Matye 24​:​1-51

  • SIY PREZANS KRIS LA (1-51)

    • Lagè, rate manje, tranblemanntè (7)

    • Yo pral preche bon nouvèl la (14)

    • Gwo tribilasyon an (21, 22)

    • Siy Pitit lòm nan (30)

    • Pye fig frans lan (32-34)

    • Menm jan sa te ye nan epòk Noye a (37-39)

    • Kontinye veye (42-44)

    • Esklav fidèl la ak esklav ki mechan an (45-51)

24  Twouve, pandan Jezi t ap kite tanp lan, disip li yo pwoche kote l pou yo montre l tanp lan.  Men, li di yo: “Nou wè tout bagay sa yo, pa vre? Anverite m ap di nou sa: Pa gen yon wòch k ap ret sou yon lòt wòch la a pou yo pa vide l atè+.”  Pandan l chita sou Mòn Oliv, disip yo pwoche kote l apa, yo di l: “Di nou non: Ki lè bagay sa yo ap fèt, e ki siy k ap siy prezans* ou+ e k ap siy fen sistèm nan*+?”  Jezi reponn yo, li di: “Veye pou pèsonn pa twonpe nou+.  Paske gen anpil moun k ap vini sou non m, y ap di: ‘Se mwen menm ki Kris la’, e y ap twonpe anpil moun+.  Nou pral tande bri lagè k ap fèt ak nouvèl sou lagè. Veye pou sa pa panike nou, paske fòk bagay sa yo rive, men se poko lafen an+.  “Paske nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm+. Pral gen rate manje+ ak tranblemanntè nan yon zòn apre yon lòt+.  Tout bagay sa yo se kòmansman doulè* yo.  “Lè sa a, moun pral fè nou pase tray+, y ap touye nou+, e tout nasyon ap rayi nou poutèt non mwen+. 10  Lè sa a tou, anpil moun pral pèdi lafwa, youn pral trayi lòt e youn pral rayi lòt. 11  Anpil fo pwofèt pral parèt, e y ap twonpe anpil moun+. 12  Akoz mechanste k ap ogmante, lanmou pifò moun ap vin rafredi. 13  Men, moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove+. 14  Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon+. Apre sa, lafen an ap vini. 15  “Se sa k fè, lè nou wè bagay ki bay repiyans ki lakòz dezolasyon an kanpe yon kote ki sen, bagay pwofèt Dànyèl te pale de li a+ (se pou moun k ap li a sèvi ak bon jijman l), 16  lè sa a, se pou moun ki nan Jide yo kouri al nan mòn+. 17  Pinga moun ki sou do kay la desann al pran afè l anndan kay la. 18  E pinga moun ki nan jaden an retounen al pran rad li. 19  Ala rèd sa ap rèd pou fi ki ansent ak fi ki gen tibebe nan tete nan jou sa yo! 20  Kontinye priye pou se pa ni nan sezon fredi, ni yon jou saba nou oblije kouri. 21  Paske, lè sa a, pral gen yon gwo tribilasyon+, yon tribilasyon ki poko janm rive depi monn nan egziste pou jiska prezan, non, e ki pap rive ankò+. 22  An reyalite, si yo pa t retire nan jou sa yo, pa gen moun* ki t ap sove. Men, poutèt moun Bondye chwazi yo, y ap retire nan jou sa yo+. 23  “Lè sa a, si yon moun di nou: ‘Gade! Men Kris la la a+’, oswa: ‘Men li lòtbò a’, pinga nou kwè+. 24  Paske, gen fo Kris ak fo pwofèt+ ki pral parèt, e yo pral fè gwo mirak ak gwo mèvèy pou yo ka twonpe+ menm moun Bondye chwazi yo, si sa posib. 25  Gade! Mwen avèti nou davans. 26  Donk, si moun di nou: ‘Gade! Men l nan dezè a’, pa ale. Si yo di nou: ‘Gade! Men l nan chanm nan’, pinga nou kwè+. 