Al gade sa k anndan l

Ki sa etid Labib Temwen Jewova yo ofri a ye?

Ki sa etid Labib Temwen Jewova yo ofri a ye?

 Ki jan yo fè yon etid Labib?

 Yon anseyan ap ede w aprann sa Bib la anseye sijè pa sijè. E lè w sèvi ak pwogram ki nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an, yon liv k ap ede w konn Bib la, tikras pa tikras w ap aprann mesaj ki nan Bib la ak fason li kapab ede w. Pou w aprann plis, gade videyo sa a.

 Èske m dwe peye pou etid la?

 Non. Nou suiv enstriksyon Jezi te bay disip li yo: “Se gratis nou te resevwa, se gratis pou nou bay.” ​(Matye 10:8). Anseyan nou yo pa resevwa lajan, e w pa bezwen peye pou w resevwa yon Bib ak liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an.

 Konbyen tan pwogram etid la ap dire?

 Antou, pwogram etid la gen 60 leson ladan l. Ou ka fè etid la nan vitès k ap bon pou ou. Anpil etidyan alèz pou yo fè yon leson oswa plis chak semèn.

 Ki sa m dwe fè pou m jwenn yon etid?

  1.  1. Ranpli fòmilè ki sou Entènèt la. N ap sèlman sèvi ak enfòmasyon pèsonèl ou yo pou nou kontakte w.

  2.  2. Yon anseyan ap kontakte w. Anseyan w lan ap esplike w fason etid Labib la fèt, e l ap reponn nenpòt kesyon ou genyen.

  3.  3. Ou menm ak anseyan w lan ap pran randevou. Ou kapab fè etid la fasafas, nan telefòn, pa mwayen apèl videyo oswa pa imel. An jeneral, chak etid dire anviwon inèdtan, men si w vle li kapab pi kout oswa pi long.

 Èske m ka eseye fè yon leson anvan?

 Wi, ou kapab fè sa. Annik ranpli fòmilè ki sou Entènèt la. Lè yon anseyan kontakte w, fè l konnen ou vle eseye yon etid pou w wè si w renmen l. Anseyan an ap itilize bwochi Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an, ki gen twa premye leson yo ladan l pou ede w wè si w renmen etid la.

 Si m aksepte fè yon etid Labib, èske y ap fè presyon sou mwen pou m vin yon Temwen Jewova?

 Non. Temwen Jewova yo renmen anseye sa Bib la di, men nou pa janm fè presyon sou moun pou yo vin fè pati relijyon nou an. Olye de sa, avèk respè nou montre moun yo sa Bib la di, toutpandan nou rekonèt chak moun kapab chwazi nan ki sa l vle kwè. — 1 Pyè 3:15.

 Èske m ka sèvi ak Bib pa m?

 Wi, ou kapab sèvi ak nenpòt tradiksyon Labib ou vle. Menm lè nou renmen itilize Labib — Tradiksyon monn nouvo a paske li klè e li egzak, nou rekonèt anpil moun ka prefere itilize yon tradiksyon yo plis abitye avè l.

 Èske m ka envite lòt moun nan etid la?

 Wi. Ou ka envite nenpòt fanmi oswa zanmi nan etid la.

 Si m te konn etidye Labib ak Temwen Jewova yo anvan sa, èske m ka fè etid la ankò?

 Wi. Anfèt ou ka renmen pwogram etid nou genyen kounye a plis toujou, paske nou fè kèk ajisteman ladan l pou l reponn ak bezwen moun yo. Gen plis foto ak videyo e gen plis posiblite pou w patisipe nan etid la pase anvan sa.

 Èske nou gen yon pwogram etid Labib san se pa avèk yon anseyan?

 Wi. An jeneral, pifò etidyan aprann pi byen avèk èd yon anseyan. Men gen lòt etidyan ki prefere kòmanse aprann poukont yo. Nan seksyon Zouti pou etidye Labib ki sou sit Entènèt nou an, w ap jwenn plizyè zouti ak referans pou ede w etidye Bib la. Men kèk zouti ki kapab ede w: