Al gade sa k anndan l

Poukisa Temwen Jewova yo pa selebre anivèsè nesans?

Poukisa Temwen Jewova yo pa selebre anivèsè nesans?

 Temwen Jewova yo pa selebre anivèsè nesans paske yo konnen jan de fèt sa yo pa fè Bondye plezi. Se vre, Bib la pa di aklè pou nou pa selebre anivèsè nesans, men li ede nou rezone sou yon seri pwen enpòtan ki gen rapò ak anivèsè nesans, e li ede nou konprann fason Bondye wè bagay yo. Ann konsidere kat nan pwen sa yo ak prensip biblik ki gen rapò avè yo.

  1.   Anivèsè nesans gen orijin payen. Gen yon liv ki fè konnen moun yo kwè lè y ap selebre anivèsè yon moun, “espri mechan yo ak kèk move enfliyans kapab bay moun nan pwoblèm” sepandan, “prezans zanmi moun sa a ansanm ak bèl swè yo fè moun nan ka pwoteje l”. (Funk & Wagnalls Standard Dictionary of Folklore, Mythology, and Legend.) Liv Tradisyon anivèsè nesans yo (anglè) fè konnen, nan tan lontan, kwayans ki fè konprann li te “enpòtan [pou yo anrejistre dat moun fèt yon fason pou yo ka bay moun nan] yon siy owoskòp” la baze sou “syans mistik ak astwoloji”. Anplis de sa, men sa liv la fè konnen: “Anpil moun kwè bouji anivèsè yo te gen yon pouvwa majik ki te kapab fè swè yo fè moun nan rive toutbonvre.”

     Sepandan, Labib kondane maji, divinasyon, pratik ki gen rapò ak movèzespri, oswa lòt “bagay konsa”. (Detewonòm 18:14; Galat 5:19-21.) Anfèt, youn nan rezon ki fè Bondye te kondane ansyen vil Babilòn nan se paske moun ki t ap viv ladan l yo te konn pratike astwoloji ki se yon fòm divinasyon (Izayi 47:11-15). Temwen Jewova yo pa toujou ap chèche kote tout koutim soti, sepandan, lè Labib bay yon seri direksyon klè konsa, nou pa fèmen je sou yo.

  2.   Premye kretyen yo pa t konn selebre anivèsè nesans. Gen yon liv (The World Book Encyclopedia) ki fè konnen kretyen yo “te konsidere fèt anivèsè nesans nenpòt moun kòm yon koutim payen”. Bib la montre apot yo ak lòt moun Jezi te anseye dirèkteman yo kite yon egzanp pou tout kretyen suiv. — 2 Tesalonisyen 3:6.

  3.   Sèl evènman kretyen yo resevwa lòd pou yo selebre se Memoryal lanmò Kris, se pa nesans li (Lik 22:17-20). Sa pa dwe fè nou sezi paske Bib la di: “Jou ou mouri a pi bon pase jou ou fèt la.” (Eklezyas 7:1). Pandan tout lavi Jezi sou tè a, li te gen yon bon repitasyon devan Bondye, konsa li te montre jou li mouri a pi enpòtan pase jou li te fèt la. — Ebre 1:4.

  4.   Bib la pa di gen sèvitè Bondye ki te konn selebre anivèsè nesans. Se pa yon erè ki fè sa pa nan Bib la, paske Bib la pale konsènan de anivèsè nesans e se moun ki pa t ap sèvi Bondye ki te selebre yo. Sepandan, te gen move bagay ki te pase nan toule de evènman sa yo. — Jenèz 40:20-22; Mak 6:21-29.

Èske pitit Temwen yo santi yo manke yon bagay lefètke yo pa selebre anivèsè nesans?

 Menm jan ak tout paran, Temwen Jewova yo demontre lanmou pou pitit yo nan nenpòt moman nan ane a. Yo ba yo kado epi yo pase bon ti moman ansanm. Yo fè efò pou yo suiv bèl egzanp Bondye bay la, li menm ki bay pitit li yo kado nan nenpòt moman (Matye 7:11). Pitit Temwen yo pa santi yo manke yon bagay, e kòmantè ki vin annapre yo montre sa:

  •   “Li enteresan lè w resevwa yon kado nan yon moman ou pa t atann.” — Tammy, 12 an.

  •   “Menm lè mwen pa jwenn kado pou anivèsè nesans mwen, paran m toujou achte kado pou mwen nan lòt okazyon. Mwen renmen sa paske lè konsa yo ban m sipriz.” — Gregory, 11 an.

  •   “Èske w panse se dis minit sèlman, yon ti bout gato, ak yon ti mizik ki fè yon fèt? Vin lakay mwen pou w wè sa k rele fèt tande!” — Eric, 6 an.