Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Bondye fè nou soufri pou l pini nou?

Èske Bondye fè nou soufri pou l pini nou?

LUZIA TE BWETE SOU PYE GOCH LI. Lè Luzia te piti, li te fè yon maladi ki rele polyomyelit, yon maladi ki vrèman trapan ki atake sistèm ki konekte ak sèvo a ki kontwole mouvman kò a. Lè Luzia te gen 16 an, gen yon dam li t ap travay pou li ki te di l: “Se Bondye ki fè w paralize pou l ka pini w paske w te konn fè malelve ak manman w e w pa t konn obeyi l.” Plizyè ane annapre, Luzia te toujou sonje jan pawòl sa yo te fè l mal.

LÈ DAMARIS TE APRANN LI FÈ KANSÈ NAN SÈVO, papa l te mande l: “Ki mal ou fè pou se sa k rive w? Ou dwe te fè yon bagay ki grav anpil. Se sa k fè Bondye ap pini w.” Sa papa Damaris te di l la te kraze moral li.

Depi nan tan lontan, moun te toujou kwè Bondye konn sèvi ak maladi pou l pini moun. Gen yon liv (Manners and Customs of Bible Lands) ki fè konnen, anpil moun nan epòk Kris la te kwè “maladi tonbe sou moun paske moun nan peche oswa fanmi l peche, e se fason sa a Bondye pini moun nan”. Gen yon ouvraj (Medieval Medicine and the Plague) ki fè konnen, ozanviwon ane 500 rive ane 1500 yo nan epòk nou an, “gen kèk moun ki kwè Bondye te konn lage flewo sou yo pou pini yo pou peche yo fè”. Donk, èske flewo ki te touye plizyè milyon moun nan tout Ewòp la nan 14yèm syèk la se Bondye ki te lage l pou l te ka pini moun ki mechan yo? Oswa, èske se senpleman yon mikwòb ki te lakòz flewo a, jan rechèch ki te fèt nan domèn medikal yo te montre sa? Gen kèk moun ki gendwa mande tèt yo: Èske se toutbon Bondye fè moun malad pou l fè yo soufri akoz peche yo fè *?

FÈ YON TI REFLECHI: Si maladi ak soufrans se pinisyon nou merite pou Bondye ban nou, poukisa Jezi te konn geri moun ki malad? Èske sa pa t ap retire sou jistis ak ladwati Bondye gen lakay li (Matye 4:23, 24)? Jezi pa t ap janm aji kont sa Bondye ap fè. Men sa Jezi te di: “Mwen toujou fè sa ki fè l plezi.” E li te di tou: “Mwen fè egzakteman sa Papa a ban m lòd fè.” — Jan 8:29; 14:31.

Bib la klè: Jewova Dye “pa janm fè enjistis”. (Detewonòm 32:4.) Pa egzanp, Bondye pa t ap janm lakòz pou yon avyon ki gen plizyè santèn inosan kraze paske li vle pini yon sèl moun nan avyon an! Anrapò ak jistis Bondye gen lakay li, Abraram, yon sèvitè Bondye ki te fidèl, te di Bondye pa t ap janm “detwi moun ki jis ansanm ak moun ki mechan”. Li te di ‘li t ap enposib’ pou Bondye ta aji konsa (Jenèz 18:23, 25). Bib la di tou “Bondye pa aji ak mechanste”, li pa “fè sa ki mal”. — Jòb 34:10-12.

SA BIB LA APRANN NOU KONSÈNAN SOUFRANS

Lè n ap soufri, se pa Bondye k ap pini nou pou yon peche nou te fè. Jezi te byen konn sa, e li te montre sa lè li menm ak disip li yo te wè yon mesye ki te fèt tou avèg. Men sa Bib la di: “Disip li yo mande l: ‘Anseyan, kiyès ki te peche ki fè mesye sa a fèt tou avèg la? Èske se li menm oubyen paran l?’” Jezi reponn: ‘Se pa ni mesye a ni paran l ki peche, men sa rive dekwa pou travay Bondye ka parèt aklè nan ka pa l.’” — Jan 9:1-3.

Move konpreyansyon moun yo te genyen nan epòk la dwe te fè disip Jezi yo sezi lè l te di yo se pa ni mesye a ni paran l ki te peche ki fè malè sa a te tonbe sou mesye a. Jezi pa t sèlman fè mirak la pou l te geri mesye ki avèg la, men mirak li te fè a te tou korije kwayans moun yo te genyen ki pa t kòrèk ki te fè konprann se Bondye k ap pini moun ki fè y ap soufri (Jan 9:6, 7). Jodi a, moun ki gen gwo pwoblèm sante kapab jwenn rekonfò lefètke yo konnen se pa Bondye ki lakòz y ap soufri.

Poukisa Jezi te geri moun ki malad si se Bondye ki t ap pini moun sa yo pou bagay mal yo te fè?

Men ki asirans nou jwenn nan Bib la

  • “Pèsonn pa ka pase Bondye anba eprèv ak bagay ki mal, e li menm li pa pase pèsonn anba eprèv ak bagay ki mal.” (JAK 1:13). Vrèmanvre, tout “bagay ki mal” k ap sakaje lèzòm depi plizyè syèk, san wete maladi, soufrans ak lanmò, pral fini talè konsa.

  • Jezi Kris te “geri tout moun ki t ap soufri”. (MATYE 8:16.) Lè Pitit Gason Bondye a te geri tout moun ki te vin jwenn li, se yon apèsi li te bay sou sa Wayòm Bondye a pral fè sou tout tè a.

  • “L ap [Bondye] siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” — REVELASYON 21:3-5.

KIYÈS KI RESPONSAB?

Kidonk, si se sa, poukisa menm lèzòm ap soufri nan pwen sa a? Sa gen plizyè syèk depi moun ap reflechi sou kesyon sa a. Si se pa Bondye ki lakòz n ap soufri, kiyès menm ki responsab? Nou pral reponn kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.

^ § 4 Se vre, nan tan lontan, pafwa Bondye te konn pini kèk moun pou kèk peche yo te fè, men jodi a, Bib la pa montre Jewova kontinye sèvi ak maladi oswa malè pou l pini moun ki peche.