Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ÈD POU MOUN KI NAN GWO LAPENN

Sa w ka fè depi jodi a pou w fè fas ak gwo lapenn

Sa w ka fè depi jodi a pou w fè fas ak gwo lapenn

Si w ap chèche konn sa pou w fè pou w rive fè fas ak gwo lapenn lanmò pote, li pwobab pou w jwenn anpil konsèy sou sa, e gen kèk nan yo ki pi itil pase lòt. Jan nou te di sa nan atik anvan an, petèt sa rive fèt paske tout moun pa montre soufrans yo menm jan. Yon bagay gendwa mache pou yon moun epoutan li pa mache pou yon lòt.

Aktout sa, gen yon seri konsèy ki byen fonde anpil moun twouve ki pratik. Espesyalis ki konn bay moun ki nan gwo lapenn konsèy konn fè referans ak konsèy sa yo. Konsèy sa yo gen anpil prensip moun ka fè konfyans e nou ka jwenn nan yon liv ki la depi byen lontan e ki gen konsèy saj, anpalan de Labib.

1: AKSEPTE ÈD NAN MEN FANMI W AK ZANMI W

  • Gen kèk espesyalis ki panse se pi bon fason pou yon moun rive fè fas ak gwo lapenn li santi. Men pafwa, sa ka rive ou anvi ret poukò w. Ou gendwa menm fache sou moun k ap eseye ede w yo e se yon reyaksyon ki nòmal.

  • Pa panse w oblije toujou gen moun bò kote w, men pa fè yo santi ou pa bezwen yo nonplis. Anfèt, ou ka bezwen èd ak sipò yo pi devan. Avèk jantiyès, fè lòt moun konnen sa w bezwen nan moman an ak sa w pa bezwen.

  • Selon sa w wè w bezwen an, chèche jwenn yon ekilib ant tan w ap pase ak lòt moun ak tan w ap pase poukont ou.

PRENSIP: “De pi bon pase youn [...] Paske, si youn nan yo tonbe, lòt la kapab ede zanmi l lan kanpe.” — Eklezyas 4:9, 10.

2: FÈ ATANSYON AK SA W AP MANJE EPI REZÈVE TAN POU W FÈ EGZÈSIS

  • Lè w manje yon fason ki ekilibre, sa ap ede w jere strès moun konn genyen lè yo nan gwo lapenn. Eseye manje divès kalite fwi, legim ak manje ki gen pwoteyin ladan yo.

  • Bwè anpil dlo ak lòt bwason ki bon pou kò a.

  • Si w pa gen apeti, manje yon ti bagay detanzantan. Ou ka mande doktè w sa l panse si w ta pran vitamin *.

  • Fè ti mache vit oswa fè lòt egzèsis ka diminye santiman negatif ou yo. Lè w fè egzèsis, sa ka ede w jwenn tan pou w reflechi sou lanmò a oswa sa ka ede w fè yon ti bliye l.

PRENSIP: “Pèsonn pa janm rayi kò li. Okontrè, li ba l manje, li pran swen l.” — Efezyen 5:29, Bib la.

3: BYEN DÒMI

  • Li enpòtan anpil pou moun dòmi, men li pi enpòtan toujou pou moun ki nan gwo lapenn yo dòmi etandone yo gendwa pi fatige pase nenpòt lòt lè.

  • Veye sou kantite kafe ak alkòl w ap bwè paske sa ka anpeche w dòmi.

PRENSIP: “Li pi bon pou yon moun pran yon ti repo olye l plede ap travay di e li kontinye ap kouri dèyè van.” — Eklezyas 4:6.

4: SE POU W APRANN ADAPTE W

  • Ou bezwen konnen tout moun pa reyaji menm jan lè yo nan gwo lapenn. Finalman, se ou k ap bezwen konnen ki sa k ap pi bon pou ou.

  • Gen anpil moun ki twouve sa ede yo lè yo pale ak lòt moun konsènan sa yo santi, tandiske gen lòt moun yo menm ki prefere pa fè sa. Espesyalis yo gen divès opinyon sou kesyon si li vrèman enpòtan pou yon moun ki nan gwo lapenn di sa l santi pou l ka santi l byen. Si w santi w bezwen ouvri kè w bay yon bon zanmi w men ou yon ti jan jennen, ou ka twouve li pi fasil pou se tikras pa tikras ou di l jan w santi w.

  • Gen moun ki twouve lè yo kriye anpil sa ede yo, tandiske sanble gen lòt moun yo menm menmsi yo pa kriye anpil, sa ede yo fè fas ak gwo lapenn yo genyen an.

PRENSIP: “Se chak moun ki konnen soufrans yo.” — Pwovèb 14:10, New International Version.

5: EVITE FÈ YON SERI BAGAY KI PA BON POU OU

  • Gen moun ki gen moun pa yo ki mouri ki lage kò yo nan bwè alkòl oswa nan pran dwòg yon fason pou yo eseye soulaje soufrans yo. Lè yo fè sa, se pi mal y ap vin pi mal. Kèlkeswa soulajman yon moun ta gendwa jwenn nan, se pou yon ti tan, e annapre sa ap gen move konsekans. Eseye lòt metòd pou w soulaje enkyetid ou men ki pap fè w ditò.

