Matye 4​:​1-25

  • Dyab la vin tante Jezi (1-11)

  • Jezi kòmanse preche nan Galile (12-17)

  • Jezi rele premye disip li yo (18-22)

  • Jezi preche, li anseye e li geri moun (23-25)

4  Apre sa, lespri Bondye mennen Jezi nan dezè a, epi, Dyab la tante Jezi+.  Apre l fin pase 40 jou ak 40 nuit san manje, li te grangou.  Epi, Dyab la vin tante l+, li di l: “Si w se yon pitit Bondye, di wòch sa yo pou yo tounen pen.”  Men, li reponn li: “Men sa ki ekri: ‘Se pa manje sèlman moun bezwen pou yo viv, men yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Jewova*+.’”  Apre sa, Dyab la mennen l nan vil ki sen an+, li fè l kanpe sou tèt mi tanp lan*+,  epi li di l: “Si w se yon pitit Bondye, lage kò w anba, paske men sa ki ekri: ‘L ap bay zanj li yo yon lòd ki gen rapò avè w’, e men sa ki ekri ankò: ‘Y ap pote w nan men yo pou w pa frape pye w nan okenn wòch+.’”  Jezi di l: “Men sa ki ekri tou: ‘Nou pa dwe teste Jewova*, Bondye nou an+.’”  Apre sa, Dyab la mennen l sou yon mòn ki wo anpil. Li montre l tout wayòm ki nan monn nan ak glwa ki gen ladan yo+.  Li di l: “M ap ba w tout bagay sa yo si w met jenou w atè, e ou fè yon jès pou w adore m.” 10  Lè sa a, Jezi di l: “Al fè wout ou, Satan! Paske, men sa ki ekri: ‘Se Jewova*, Bondye w la, ou dwe adore+, e se li menm sèl ou dwe bay yon sèvis sakre+.’” 11  Apre sa, Dyab la kite l+, epi, gen zanj ki vini e yo kòmanse ede l+. 12  Twouve, lè l tande yo arete Jan+, li deplase l al Galile+. 13  Apre sa, li kite Nazarèt, l al abite Kapènawòm+, toupre lanmè a, nan tèritwa Zabilon ak tèritwa Neftali, 14  yon fason pou pawòl pwofèt Ezayi te di a reyalize. Men sa pwofèt la te di: 15  “O tèritwa Zabilon ak tèritwa Neftali, sou wout ki mennen nan lanmè a, pa lòtbò Rivyè Jouden an, nou menm moun lòt nasyon k ap viv nan Galile, 16  moun ki chita nan fènwa yo wè yon gwo limyè, e kanta pou moun ki chita nan zòn ki anba lonbray lanmò a, limyè+ leve sou yo+.” 17  Depi lè sa a, Jezi kòmanse preche, li di: “Se pou nou repanti, paske Wayòm syèl la vin pi pre+.” 18  Pandan l ap mache bò Lanmè Galile, li wè de frè, Simon, ki rele Pyè tou+, ansanm ak Andre, ki t ap voye yon filè nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye+. 19  Epi li di yo: “Vin suiv mwen, e m ap fè nou vin pechè moun+.” 20  Lamenm, yo abandone filè yo e yo suiv li+. 21  Li kontinye avanse e li wè de lòt frè, Jak ak Jan, de pitit Zebede+. Yo te nan yon bato avèk papa yo, Zebede, yo t ap repare filè yo. Epi, li rele yo+. 22  Menm kote a, yo kite ni bato a ni papa yo, yo suiv li. 23  Apre sa, li te mache nan tout Galile+, li t ap anseye nan sinagòg yo+, li t ap preche bon nouvèl Wayòm nan e li te geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te genyen+. 24  Yo t ap pale de li nan tout Siri, e moun yo te mennen tout moun ki t ap soufri ak divès kalite maladi ak gwo doulè ba li+, moun ki te gen demon sou yo+, moun ki te gen malkadi+ ak moun ki te paralize, epi li geri yo. 25  Sa vin fè gen gwo foul moun ki soti Galile, Dekapòl*, Jerizalèm, Jide ak pa lòtbò Rivyè Jouden an ki vin suiv li.

Nòt anba paj

Oswa: “kanpe kote ki pi wo nan tanp lan”.
Oswa: “Dis vil yo”.