Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KONTINYE VEYE!

Temwen Jewova yo lè Olokos la — Ki sa Bib la di?

Temwen Jewova yo lè Olokos la — Ki sa Bib la di?

 Nan dat 27 janvye 2023 a, anpil moun pral selebre sa yo rele an fransè Journée internationale dédiée à la mémoire des victimes de l’Holocauste. Tout gwo mechanste ak krim ki te fèt sa gen plis pase 75 an ka fè w ap mande tèt ou poukisa Bondye te kite Olokos la fèt.

 Juif yo te soufri anpil lè Olokos la. Yo te viktim paske gen moun ki te planifye e ki te touye plizyè milyon pami yo. Gen moun nan lòt gwoup tou yo te sible e yo te touye lè Olokos la. Pami gwoup sa yo, nou jwenn Temwen Jewova yo ki te sibi pèsekisyon akoz kwayans yo nan Bib la.

“Yon avni ak yon espwa”

 Gen anpil moun ki pè pou yon bagay konsa pa rive ankò. Erezman, Bib la fè nou konnen gen yon lè bagay sa yo pap rive ankò.

  •   “‘Paske, mwen konnen sa m gen nan lide m pou m fè pou nou.’ Se sa Jewova a di. ‘M ap ban nou lapè, mwen pap lage malè sou nou, yon fason pou m ban nou yon avni ak yon espwa.” — Jeremi 29:11.

 Pwomès sa a ap reyalize lè Jewova Dye pral fini ak mechanste e l pral repare tout dega mechanste te lakòz. Talè konsa, li pral:

  •   Retire moun k ap fè lòt moun mechanste. — Pwovèb 2:22.

  •   Geri tout moun ki t ap soufri. — Revelasyon 21:4.

  •   Fè moun ki te mouri yo tounen viv ankò sou tè a. — Jan 5:28, 29.

 Ou kapab gen konfyans nan bèl pwomès ankourajan sa a Bib la fè a. Pou w aprann sa k fè w ka gen konfyans sa a, nou envite w eseye fè yon etid Labib avèk yon anseyan, li gratis.

a Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.