PRENSIP: “Annou pirifye tèt nou anba tout sa ki [...] sal.” — 2 Korentyen 7:1.

6: BYEN JERE TAN W

  • Yon bagay anpil moun twouve ki ede yo pou yo pa nan lapenn toutan, se pran tan pou yo fè yon aktivite ki ede yo retire lespri yo sou soufrans lan.

  • Pandan yon tan, ou ka santi w jwenn fòs lè w chèche fè nouvo zanmi oswa fè amitye w ak lòt moun vin pi solid, lè w aprann yon bagay oubyen lè w pran ti detant.

  • Tank tan ap pase, se sèten ap vin gen chanjman. Ou gendwa remake ou vin panse ak moun nan mwens, sa ki montre ou sou wout pou w geri.

PRENSIP: “Gen yon lè pou tout bagay, [...] yon lè pou moun kriye ak yon lè pou moun ri, yon lè pou moun rele paske yo nan lapenn ak yon lè pou moun danse.” — Eklezyas 3:1, 4.

7: GEN YON BON PWOGRAM

  • Kou sa posib, chèche gen yon bon pwogram.

  • Lè w chèche gen yon bon pwogram, tankou yon lè pou dòmi, yon lè pou travay ak yon lè pou fè kèlkeswa lòt aktivite a, li pwobab pou w santi w rekòmanse jwenn ekilib ou.

  • Lè w gen anpil bon aktivite pou w fè, sa ap ede w fè fas ak tristès ou genyen an.

PRENSIP: “Paske, l ap difisil pou moun sa a rann li kont valè pwoblèm li jwenn pandan kèk jou li fè ap viv la, piske vrè Dye a fè l viv ak kè kontan.” — Eklezyas 5:20.

8: PA KOURI PRAN GWO DESIZYON

  • Anpil moun ki pran gwo desizyon tousuit apre yon moun yo renmen anpil mouri konn regrèt sa.

  • Si sa posib, kite yon kantite tan ki rezonab pase anvan w deside si w ap kite kote w ap viv la, si w ap chanje travay oubyen si w ap debarase w ak afè pèsonèl moun ou renmen an.

PRENSIP: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li, men, tout moun ki twò prese ap pòv kanmenm.” — Pwovèb 21:5.

9: FÈ KÈK BAGAY K AP EDE W SONJE MOUN NAN

  • Anpil moun ki pèdi yon moun pa yo konn twouve sa ede yo lè yo fè kèk bagay ki ede yo sonje moun nan.

  • Sa ka gen bon efè sou ou lè w rasanble foto, kèk lòt bagay ki fè w sonje moun nan oubyen lè w ekri kèk bagay ou te viv ak moun nan oswa kèk istwa ki fè w sonje l.

  • Sere kèk bagay ki fè w sonje bèl ti moman nou te pase ansanm, epi, pi devan, lè w santi w kapab, regade bagay sa yo ankò.

PRENSIP: “Sonje tan lontan.” — Detewonòm 32:7.

10: PRAN TI VAKANS

  • Ou ka planifye pou w pran vakans.

  • Si w poko ka pran vakans ki long, pran yon jou oswa de jou pou w fè yon ti bagay ki enteresan tankou, al flannen nan mòn, al nan plaj oswa fè yon ti vwayaj nan machin.

  • Menm yon ti chanjman w fè nan pwogram ou ka ba w fòs pou w fè fas ak gwo lapenn ou genyen an.

PRENSIP: “Nou menm, vin yon kote apa pou nou pran yon ti repo.” — Mak 6:31.

11: EDE LÒT MOUN

  • Sonje sa, kèlkeswa lè w ede yon moun sa ap pwofitab pou ou menm tou.

  • Pou kòmanse, ede lòt moun ki nan lapenn menm jan avè w akoz moun sa a ki mouri a. Se gendwa zanmi oswa moun nan fanmi an ki bezwen yon moun ki ka konprann jan yo santi yo.

  • Lè w ede lòt moun e w konsole yo sa ka fè w gen lajwa ankò e sa ka fè w fikse yon objektif ou pa t menm genyen anvan sa.

PRENSIP: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” — Travay 20:35.

12: REFLECHI SOU SA KI PI ENPÒTAN NAN LAVI W

  • Lè yon moun nan gwo lapenn, sa ka ede l byen konprann sa k vrèman enpòtan.

  • Pwofite okazyon sa a pou w reflechi sou fason w ap viv.

  • Fè chanjman anrapò ak sa k pi enpòtan pou ou toutotan w santi sa nesesè.

PRENSIP: “Li pi bon pou yon moun al nan kay ki gen lanmò pase l al nan kay kote y ap fè fèt, paske lanmò met fen nan lavi tout moun, e moun ki vivan yo dwe reflechi sou sa.” — Eklezyas 7:2.

An reyalite, pa gen anyen ki ka fè w sispann soufri nèt. Men, anpil moun ki gen moun pa yo ki mouri fè konnen lè yo suiv bonjan konsèy, tankou sa nou jwenn nan atik sa a, sa ede yo jwenn rekonfò. Yon bagay ki sèten, lis sa a pa gen solisyon pou tout soufrans ou nèt, men, si w eseye suiv kèk nan konsèy ki ladan l yo, sa ka soulaje w anpil.

^ § 13 Reveye n! pa mande moun pou yo suiv okenn tretman espesyal.