27  Paske, menm jan lè yon kout zèklè fèt nan lès, li klere rive jis nan lwès, se konsa prezans* Pitit lòm nan ap ye+. 28  Kote kadav la ye, se la èg yo ap rasanble+. 29  “Tousuit apre tribilasyon k ap gen nan jou sa yo, solèy la ap vin tou nwa+, e lalin nan pap klere ankò, zetwal yo nan syèl la pral tonbe, e bagay pisan yo ki nan syèl la pral souke+. 30  Apre sa, siy Pitit lòm nan pral parèt nan syèl la, epi, tout nasyon* sou tè a pral frape lestomak yo tèlman y ap tris+, e yo pral wè Pitit lòm nan+ k ap vini sou nyaj nan syèl la avèk pisans e avèk anpil glwa+. 31  Epi, l ap voye zanj li yo, e avèk yon gwo kout twonpèt, yo pral rasanble moun ki pou li yo, moun Bondye chwazi yo, yo menm ki soti nan kat kwen tè a*, sot nan yon pwent syèl la rive nan yon lòt+. 32  “Kounye a, ann pran egzanp yon pye fig frans. Kou yon ti branch kòmanse pouse e li fè fèy, nou konnen sezon ete a toupre rive+. 33  Menm jan an tou nou menm, lè nou wè tout bagay sa yo, konnen Pitit lòm nan toupre, li nan papòt la+. 34  Anverite m ap di nou sa: Jenerasyon sa a pa gendwa pase anvan tout bagay sa yo rive. 35  Syèl la ak tè a ap pase, men pawòl mwen yo pa gendwa janm pase+. 36  “Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo+, ni zanj ki nan syèl la, ni Pitit la, men se sèl Papa a ki konnen yo+. 37  Paske, menm jan epòk Noye a te ye a+, se konsa prezans* Pitit lòm nan ap ye+. 38  Paske, menm jan nan epòk anvan delij la, moun yo t ap manje, yo t ap bwè, mesye yo t ap marye e moun t ap marye pitit fi yo, jiskaske jou pou Noye antre nan lach la rive+, 39  yo pa t remake anyen jiskaske delij la vini e li pote yo tout ale+, se konsa prezans Pitit lòm nan ap ye. 40  Lè sa a, de gason ap ansanm nan jaden, y ap pran youn, y ap kite lòt la. 41  De fi ap vire yon moulen ansanm, y ap pran youn, y ap kite lòt la+. 42  Kidonk, kontinye veye, paske nou pa konnen ki jou Seyè nou an ap vini+. 43  “Men, gen yon bagay pou nou konnen: Si mèt kay la te konnen ki lè nan nuit lan vòlè a t ap vini+, li t ap rete je klè, li pa t ap kite l kase kay li+. 44  Se sa k fè, nou menm tou, se pou nou pare+, paske Pitit lòm nan ap vini nan yon lè nou pa panse. 45  “Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an* mèt li met responsab sèvitè ki lakay li yo pou ba yo manje nan bon moman+? 46  Esklav sa a byennere si lè mèt li vini, li jwenn se sa l ap fè+! 47  Anverite m ap di nou sa: L ap mete l responsab tout byen l yo. 48  “Men, si esklav sa a ta mechan e li ta di nan kè l: ‘Mèt mwen ap fè reta+’, 49  epi li kòmanse bat esklav parèy li yo, li manje e li bwè ak gwo tafyatè, 50  mèt esklav sa a ap vini yon jou li pa atann, nan yon lè li pa konnen+, 51  l ap ba l yon pinisyon ki rèd anpil e l ap mete l menm kote ak ipokrit yo. Se la li pral kriye e li pral manje dan+.

Nòt anba paj

Oswa: “fen tan an”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “doulè tranche”.
Lit.: “pa gen chè”.
Lit.: “tout tribi”.
Lit.: “nan kat van yo”.
Oswa: “esklav fidèl ki gen sajès la”.