Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo te bay ti chen m yo bonbon

Yo te bay ti chen m yo bonbon

MEN sa Nick k ap viv nan Oregon, Ozetazini, ekri: “Nan prentan ane 2014, mwen t ap fè yon ti pwomnad ak de ti chen m yo nan vil kote m t ap viv la. Temwen yo te abitye vin anba lavil la, yo te konn kanpe bò kot charyo ki gen piblikasyon yo genyen yo. Yo te byen abiye, e yo te konn souri bay tout moun k ap pase.

“Temwen yo pa t janti ak moun sèlman, men yo te janti ak chen m yo tou. Yon jou, yon Temwen ki rele Elaine, ki te kanpe toupre charyo a, te bay ti chen m yo kèk bonbon. Apre sa, depi m ap pase bò kot charyo a, ti chen m yo te konn vle al chèche bonbon.

“Pandan plizyè mwa, chen yo te kontan jwenn bonbon, e m te kontan fè ti pale tou kout ak Temwen yo. Men, mwen pa t vle nan twòp zanmitay ak yo. Mwen te gen plis pase 70 an, e m pa t vrèman konnen nan ki sa Temwen yo kwè. Piske m pa t satisfè ak legliz potestan yo, m te panse l te pi bon pou m etidye Labib poukont mwen.

“Pandan epòk sa a, m te wè lòt Temwen divès kote nan vil la ki te kanpe bò kot charyo piblikasyon yo. Yo menm tou, yo te toujou janti. Yo te toujou sèvi ak Bib la pou yo reponn kesyon m te poze yo, e sa te vin fè m fè yo plis konfyans toujou.

“Yon jou, Elaine te mande m: ‘Èske w kwè bèt yo se yon kado Bondye ban nou?’ Mwen te reponn: ‘Wi, mwen kwè sa!’ Annapre, Elaine te li Ezayi 11:6-9 avè m. Depi lè sa a, mwen te vle konn plis bagay sou Bib la, byenke m te toujou renka pou m aksepte piblikasyon yo.

“Nan jou ki te vin annapre yo, mwen te kontan gen konvèsasyon tou kout, men ki vrèman enteresan, ansanm ak Elaine ak Brent, mari l. Yo te ankouraje m li liv Matye a rive nan liv Travay la pou m te ka konprann ki sa imite Kris vle di. Mwen te fè sa vre. E yon ti tan annapre, mwen te aksepte fè yon etid Labib ansanm ak Brent ak Elaine. Se te ann ete 2016.

“Mwen te toujou kontan fè etid mwen chak semèn e m te renmen asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan. Mwen te santi Jewova beni m e m te kontan aprann sa Bib la di toutbon. Yon tikras plis pase ennan annapre, mwen te vin yon Temwen ki batize. Kounye a, mwen gen 79 an, mwen konnen mwen nan bon chemen an. Jewova beni m lefètke l aksepte m fè pati fanmi l ki gen sèvitè l yo ki vwe l lavi yo.”