Al gade sa k anndan l

Èske Temwen Jewova yo tolere lòt relijyon?

Èske Temwen Jewova yo tolere lòt relijyon?

 Nou suiv konsèy Bib la bay pou nou “onore tout moun” kèlkeswa kwayans yo ak relijyon yo (1 Pyè 2:17, Bib Kreyòl La). Pa egzanp, nan kèk peyi gen plizyè santèn milye Temwen Jewova. Malgre sa, nou pa janm eseye fè presyon sou politisyen yo oswa sou moun k ap fè lalwa yo pou nou fè yo entèdi oswa vote lwa k ap bloke aktivite lòt relijyon yo. Epitou, nou pa fè kanpay pou nou fè yo vote lwa pou nou enpoze kwayans nou oswa kòd moral nou nan kominote n ap viv la. Olye de sa, nou tolere lòt relijyon yo menm jan nou ta renmen yo tolere nou tou. — Matye 7:12.