tom, ki fè apantaj, te ajoute: “Medam ki nan ekip mwen yo presi e yo travay di. Yo vle travay la byen fèt.”

Se pa etonan si Fergus, ki se yon siveyan ekip, te di ak anpil antouzyas: “Definitivman, medam yo gen plas yo nan konstriksyon!”

^ § 2 Se yon òganizasyon endepandan k ap travay pou amelyore endistri konstriksyon an nan Grann Bretay.