Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Si yon kretyen divòse ak madanm li, san se pa pou rezon Bib la bay la, epi l al marye ak yon lòt moun, ki jan kongregasyon an wè premye maryaj la ak nouvo maryaj la?

Nan yon sitiyasyon konsa, kongregasyon an ap konsidere premye maryaj la pa valab ankò lè mesye a remarye, e y ap konsidere nouvo maryaj la valab. Pou n konprann rezon ki fè se konsa y ap wè sitiyasyon an, ann egzamine sa Jezi te di sou divòs ak lè yon moun remarye.

Selon Matye 19:9, Jezi te esplike sèl rezon Bib la bay pou yon maryaj kraze. Men sa l te di: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, eksepte pou imoralite seksyèl, e k al marye ak yon lòt fi, moun sa a fè adiltè.” Selon sa Jezi di a, nou aprann 1) sèl rezon Bib la bay pou yon moun divòse se imoralite seksyèl, e 2) yon gason ki divòse ak madanm li, san se pa pou rezon Bib la bay la, e k al marye ak yon lòt fi, li fè adiltè. *

Èske Jezi te vle di yon gason ki fè imoralite seksyèl e ki divòse ak madanm li lib pou l remarye selon Bib la? Se pa vrèman sa l te vle di. Lè gen adiltè nan yon maryaj, madanm nan ki inosan ka deside si l ap padone mari l oswa si l pap padone l. Si l pa padone l e l divòse avè l selon lalwa, yo toule de lib pou yo remarye yonfwa divòs la fèt.

Yon lòt bò, madanm nan ka vle pwoteje maryaj li ak tout kè l, e li ka fè mari l konnen li dispoze padone l. Ki sa k ap rive si mari a ki fè adiltè pa aksepte madanm nan padone l, epi li divòse, aktout madanm nan pa dakò divòs la? Piske madanm nan dispoze padone mari a e l vle ret marye avè l, mari a pa lib pou l remarye selon Labib. Men, si mari a al marye ak yon lòt moun, alòske li pa lib pou l fè sa selon Bib la, li fè adiltè ankò. Lè sa a, ansyen yo nan kongregasyon an ap oblije fè yon komite disiplin pou li ankò. — 1 Kor. 5:1, 2; 6:9, 10.

Lè yon gason remarye, alòske l pa lib pou l fè sa selon Bib la, ki jan kongregasyon an konsidere premye maryaj la ak nouvo maryaj la? Selon Bib la, èske premye maryaj la toujou valab? Èske madanm nan ka toujou deside padone ansyen mari l la oswa l ka pa deside padone l? Èske kongregasyon an ap konsidere nouvo maryaj la kòm yon maryaj adiltè?

Anvan sa, kongregasyon an te konn konsidere nouvo maryaj la kòm yon maryaj adiltè toutotan madanm nan vivan, e l pa ni remarye ni fè imoralite seksyèl. Sepandan, lè Jezi t ap pale sou divòs ak lè yon moun remarye, li pa t di anyen konsènan moun ki inosan an. Okontrè, Jezi te fè konnen yon mari ki divòse ak madanm li, san se pa pou rezon Bib la bay la, e k al marye ak yon lòt fi, li fè adiltè. Nan ka sa a, lefètke mesye a divòse e l remarye, selon Jezi se adiltè l fè, e sa kraze premye maryaj la.

“Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, eksepte pou imoralite seksyèl, e k al marye ak yon lòt fi, moun sa a fè adiltè.” — Mat. 19:9.

Lè yon gason divòse ak madanm li e l remarye, li pa posib ankò pou premye madanm nan ki inosan padone l oswa pa padone l. Konsa, madanm nan pap bezwen bay tèt li pwoblèm pou l konnen si l ap padone ansyen mari l la oswa si l pap padone l. Anplis de sa, menmsi madanm nan ta mouri, oswa l ta remarye, oubyen l ta fè imoralite seksyèl, se pa rezon sa yo k ap fè kongregasyon an konsidere nouvo maryaj la valab, paske yo deja konsidere l valab. *

Nan egzanp nou te wè pi wo a, mari a te fè adiltè, e sa te mennen nan divòs. E si mari a pa t fè adiltè, men, li divòse epi l remarye? Oswa, e si mari a pa t fè imoralite seksyèl anvan divòs la, men, li fè sa apre divòs la, epi li remarye malgre madanm nan te vle padone l? Nan tout egzanp sa yo, si mesye a ta divòse e l ta remarye li t ap fè adiltè, e premye maryaj la pa t ap valab ankò. Nouvo maryaj la t ap vin yon maryaj legal ki valab. Men sa Toudegad 15 fevriye 1980, paj 31 fè konnen: “Kounye a, mesye a fè yon nouvo maryaj e se sa k fè li pa ka annik kraze l epi retounen ak premye madanm nan. Lefètke l te divòse, li te fè adiltè e l te remarye, premye maryaj la kraze.”

Ajisteman sa a pa vle di nou pa konsidere maryaj kòm yon bagay ki sakre oswa adiltè pa vrèman yon peche grav. Yon gason ki divòse ak madanm li, san se pa pou rezon Bib la bay la, e k al marye ak yon lòt fi san l pa lib pou l fè sa selon Bib la ap pase devan yon komite disiplin paske l fè adiltè. (Si madanm li vin genyen an se yon sè, y ap fè yon komite disiplin pou li tou, paske l fè adiltè.) Byenke nou pap konsidere nouvo maryaj la kòm yon maryaj adiltè, mesye a pap kalifye pou l jwenn privilèj espesyal nan kongregasyon an pandan anpil ane, jiskaske moun sispann fache akoz sa l te fè a oswa jiskaske sa l te fè a pa gen efè sou repitasyon l ankò. Anvan yo bay mesye a kèlkeswa privilèj la, ansyen yo ta dwe reflechi sou sitiyasyon premye madanm nan, ki ka santi mesye a te trayi l, ak sou sitiyasyon timoun minè, petèt li te abandone. — Mal. 2:14-16.

Piske lè yon moun divòse epi l remarye san se pa pou rezon Bib la bay la se yon bagay ki grav, kretyen yo ap montre yo saj lè yo konsidere maryaj menm jan ak Jewova, sa vle di kòm yon bagay ki sakre. — Ekl. 5:4, 5; Ebre 13:4.

^ Pou pi senp, n ap konsidere se mari a ki fè adiltè epi madanm nan inosan. Sepandan, selon Mak 10:11, 12, Jezi te fè konnen byen klè konsèy li bay la valab ni pou gason ni pou fi.

^ Sa a se yon ajisteman sou fason nou te konprann yon maryaj konsa t ap yon maryaj adiltè jiskaske madanm nan ki inosan ta mouri, oswa l ta remarye oubyen l ta fè imoralite seksyèl.