Al gade sa k anndan l

Priyè ki fèt sou yon bwadchèn

Priyè ki fèt sou yon bwadchèn

 Rachel, k ap viv nan Repiblik Dominikèn kounye a, di: “M fèt nan yon fanmi k ap sèvi Jewova. Malerezman, lè m te gen 7 an, papa m te sispann sèvi Jewova e li te vin opoze anpil ak laverite. Li te fè l difisil anpil pou m adore Jewova. Pa egzanp, li te konn ofri m yon seri bagay tankou yon telefòn, yon vwayaj pou m al Diznelann oswa menm yon kat kredi pou m te sispann sèvi Jewova. Pafwa, li te konn ban m kout pwen pou l fè m sispann sèvi Jewova. Li te konn di si m pa ka pale oswa mache, mwen pa t ap kapab al nan reyinyon. Sa pa t mache. M te toujou detèmine pou m asiste reyinyon yo.

 “Papa m te toujou asire l li pa janm bat mwen lè manman m la. Li te konn di m li t ap fè manman m mal si m di manman m li bat mwen. Li te fòse m pou l aprann mwen karate e l te konn di manman m se nan aprann karate mwen vin gen mak sou kò m.

 “Lefètke mwen te timoun e m te pè papa m anpil, mwen pa t janm di manman m sa k te konn pase. Men, m te konn di Jewova sa. Mwen te mache anpil nan bwa ki te pa dèyè kay nou an nan Merilenn, Ozetazini. Nan rak bwa a, te gen yon bèl pye bwadchèn e m te konn monte chita sou yon branch ki konfòtab pou m pale ak Jewova. M te konn di l jan m santi m e m te konn di l sa m ap fè nan sèvis li lè m vin gran, si l pwoteje m nan sitiyasyon m nan pou m pa mouri. Epitou, m te konn pale avè l sou sa m ap fè nan monn nouvo a, fanmi m pral genyen ak fason m pral viv ak kè kontan nan lapè, san kè sote e san doulè.

 “Lè papa m te konn bat mwen oswa eseye achte m pou l anpeche m sèvi Bondye, m te toujou santi Jewova k ap konsole m e k ap ban m fòs. Bondye te ede m rete fidèl e li te ede m ret djanm.

 “Mwen te batize lè m te gen dizan, e dezan apre sa, mwen te vin pyonye pèmanan. Okòmansman, papa m pa t konn anyen sou pwogrè m te fè yo. Lè l te vin aprann sa, li te ban m yon gwo kout pwen nan figi e l te dejwente machwè m.

 “Gen moun ki te panse kòm mwen te jèn anpil, mwen ka pa fin byen konprann jan sèvis pyonye se yon gwo responsablite, se sa k fè yo te konn ankouraje m kite sèvis la. Tank tan t ap pase, m te wè anpil jèn nan zòn nan ki te kòmanse devye. Yo te pase tout tan yo al nan fèt, pran plezi yo. E fason yo t ap viv la te parèt atiran. Pafwa, m te vle fè menm bagay avèk yo. M te di tèt mwen: ‘Poukisa m pa annik sispann preche epi pran plezi menm jan ak lòt jèn yo?’ Men, lè konsa, mwen te konn pale ak Jewova sou sa.

 “Lè m te gen anviwon 15 an, yon moun nan yon gwo ajans mànken te kontakte m. Yo te ofri m yon gwo kontra ak ajans yo te genyen Milan, ann Itali. Mwen te santi se yon onè pou mwen paske yo te panse m te ka vin yon mànken, pou foto m parèt nan magazin e pou m defile ak rad chè nan defile mòd. Lè sa a, m te gen prèske twazan depi m pyonye pèmanan, e mwen te di tèt mwen travay sa a ta kapab ban m lajan m bezwen pou m kontinye nan sèvis la pou yon bon ti tan!’ Piske papa m te kite nou, m te panse tou travay sa a t ap kapab itil manman m.

 “Mwen te priye sou sa. Mwen te pale ak manman m, ki te pyonye depi anpil ane, e m te pale ak yon ansyen anpil moun te renmen e yo te respekte. E janm m abitye fè sa, mwen te monte sou bwadchèn nan pou m priye plis. Lè ansyen an te pataje yon vèsè avè m, mwen te jwenn repons priyè m yo. Li te li Eklezyas 5:4 ki di: ‘Lè w fè Bondye yon ve, pa pran tan pou w fè sa w di a. Lè w fè yon ve, kenbe pawòl ou.’ Mwen te fè yon ve pou m bay Jewova tout fòs mwen, e mwen te panse travay avèk ajans sa a t ap gen move efè sou relasyon m ak Jewova. Se pou rezon sa a mwen pa t aksepte kontra a.

 “Malgre tout move bagay ki te rive lè m te piti, mwen vivan! Kounye a, m ap viv ak kè kontan ak mari m, Jaser, ansanm ak pitit gason nou an, Connor, ki gen 9 an. Jaser se yon ansyen e Connor se yon pwoklamatè ki poko batize. Mwen gen prèske 27 an nan sèvis aplentan.

 “Souvan, mwen konn panse ak konvèsasyon long mwen te konn genyen ak Jewova lè m te konn monte sou bwadchèn dèyè lakay la. Mwen te sipliye Jewova pou l ede m, e li te fè sa yon bèl fason. Li te ban m fòs, li te konsole m e l te gide m. Pandan tout vi m, Jewova te montre m plizyè fwa jan l se yon papa estrawòdinè. Mwen kontan paske m te chwazi sèvi l ak tout kè m. Se pi bon chwa m te fè nan lavi m.”