Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kontinye kenbe dezi w yo sou kontwòl

Kontinye kenbe dezi w yo sou kontwòl

Lefètke nou enpafè, nou toujou ap goumen pou n kenbe dezi nou yo sou kontwòl. Si nou lage ba yo, nou ka pèdi favè Jewova. Pa egzanp, gen moun ki kite dezi pou manje, rad ak kote pou yo rete kraze lanmou yo gen pou Bondye a. Gen lòt menm ki satisfè dezi seksyèl yo san yo pa bay prensip Bondye yo regle anyen pou yo (Wm 1:26, 27). Gen lòt ankò ki sede anba presyon akoz dezi yo genyen pou moun renmen yo oswa aksepte yo. — Egz 23:2.

Ki jan nou ka kontwole dezi nou yo? Nou dwe fè tout sa nou kapab pou n ret konsantre sou bagay espirityèl yo (Mt 4:4). Epitou, nou dwe sipliye Jewova pou l ede nou kontwole dezi nou yo. Poukisa? Paske li konnen sa ki pi bon pou nou ak pi bon fason pou n satisfè dezi nou yo. — Sm 145:16.

GADE VIDEYO KI GEN TIT PA KITE FIMEN FINI AVÈ W, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Poukisa kèk moun fimen?

  • Ki sa fimen ka fè w?

  • Poukisa fimen ak itilize sigarèt elektwonik pa bon? — 2Ko 7:1

  • Ou ka reziste ak dezi pou w fimen!

    Ki jan w ka di non ou pap fimen oswa menm sispann fimen?